Terrier Rouge en action

Terrier Rouge en action Terrier-Rouge en Action
Platfòm enfòmasyon lokal ki pote nouvèl, aktivite ak reyalite komin Terye Wouj devan piblik la. g

Nou bay vizibilite ak aksyon, inisyativ ak evènman ki make kominote a.

📢 Yon mesaj enpòtan pou kominote nou anPaj nou an pa la pou sipòte okenn kandida politik ni pou fè kanpay pou okenn moun...
21/08/2026

📢 Yon mesaj enpòtan pou kominote nou an

Paj nou an pa la pou sipòte okenn kandida politik ni pou fè kanpay pou okenn moun. Nou rete endepandan epi objektif nou se bay enfòmasyon, kreye dyalòg, epi ankouraje refleksyon sou sa ki enpòtan pou peyi a.

Nou pral pale sou tout sa ki bon, men nou pap fèmen je nou sou sa ki bezwen amelyore. Chak kandida ap gen opòtinite pou yo prezante vizyon yo, fòs yo, men tou nou pral analize feblès yo ak kestyon ki merite repons.

Objektif nou se ede sitwayen yo jwenn plis enfòmasyon pou yo ka fè pwòp analiz yo epi pran desizyon yo avèk plis konsyans.

Nou pa la pou pran plas pèsonn pou chwazi, nou la pou ankouraje moun reflechi epi chwazi ak konesans. 🇭🇹

Nou deside sipòte antrepriz yo atravè vizibilite!Nou kwè chak jèn antrepriz merite yon chans pou fè plis moun konnen sa ...
20/08/2026

Nou deside sipòte antrepriz yo atravè vizibilite!

Nou kwè chak jèn antrepriz merite yon chans pou fè plis moun konnen sa li ofri. Se poutèt sa paj nou an pran angajman pou mete biznis yo an limyè, pou ede yo rive jwenn plis kliyan epi grandi.

Jodi a, n ap prezante Orlando Atelie D'art , yon antrepriz, ki ap travay ak pasyon pou bay bon jan sèvis ak bon kalite pwodwi.

Enpòtan: Antrepriz sa a pa peye nou pou pwomosyon sa a. Se yon inisyativ nou pran pou ankouraje jèn antreprenè yo, ede yo jwenn plis vizibilite, epi montre talan ak efò yo bay kominote a.

Si w renmen sa yo ofri, pa ezite suiv paj yo, pataje piblikasyon sa a, epi ankouraje yon jèn antreprenè jodi a.

Lè nou sipòte youn, se tout kominote a k ap grandi.

Kòman pou Chwazi yon Bon Kandida?Chwazi yon bon kandida mande refleksyon ak bon jan enfòmasyon. Yon sitwayen pa ta dwe v...
19/08/2026

Kòman pou Chwazi yon Bon Kandida?

Chwazi yon bon kandida mande refleksyon ak bon jan enfòmasyon. Yon sitwayen pa ta dwe vote sèlman paske yon kandida popilè, fè anpil pwomès, oswa fè pati yon gwoup li renmen. Li enpòtan pou analize plizyè aspè anvan pran desizyon.

Yon bon kandida ta dwe:

- Gen bon karaktè ak entegrite.
- Gen yon vizyon klè pou devlopman peyi a.
- Prezante pwogram ki reyalis epi ki ka reyalize.
- Montre respè pou lwa, dwa moun, ak enstitisyon peyi a.
- Demontre konpetans ak kapasite pou dirije.
- Bay prèv li pare pou sèvi enterè popilasyon an, pa sèlman enterè pèsonèl li.

Li enpòtan tou pou verifye enfòmasyon yo, evite pran desizyon sou rimè oswa fo nouvèl, epi chèche konnen sa kandida a deja fè, pa sèlman sa li pwomèt.

Yon bon vòt se yon vòt ki fèt ak konsyans, apre refleksyon ak enfòmasyon serye. Lè chak sitwayen chwazi avèk responsabilite, sa ede bati yon demokrasi ki pi solid epi ogmante chans pou peyi a fè pwogrè.

Nou deside sipòte jèn antreprenè yo atravè vizibilite!Nou kwè chak jèn antrepriz merite yon chans pou fè plis moun konne...
18/08/2026

Nou deside sipòte jèn antreprenè yo atravè vizibilite!

Nou kwè chak jèn antrepriz merite yon chans pou fè plis moun konnen sa li ofri. Se poutèt sa paj nou an pran angajman pou mete biznis jèn yo an limyè, pou ede yo rive jwenn plis kliyan epi grandi.

Jodi a, n ap prezante Mayoue beauté , yon antrepriz, ki ap travay ak pasyon pou bay bon jan sèvis ak bon kalite pwodwi.

Enpòtan: Antrepriz sa a pa peye nou pou pwomosyon sa a. Se yon inisyativ nou pran pou ankouraje jèn antreprenè yo, ede yo jwenn plis vizibilite, epi montre talan ak efò yo bay kominote a.

Si w renmen sa yo ofri, pa ezite suiv paj yo, pataje piblikasyon sa a, epi ankouraje yon jèn antreprenè jodi a.

Lè nou sipòte youn, se tout kominote a k ap grandi.
Me nimewo yo 55200497

Poukisa Eleksyon Enpòtan nan yon Peyi?Eleksyon se youn nan pi gwo zouti demokrasi. Se moman kote sitwayen yo chwazi moun...
17/08/2026

Poukisa Eleksyon Enpòtan nan yon Peyi?

Eleksyon se youn nan pi gwo zouti demokrasi. Se moman kote sitwayen yo chwazi moun yo vle pou dirije peyi a, pran desizyon pou enterè tout moun, epi reprezante volonte pèp la.

Lè yon moun patisipe nan eleksyon, li sèvi ak dwa li kòm sitwayen pou enfliyanse avni peyi a. Chak vòt konte, paske se ansanm tout vòt yo ki detèmine direksyon yon nasyon pral pran.

Se poutèt sa li enpòtan pou tout moun ki gen dwa vote patisipe. Lè plis sitwayen vote, rezilta eleksyon an pi byen reflete volonte popilasyon an, epi sa ranfòse demokrasi a. Pa patisipe vle di kite lòt moun deside pou ou.

Anvan vote, li enpòtan pou chak sitwayen pran tan pou konnen pwogram, vizyon, ak kapasite kandida yo. Chwa ki fèt ak bon jan enfòmasyon se youn nan pi bon fason pou kontribye nan devlopman peyi a.

Yon eleksyon pa sèlman chwazi yon lidè; li se yon opòtinite pou chak sitwayen fè tande vwa li epi patisipe nan bati yon avni ki pi bon pou tout mo

Nou deside sipòte antrepriz yo atravè vizibilite!Nou kwè chak jèn antrepriz merite yon chans pou fè plis moun konnen sa ...
17/08/2026

Nou deside sipòte antrepriz yo atravè vizibilite!

Nou kwè chak jèn antrepriz merite yon chans pou fè plis moun konnen sa li ofri. Se poutèt sa paj nou an pran angajman pou mete biznis yo an limyè, pou ede yo rive jwenn plis kliyan epi grandi.

Jodi a, n ap prezante SABÉE Academy , yon antrepriz, ki ap travay ak pasyon pou bay bon jan sèvis ak bon kalite pwodwi.

Enpòtan: Antrepriz sa a pa peye nou pou pwomosyon sa a. Se yon inisyativ nou pran pou ankouraje jèn antreprenè yo, ede yo jwenn plis vizibilite, epi montre talan ak efò yo bay kominote a.

Si w renmen sa yo ofri, pa ezite suiv paj yo, pataje piblikasyon sa a, epi ankouraje yon jèn antreprenè jodi a.

Lè nou sipòte youn, se tout kominote a k ap grandi.

Plis pase 7,500 elektè deja enskri nan Nòdès, men patisipasyon an pa menm nan tout komin yoPrèske twa semèn apre lansman...
11/08/2026

Plis pase 7,500 elektè deja enskri nan Nòdès, men patisipasyon an pa menm nan tout komin yo
Prèske twa semèn apre lansman ofisyèl operasyon enskripsyon elektè yo nan Sant Enskripsyon ak Vòt (CIV), depatman Nòdès la deja anrejistre 7,575 sitwayen.
Chif sa yo, ki disponib jiska dat jodi a, montre pwosesis elektoral la ap avanse. Sepandan, patisipasyon an toujou fèb nan plizyè komin, sitou nan Wanament, ki konsidere kòm youn nan komin ki pi enpòtan nan depatman an.
📌 Enskripsyon elektè yo se yon etap enpòtan pou patisipasyon sitwayen yo nan pwosesis demokratik la.

Men nouvo pri pwodwi petwòl yo, apati lendi 10 out 2026.Gazolin: 700 goudGasoil (Dyezèl): 770 goudKewozèn (Gaz Blan): 76...
11/08/2026

Men nouvo pri pwodwi petwòl yo, apati lendi 10 out 2026.
Gazolin: 700 goud
Gasoil (Dyezèl): 770 goud
Kewozèn (Gaz Blan): 765 goud

10/08/2026

Men lis aspiran kandida pou pòs Senatè nan Depatman Nòdès la.

Yo nan pwosesis pou enskri nan BED Nòdès la, anvan CEP a fin valide kandidati yo epi rekonèt yo kòm kandida ofisyèl.

Rete branche pou tout enfòmasyon sou pwosesis elektoral la.

Nou deside sipòte antrepriz yo atravè vizibilite!Nou kwè chak jèn antrepriz merite yon chans pou fè plis moun konnen sa ...
10/08/2026

Nou deside sipòte antrepriz yo atravè vizibilite!

Nou kwè chak jèn antrepriz merite yon chans pou fè plis moun konnen sa li ofri. Se poutèt sa paj nou an pran angajman pou mete biznis yo an limyè, pou ede yo rive jwenn plis kliyan epi grandi.

Jodi a, n ap prezante Denicka Mart , yon antrepriz, ki ap travay ak pasyon pou bay bon jan sèvis ak bon kalite pwodwi.

Enpòtan: Antrepriz sa a pa peye nou pou pwomosyon sa a. Se yon inisyativ nou pran pou ankouraje jèn antreprenè yo, ede yo jwenn plis vizibilite, epi montre talan ak efò yo bay kominote a.

Si w renmen sa yo ofri, pa ezite suiv paj yo, pataje piblikasyon sa a, epi ankouraje yon jèn antreprenè jodi a.

Lè nou sipòte youn, se tout kominote a k ap grandi.

Adresse

Terrier Rouge

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Terrier Rouge en action publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager