21/03/2026
Pou 6èm edisyon li, Festival Mozayik la ap retounen nan ri Bonè, nan vil Sen Mak… Epi pou yon 2èm fwa, nou pote pou ou Mayo Espesyal Edisyon sila 🔥
Se pa yon mayo sèlman… se yon senbòl.
Se yon fason pou w sipòte festival la pandan w ap pote yon estil ki gen sans.
Gade l byen… se pa jis yon mayo, se yon vrè chedèv!
Yon eksplozyon koulè ak chalè k ap raple nou ke:
- lespwa pa janm fini, toutotan gen lavi!
- Pri a toujou menm: 3,000 goud oswa 25 USD
Ou ka fè depo sou MonCash oswa NatCash (gade flyer a),
oswa kontakte yon manm ekip la pou peye pa bank.
Pa mize nan wout pou w pran pa w la paske estòk la limite!
Mete koulè, pote lespwa, viv eksperyans lan!
Mozayik ap simaye lespwa
NisaClub ap kontinye pataje eksperyans la.
-marc