Chaise de Vérité

Chaise de Vérité Chaise de Vérité est là pour vous informer et former n'importe où vous êtes.

17/09/2026

🤣Kisaw konprann de granmoun nan? 😅🤣


゚
Nou se Chaise de Vérité

CEP HAITI 🇭🇹 CEP bay yon dele adisyonel pou enskripsyon kandida yo. Enskripsyon an ap fini 9 octobre 2026.        ゚     ...
17/09/2026

CEP HAITI 🇭🇹
CEP bay yon dele adisyonel pou enskripsyon kandida yo. Enskripsyon an ap fini 9 octobre 2026.


゚
Nou se Chaise de Vérité

14/09/2026

Message à la nation !


゚
Nou se Chaise de Vérité

Moun yo pa rive idantifye koupe tèt Pastè Kerson Caseau [Armée Céleste] nan Bois Girard, Pòsali anndan Tanp Ame Selès.Li...
14/09/2026

Moun yo pa rive idantifye koupe tèt Pastè Kerson Caseau [Armée Céleste] nan Bois Girard, Pòsali anndan Tanp Ame Selès.

Li gen ti non ki rele Sonsonn.


゚
Nou se Chaise de Vérité

CEP ranvwaye fòmasyon fòmatè elektoral yoDireksyon Fòmasyon Elektoral (DFE) nan Konsèy Elektoral Pwovizwa (CEP) anonse r...
13/09/2026

CEP ranvwaye fòmasyon fòmatè elektoral yo
Direksyon Fòmasyon Elektoral (DFE) nan Konsèy Elektoral Pwovizwa (CEP) anonse ranvwa fòmasyon fòmatè elektoral yo, ki te pwograme okòmansman soti 14 septanm rive 9 oktòb 2026.
Dapre yon memorandòm DFE a pibliye 9 septanm 2026, ranvwa a fèt pou rezon ki endepandan de volonte enstitisyon an. Desizyon an konsène tout dispozisyon ki te deja pran pou preparasyon ak realizasyon fòmasyon an, tankou patisipan yo, patnè yo ak founisè sèvis yo.
CEP la presize nouvo dat fòmasyon an poko fikse. Li pral kominike nouvo kalandriye a dèske tout dispozisyon nesesè yo fin pran.




゚
Nou se Chaise de Vérité

CEP HAITI 🇭🇹 DÉPÔT DES PIÈCES ET DÉCLARATION DE CANDIDATURE AUX BED ET AUX BEC DU 13 AU 22 SEPTEMBRE 2026.        ゚     ...
13/09/2026

CEP HAITI 🇭🇹
DÉPÔT DES PIÈCES ET DÉCLARATION DE CANDIDATURE AUX BED ET AUX BEC DU 13 AU 22 SEPTEMBRE 2026.


゚
Nou se Chaise de Vérité

Ayiti-Ensekirite : Yo jwenn Willard Vancol mouri, prèske twa semèn apre yo te kidnape l nan Ti Boukan.Dapre enfòmasyon k...
10/09/2026

Ayiti-Ensekirite :
Yo jwenn Willard Vancol mouri, prèske twa semèn apre yo te kidnape l nan Ti Boukan.

Dapre enfòmasyon ki te deja pibliye sou dosye a, Willard Vancol te kowòdonatè Sant Fòmasyon Enstiti Teknoloji ak Animasyon (ITECA) nan Ti Boukan epi li te direktè Radyo Kominotè Ti Boukan FM, 96.3, nan Gresye.

Li te disparèt apre yon gwoup ame te atake sant ITECA a nan dat 20 out 2026. Pandan atak la, yon lòt anplwaye te blese. Fanmi li, ITECA, SAKS ak òganizasyon dwa moun yo te pandan plizyè semèn ap mande otorite yo fè limyè sou sa ki te rive li. an .
Sous : Haïti 🇭🇹 info plus


゚
Nou se Chaise de Vérité

09/09/2026

Daprè enfòmasyon ki disponib, Bandi kidnappé Mèt Caleb Jean-Baptiste e ta sanble Direktris Jeneral ONAPE la, Stéphanie Paultre ak 2 polisye ta rive kidnape tou nan Gros-Morne depatman Latibonit.

Selon fanmi viktim yo, moun ki ta kidnape yo deja pran kontak avèk yo e yo ta mande ranson pou liberasyon yo. Yo rapòte ke zak la ta fèt pa bandi ame yo idantifye kòm manm gang Kokorat San Ras.

Lanmò 100jou made tèt Avoka Caleb Jean Baptiste aprè Bandi fin kidnappé avoka a.


゚
Nou se Chaise de Vérité

Jérôme Erhson alyas Job, kise frè Kazèk Renoit Jerome, anplwaye konpayi  natcom, moun kòporan Mibalè mouri akoz yon lora...
08/09/2026

Jérôme Erhson alyas Job, kise frè Kazèk Renoit Jerome, anplwaye konpayi natcom, moun kòporan Mibalè mouri akoz yon loray ta tonbe sou li nan depatman nò nan komin plezans Jodi lendi 7 septanm 2026 la nan aprèmidi. Yon nouvèl ki fè fanmi, zanmi ak tout kominote a triste.
Nap raplew, yèswa 6 septan nan yon loray tiye 2 moun nan lokalite palma sou seksyon dèbay sou dufayi nan komin boukan kare.


゚
Nou se Chaise de Vérité

Selon Papa Sonson, se pa Frè Luckson ki mete Sonson nan gang. Sonson te renmen lari depi pi lontan, anvan li te rankontr...
08/09/2026

Selon Papa Sonson, se pa Frè Luckson ki mete Sonson nan gang. Sonson te renmen lari depi pi lontan, anvan li te rankontre Frè Luckson.

Papa Sonson di li te gen anpil espwa nan pitit gason li, paske li te kwè se Sonson ki t ap kapab ede l soti nan mizè.

Pandan yon jounalis t ap fè entèvyou avè l, li te mande Papa Sonson ki aktivite li fè pou l viv. Papa a reponn:

« Se mòtye mwen bwase pou moun koule beton mwen fè. Men, gen lè mwen konn fè nenpòt 2 mwa san jwenn travay. Se sa mwen te konn fè, se ladan m oblije jere tèt mwen. »

Papa Sonson rakonte se depi avan madanm li mouri, Sonson, ki se pitit gason li, te gentan renmen lari. Men, li presize li pa t konn maltrete Sonson ni fè l okenn move bagay.

Dapre Papa a, Sonson te konn ap mache nan tout lari a. Pafwa, li te konn pase yon semèn oswa menm yon mwa san papa l konnen ki kote li ye. Se konsa Sonson te fini pa tonbe Pòtoprens, kote li te rankontre Frè Luckson. Se nan moman sa a li te antre nan fondasyon an.

Papa Sonson rakonte yon jou, pandan Sonson te deja nan men Frè Luckson, li te sove pou l vin wè papa l.

Papa a di li te mande l:

« Kòman ou fè kite fondasyon an pandan ou konnen kote ou soti, epi kounya ou wè kote ou prale? Ou wè ran sosyal ou pou sove vin wè m? »

Pandan li t ap pale ak Sonson, yon manm fondasyon an te vin chèche l. Moun nan te rele Frè Luckson pou l di l:

« Mwen wè Sonson kay papa l. »

Papa Sonson di li te oblije fè pitit li ale, paske li pa t kapab rete lakay li. Li fè konnen, nan epòk sa a, Sonson te gen yon sèl ki te akonpanye l tou. Men, nan Vagabon Sonson sè a te mouri laplèn pouli.

Papa a kontinye rakonte istwa li, li di li gen 4 pitit. Lè li te wè Sonson, li te gen yon gwo jwa nan kè l, paske li te wè pitit li a te gen yon pòt ki te ouvri devan li e li te panse lavi Sonson t ap byen pase.

Li ajoute Frè Luckson te byen akeyi l anpil. Pandan Sonson te nan fondasyon an, Papa a di li pa t konn pale ak pitit li souvan, men chak fwa Sonson te wè l, yo te konn pale.

Dapre Papa Sonson, pitit li te fè l anpil bèl pwomès. Li te menm fè l pale ak manman adoptif li epi li te di papa l:

« Papa, ou pa ka rete nan eta sa ou ye la. Mwen gen pou m soti. Depi m rive lòt bò, ou mèt mete espwa, m ap leve w atè a. »

Men, Sonson te kite fondasyon an san li pa janm di papa l rezon ki fè li te pran desizyon sa a. Papa a di li menm tou, li pa t janm mande l poukisa.

Apre Sonson te kite fondasyon an, li te jwenn yon kay pou li rete. Apre sa, Sonson te di papa l li t ap antre Pòtoprens pou l al pran paspò li nan men Frè Luckson, paske li te di l li t ap prale Brezil.

Men, dapre Papa Sonson, se yon lòt nouvèl li te vin aprann: Sonson antre nan gang.

Papa a di nouvèl sa a te kraze tout espwa li, sitou paske li te konnen Frè Luckson te konn byen ede Sonson.

« Tout espwa m fini apre nouvèl sa. Paske Frè Luckson te ap byen ede Sonson. Espwa m fini nèt, mezanmi! »


゚
Nou se Chaise de Vérité

Adresse

Jn Jacques Dessalines
Saut D'Eau De Ville Bonheur

Téléphone

+50944398089

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Chaise de Vérité publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Chaise de Vérité:

Raccourcis

Partager