Koul Cho l Kwit Media

Koul Cho l Kwit Media "Koul Cho l Kwit Media" se yon paj kote wap jwenn nouvèl cho, istwa enspire, ak kontni kiltirèl ki kenbe w konekte ak reyalite lavi chak jou.

Nou la pou enfòme, edike, ak amize! Swiv nou pou rete toujou sou ritm nouvèl la.

Pa neglije privel
01/04/2025

Pa neglije privel

📢 *JH-TECH&CO* AP prezante yon gwo fòmasyon sou kreyasyon *kat Wise* ! 📢

Ou vle fè peman entènasyonal fasil, rapid, epi ak ti frè ? Kat *Wise* se solisyon pafè pou ou ! Vin aprann kijan pou w kreye epi jere kat ou a pou w ka fè tranzaksyon san pwoblèm, kote w vle, lè w vle.

📅 Dat : 20 avril 2025
📍 Lokal : Stop Ma Resto, Saint-Marc(google meet)
⏰ Lè : 9h AM
💰 Pri : 2000 goud

Poukisa pou w patisipe ?
✅ Fè achte ak retrè lajan entènasyonal san gwo frè
✅ Jwi yon to chanjman reyèl san okenn frè kache
✅ Jere lajan w san danje ak fasilite

Kisa w ap aprann ?
✔️ Kreyasyon ak aktivasyon kat Wise ou
✔️ Ki jan pou w itilize l byen pou tout tranzaksyon ou yo
✔️ Konsey pou w fè peman sekirize epi pwofite tout avantaj yo

*📞 Rezève plas ou depi kounye a !*
*👉 +509 36 16 4080

JH-TECH&CO – Teknoloji pou lavi w pi fasil !
JODEN TECH & CO Carlos St Fleur Tektek Pollyx Paul Jodenson Alerte Don JoJo peyi a

25 Janvye 202325 Janvye 2025Jodia fè 2 lane, depi kriminèl san manman savien yo te asasinen 6 polisye, imilye kò yo, e l...
25/01/2025

25 Janvye 2023
25 Janvye 2025

Jodia fè 2 lane, depi kriminèl san manman savien yo te asasinen 6 polisye, imilye kò yo, e lèse kò yo pou chien manje.

Temwanyaj moun kriminèl yo te kidnape nan epòk la te konsa : polisye ki te mouri yo, se nan lari savien bandi yo te kite yo, pou chien manje.

2 lane aprè, Jonas, Luckson, Noutwòp, Dèdè, Dinozò, mazo, Dieulhomme, alman kontinye ap viv, kriminèl sa yo kontinye ap kidnape, vyole, boule, tòtire malere ak malerèz anba je tout otorite nan latibonit ak leta.

2 lane aprè polisye sa yo ki te pitit, madanm, frè, sè, papa ak ti fanmi ki te sou kont yo nan gwo kalmi, Leta pa menm mande sa moun sa yo pot pou vannn.

2 lane aprè, nou konstate pa gen kenn volonte bò kote leta pou kraze gang nan, pwobleman kap desèvi leta. Malgre efò PNH la komisè Senmak la ak fòs miltinasyonal la.

2 lane aprè, kriminèl savien yo kontinye ap renye nan depatman an mèt, yo gen fanmi, yo gen alye, yo gen ti zanmi.

2 lane aprè, moun latibonit kontinye ap viv ak gwo kè kase chak jou, strès fin pote tout moun ale nan depatman an, menm manje moun latibonit paka fè.

2 lane aprè, bandi savien fè masak Ponsonde, li fè masak kafoupèy, li fè masak Lyankou, li fè masak tirivyè, li fè masak kawo.

KI SA LESLIE VOLTAIRE AK PM ALIX FILS-AIMÉ AP TANN POU KRAZE GANG NAN ?

Primature de la République d'Haïti Police Nationale d'Haiti - PNH

📌Se responsab U.S. Immigration and Customs Enforcement (ICE), ki bay chif sa a, aswè jedi 23 janvye 2025 lan. Operasyon ...
24/01/2025

📌Se responsab U.S. Immigration and Customs Enforcement (ICE), ki bay chif sa a, aswè jedi 23 janvye 2025 lan. Operasyon sa yo mennen nan zòn New York, Boston, California, Miami, Denver, Washington… pou n site sa yo sèlman. Pami migran ki jwenn arestasyon yo, genyen ki soti Salvadò, Kolonbi, Jamayik, Ayiti, Venezuela elatriye… Ayisyen yo arete a ki te an kòlè, te joure Prezidan Trump, epi felisite Biden ak Obama. Nan yon repòraj Fox News ,
migran Ayisyen sa ke non li rete enkoni, fè konnen li pap tounen an Ayiti. Daprè sa responsab yo presize, migran sa yo te gen pase kriminèl, pa egzanp nan kesyon agresyon seksyèl, vyolans domestik, dwòg ak zam | ICE, ABC7
Crédit Luckson Saint-Vil Journaliste

📌Se jij federal John Coughenour ki òdone pou bloke « tanporèman », dekrè Prezidan Donald Trump te pran depi nan premye j...
23/01/2025

📌Se jij federal John Coughenour ki òdone pou bloke « tanporèman », dekrè Prezidan Donald Trump te pran depi nan premye jou envestiti li, ki te anpeche yon paran ilegal gen yon pitit ki fèt tou ameriken. Jij la pran desizyon sa, jedi 23 janvye 2025 lan, nan kad yon seyans odisyon agiman 3 Eta Demokrat ki te atake dekrè a. Jij Coughenour ki syeje nan yon tribinal nan Seattle,🇺🇸e ki te nome depi sou Prezidan Ronald Reagan, mande pou gouvènman federal la kanpe sou aplikasyon dekrè sa a pandan 14 pwochen jou kap vini yo. Administrasyon Trump lan dwe kanpe sou li, annatandan gen lòt enfòmasyon ki bay nan kad kontestasyon jidisyè sa a. « Mwen se yon jij depi plis pase 40 lane. Mwen pa sonje gen yon dosye kote kesyon an te poze klè konsa », se sa Jij la di. John Coughenour ap mande tèt li : « kote avoka ki nan ekip Trump yo te ye, lè li tap siyen dekrè sa a. Li di li sezi tande gen avoka ki pretann ke dekrè sa konstitisyonèl » | CNN

30/12/2024

Hmmm
19/12/2024

Hmmm

17/12/2024
Pwoblm pap fini
15/12/2024

Pwoblm pap fini

14/12/2024

Dimanche Enchanté : Les tickets sont là au prix de 500 G !
Réservez votre place dès maintenant pour un dimanche exceptionnel ! 🎶✨

📍 Points de vente :
- Brandy Hôtel Cité Bertin
- Millennium Bar Resto Fleurençeau
- The SPOT BAR Route de Pivert
Ou appelez aux 📞 4048 6464/ 3901 2267

Dépêchez-vous, les places sont limitées !

🚨Dieuné Day ki te nan mawon pou koze zam anba kòd, ansyen responsab legliz Sur le Rocher a, jwenn arestasyon li nan Repi...
14/12/2024

🚨Dieuné Day ki te nan mawon pou koze zam anba kòd, ansyen responsab legliz Sur le Rocher a, jwenn arestasyon li nan Repiblik Dominikèn pou swadizan enplikasyon li nan dosye kagezon zam ak minisyon ki te destine pou Ayiti sou non Legliz Episkopal la.

Selon enfòmasyon ki te sikile, se pastè Dieuné Day ansanm ak Rémy Lindor ki ta prepare kontenè a, ki te chaje ak zam ak minisyon, pou voye Ayiti sou non Legliz Episkopal.

Dieuné Day te genyen avi rechèch Lapolis, e jedi ki sot pase a, otorite dominikèn yo remèt li bay lapolis ayisyen.

Majistra Martel Jean Claude te deja pase yon òdonans pou voye Dieuné Day devan tribinal kriminèl pou reponn akizasyon ki fèt kont li yo.🚨

Adresse

Saint-Marc
HT4310

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Koul Cho l Kwit Media publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager