Radio Télé Excellence

Radio Télé Excellence Radio Télé Excellence C'est la voie du salut par la prédication!!
(5)

Banm mande nou sa moun ki konen a banm tikal limyè souple.Eske sevre si yon pastè te bay yon fidèl yon sanksyon epi fidè...
19/10/2025

Banm mande nou sa moun ki konen a banm tikal limyè souple.
Eske sevre si yon pastè te bay yon fidèl yon sanksyon epi fidèl la mouri san pastè a potko leve sanksyon an se nan lanfè moun nan prale vre? Paske sesam tande gen nèg ki di.

sofke si bagay la ta konsa vre pouvwa sa tap twòp e anpil nèg tap voye fidèl yo gen pwoblèm pèsonèl avèk yo nan lanfè atravè yon vye sanksyon politik.

plizyè moun ap fèm lalwa sou nèt la poum pa pale de ladim men Jean Berthony pi mal. mesye mw bay nou vag 2ja mw pap kraz...
18/10/2025

plizyè moun ap fèm lalwa sou nèt la poum pa pale de ladim men Jean Berthony pi mal. mesye mw bay nou vag 2ja mw pap kraze biznis nou.

Tout légliz ou wè yo fete fèt mwason nan yo ,Mande pastè a pouki pami 7 fèt jwif yo tekonn fete chak ane se sèl fèt mwas...
17/10/2025

Tout légliz ou wè yo fete fèt mwason nan yo ,Mande pastè a pouki pami 7 fèt jwif yo tekonn fete chak ane se sèl fèt mwason an yo kenbe yo fete yo menm yo pajanm fete lòt 6 yo paske sise bib yo tap aplike yo tadwe fete lòt 6 yo tou?

2- Mande pastè a poul baw yon vèsè nan nouvo testaman kote yo tekonn fete fèt mwason?
Epi atansyon veye lis vèsè sa yo depi se yonn nan yo yo rale se fab li pagen Kontèks sa: Matye 9v37-38 ; Matye Matye 13v 30epi 39; Lik 10v2, Jan 4 v35, apokalips 14v15.
Paske fèt mwason se yonn nan pami 7 fèt jwif yo tekonn fete chak ane li pa pou nou.
Epi si yo bat ou oubyen yo metew deyò mwen pa responsab non souple sepa pwoblèm mwen gen ak pèsonn men fòk nèg yo fè bagay yo byen sepou yo bay pèp la verite a janl ye a.

Édité par Fr Wilson Excellent PDG de la Radio Télé Excellence

Mèsi a chak moun ki toujou rete akwoche ak Radio Télé Excellence nan yon titan rekò nou gen plis pase 2 milyon moun ki l...
17/10/2025

Mèsi a chak moun ki toujou rete akwoche ak Radio Télé Excellence nan yon titan rekò nou gen plis pase 2 milyon moun ki li pòs nou yo e chak pòs nou fè pi piti 100 mil moun gadel

16/10/2025

Mwen ta mete dosye ladim nan klè nèt pou pèp la wi menm pap fè sa paske pastè yo se patnèm yo tout ye menmsi genyen ki rayim tou.

Bon sam pral di la mwen pap dil pou moun ki konen deja men map ede moun ki konsyan yo pa konen pou yo pafè erè sa yo ank...
15/10/2025

Bon sam pral di la mwen pap dil pou moun ki konen deja men map ede moun ki konsyan yo pa konen pou yo pafè erè sa yo ankò kika koz yo mal wè yo nan yon gwo seremoni relijye sitou.
Kisa bagay la ye?

Nou tout konen e nou wèl tou depi nou piti yo di nou bib la gen 66 liv sa se de manyè jeneral li ye men eskew te konen teyolojikman siw fòme se pasa bagay lan ye? Banm eksplikew, gen diferans ant liv e epit sa se pou bib, menm jan tout moun kite fè kou sa nan inivèsite kise; (OTI = Organisation de travail intellectuel) konen byen gen diferans ant yon liv e yon feyè depi nan preparasyon an yo pa fet menmjan . Brèf ann tounen
An reyalite bib la genyen 39 liv epi 27 epit ladanl e nouvo testaman genyen 6 liv ladanl aprè sa tout rès yo se epit yo ye. Poukisa? Paske epit yo adrese direkteman ak yon goup moun oubyen yon moun spesyal sesak fè gen sa yo rele epit pastoral e epit jeneral.

Men danje a siw pa konen sa ou ka parèt lèd lèw ap fè yon lekti pa egzanp :
Moun nan pran yon bib lidi: ouvrez vos bibles avec moi dans le livre d'1 corinthiens chapitre 3. non frèm korentyen pa liv lise yon epit el fè pati 13 epit apot pòl ekri yo ke nou rele epit polinyèn lesa moun ki konen ap mal wew

Men sak bon an: ouvrez vos bibles avec moi dans la première épître de Paul aux corinthiens chapitre 3.
Ex 2 :ouvrez vos bibles avec moi dans l'épître aux Ephesiens chapitre 8.
Ex 3: ouvrez vos bibles avec moi dans la deuxième épître de Paul à son enfant Timothée chapitre 1.
NB: 6 liv kigen nan nouvo testaman yo se: Matye,Mak,lik,Jan, Actes des apôtres puis Apokalips.
Epi atansyon ak moun kap vin fè divèsyon yo nou konn sak pare pou nou deja tout fwa si yon moun gen yon ide kontrè vini ak agiman pwouvel nou pagen pwoblèm ak sa.

Édité par Fr Wilson Excellent PDG de la Radio Télé Excellence.

Gen 2 mesye sa yo kise; Robertho Ernoff Dubuisson epi Gadimyr Michel kidi mwen pakonn li paskem nan pòs mwen tefè yè  ko...
15/10/2025

Gen 2 mesye sa yo kise; Robertho Ernoff Dubuisson epi Gadimyr Michel kidi mwen pakonn li paskem nan pòs mwen tefè yè konsènan 3 peryòd yo lem te rive nan peryòd entètestamantè a mwen tedi ki komanse nan Matye ki fini nan actes chapit 1 a epim tapral di siw pakonn sa lèw li nan lik 11v42 lik 18v12 kote farizyen yo te mansyone yo tekonn peye ladim wap twouble em tapral bay tèks sa kise Matye 23v23 kote Jezi tedi farizyen yo nou di nou peye tout kalite dim epil site yo men poutan nou inyore sa kipi enpòtan nan lalwa kise la jitis .
2 mesye sa yo al fè lojik yo di mw pakon li jezi di pi enpòtan pavle di lòt la pat dwe fèt konsènan ladim nan li pat di yo pa peye dim se paskem pakonn li kifèm disa konsa.

Map di nou mesye mwen pap di nou pakon li jan nou dil pou mwen an non men map di nou mal chwazi ang nou an lèm pale de chwazi ang lan si'n pafè kominikasyon nou pap konprann.
Men sa poun konprann nan vèsè sa ou dwe mete aksan sou mo lalwa jezi mansyone a savledi jezi tou di farizyen yo kesyon ladim nap pale la se bagay lalwa malgre se nan lik 11v42, lik 18v12 pawòl sa te repete . Ou wè lidi farizyen yo yo di yo peye ladim poutan sak pi enpòtan nan lalwa kise lajistis yo inyorel savle di sou tan lagras pat janm gen afè dim se bay ak liberalite li ye selon 2 korentyen 9v6-8 epi tou dim pat janm lajan.

Mwen klè ak tout moun depi yon moun se divèsyon lap vin fè anba pòs mwen map blokel mwen pa di pou tout moun dakò ak sam...
14/10/2025

Mwen klè ak tout moun depi yon moun se divèsyon lap vin fè anba pòs mwen map blokel mwen pa di pou tout moun dakò ak sam di paskem pakonn tout bagay men wap vini ak agiman ki fonde. lèm pale de divèsyon se yon moun li selman wè yon bagay li tonbe pale sanl pa konen ni pyel ni tèt li ,konn gen moun menm vèsè ou bay nan pòs la li pa menm al li poul wè saw ap pale a epil tonbe pale.

