Florince Fragile

Florince Fragile Sur cette page vous trouverez des informations utiles. Et que, vous serez tous satisfaits

21/11/2025

*An nou li*

Rezo sosyal yo revele kijan ayisyen renmen pale anpil pou gran mèsi e an menm tan kijan yo rayi liv ak lekti. Alèkile, w do konprann ki kote mòd rezónman devan dèyè avèk kalite pawòl tèt anba ayisyen ap eksprime yo jwenn rasin.

Ki kote pou yon moun ki pa p li jwenn konesans apwofondi pou kominike? Kijan pou yon moun ki pa p konfwonte sa sèvèl li ap pwodwi ak sa ki te di avan rive grandi epi fè lòt moun grandi?

Ekri yon fraz ak 5 mo ki gen karaktè zen, lage l sou yon gwoup whatsapp oswa sou yon paj facebook, ayisyen ap fè omwen 5 jou ap brase zen sou 5 mo sa yo. Ekri yon tèz 5 paragraf ki gen karaktè syantifik ki pote limyè sou yon reyalite sosyolojik ki kapab gide sosyete a sou wout pwogrè pandan 50 ane, ayisyen pa p li 5 liy ladan l.

Men atansyon, afè rayi li sa a se nan san ak nan kilti ayisyen li ye wi.

Pa bliye ayisyen pase anviwon 300 zan nan chèn esklavaj. Nan _kòd nwa_ ki te reglemante fonksyonman koloni esklavajis kote ayisyen te anchennen an, Sen Domeng, regleman sa yo te entèdi esklav yo aprann li.

Kolon ewopeyen yo ki te mèt sistèm esklavajis la te konnen se nan liv sekrè tout transfòmasyon sosyal kache, yo te pran prekosyon pou pa t kite esklav yo konn li, pou yo pa t janm dekouvri sekrè ki pou ta pèmèt yo rive kase chèn esklavaj la.

Esklav yo nan Sen Domeng te swaf libète, yo te gen kouraj pou batay, yo te pare pou fè tout kalite sakrifis pou yo te sòti tèt yo nan chèn esklavaj, men yo te oblije jwenn yon Toussaint Louverture, yon Jean Jacques Dessalines, yon Henry Christophe ki te aprann li, menm si se te byen ta nan lavi yo, pou te planifye epi mennen revolisyon esklav Sen Domeng yo epi kreye premye nasyon nèg lib e endepandan sou planèt la.

Kout flach istorik sa montre vreman vre ke se avèk lide mond lan bati e se lide ki mennen mond lan.

Se domaj, malgre ayisyen jodi a jwenn libète, sa ki pèmèt yo aprann li, yo aprann li se vre, men yo rete rayi liv, yo rete rayi li. Se malediksyon sa a ki lakoz jis jounen jodi a, apre plis pase 221 ane depi Ayiti endepandan, e malgre tout richès peyi a ak tout potansyalite pèp la, li rete nan rann peyi ki pi pòv, pi soudevlope nan mond lan.

Nou rate tout gwo revolisyon ki fèt nan mond lan tankou revolisyon agrikòl la, revolisyon endistriyèl la; nou twouve nou nan mitan revolisyon teknolojik nan lè enfòmatok la ki ofri lemond nan pla men tout moun k ap li, nou rayi li pi rèd.

Mw rekòmande tout ayisyen pou yo kiltive lanmou pou liv ak lekti. Se li k ap ouvè zye nou ak sèvo nou sou mond lan. Se li k ap kraze baryè ki anpeche nou gen aksè a sosyete modèn nan epi jwi privilèj devlopman ofri, bagay tout nasyon yo rekonèt jodi a antanke gwo nasyon ap jwi apre pil tan yo te pase ap debat avèk defi kontradiksyon sosyal, politik, kiltirèl, ekonomik e istorik, men gras ak konesans yo jwenn nan liv yo rive leve

An nou li mezanmi

*Sem Lapaix*
POU YON LÒT AYITI
POU YON LÒT LASKAWOBAS

Laskawobas 20 novanb 2025

19/08/2025

Si w ta febli nan moman detrès yo, fòs ou panse ou te genyen an se feblès li ye. Soyez serein

18/08/2025

Le médecin SAUVE la vie du patient
L'enseignant CHANGE la vie de l'élève.
D'où la différence entre un MÉDECIN et un ENSEIGNANT

Adresse

Calvaire
Savanette

Téléphone

+50932877127

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Florince Fragile publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Florince Fragile:

Partager