Map fè Yon travay ki nòb se pa ni poum popilè ni poum fè vyouz men se poum pataje nan tikal kem konen.
Pandan anpil moun ap fè divèsyon se mwen kipou di yon moun mezi moun map ede atravè pòs mwen yo kit ayiti kit aletranje kem pa menm konen anpil fwa ki privem poum ede yo plis.
Map redil ankò tout moun kap vin fè divèsyon map bloke tout se pandanm pagen pwoblèm sim fè Yon flay poun korije sa ansanm mèsi tout moun

Mesye bib la pa fasil ditou vre non ann gade 2 vèsè sa yo kise, lik 11v42, lik 18v12  kote farizyen yo te mansyone yo te...
13/10/2025

Mesye bib la pa fasil ditou vre non ann gade 2 vèsè sa yo kise, lik 11v42, lik 18v12 kote farizyen yo te mansyone yo tekonn peye dim.
Gen yon yon bagay siw pa konenl wap voye monte ew ka menm fè fo diskisyon pouw defann endefandab e seli nou pral gade ansanm la kise" les trois (3) grande périodes de la bible" attention je ne dis pas les (3) trois temps biblique ne soyez pas les confondre.

1- vétérotestamentaire: ki relatif ak ansyen testaman se yon tèm teyolojik e istorik ou itilize lèw ap pale de premye pati bib la ki komanse nan jenèz ki fini nan Malachi.

2- Periode inter testamentaire: se yon peryòd ki twouvel ant vetewotestamantè ke nou rele ansyen testaman e néo testamentaire ke nou rele nouvo testaman. de Matye pou rive nan actes chapit 1 ou nan peryòd entètestamantè savledi kotew wè nan lik la farizyen yo te peye dim nan yo te nan peryòd entètestamantè malgre sa ki pat janm lajan men sete fwi yo te relkolte nan jaden yo ak bèt yo te genyen wap jwenn li klè nan Matye 23v23.
Mwen vle raple pou tout moun pagen kote nan nouvo testaman yo tekonn peye dim siw kwèm manti al li Matye 23v23 wap wè kote Jezi tedi farizyen yo yo peye dim yo fè tout bagay men yo kite sak plis enpòtan nan lalwa kise la jitis savle di lè nèg yo tap peye dim nan sete sou tan lalwa lite ye nou potko sou tan la gras.
E mwen kwè tout moun konen deja jezi te grandi sou tan lalwa sesak fèl tekonn peye taks ak enpo lagras pral komanse apati de lamò ak rezireksyon Jezi.

3- Néo testamentaire: ki relatif a nouvo testaman ki pral vrèman komanse nan actes chapit 2 pou fini nan apokalips.
3 peryòd sa yo trè enpòtan pou tout moun konen sitou moun kap anseye bib pouw pafè flay.
Yon lòt lè mwen dispoze ma bay 3 tan biblik yo. epi tout moun kap vin fè divèsyon map bloke tout anpil moun gen sa pou defo yo mèt pat konen yon bagay kouw dil yo tout vin di afè pa yo.

Édité par Fr Wilson Excellent PDG de la Radio Télé Excellence.

12/10/2025

Jodia mun facebook fèm travay anpil pou pi piti mwen bloke 500 moun pou lòd medya pam nan moun pavin di nenpòt bagay souli

11/10/2025

Mw gen pliske 300 mun mw pral bloke la pou sou mun nou pap janm wè anyen sou medya sa ankò

10/10/2025

Mw fè yon pòs poum repn yn tigoup mun mw wè gen anpil mun kap chante tout moun kifè vye komantè demen sdv map bloke nou tout.

Adresse

Tabarre

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Radio Télé Excellence publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager