02/12/2025
AWONDISMAN BÈLANS / KOMIN GRANGOZYE /AKTIVITE SOSYAL
Komin:Grangozye
Dat: 2 desanm 2025
Lokal: Sant polivalan Bodari
Restitisyon Plan AbE(Adaptasyon baze sou Ekosistèm) ak TDR(Tèm referans) gwoup kontenè :COCIREGG kominn grangozye.
Madi 2 desanm 2025 lan, ONG Agwo Aksyon Almand kap travay nan awondisman bèlans lan sou 3 komin nan depatman sidès la: Tyòt, Grangozye ak Ansapit, te reyalize yon prezantasyon plan AbE(Adaptasyon baze sou Ekosistèm) ak TDR(Tèm referans) COCIREGG, nan sant polivalan ki nan katye Bodari, komin Grangozye.
Pwojè a ki gen pou tit CCR(Kominote karayibeyen rezilyan) ki ap reyalize sou 3 peyi nan karayib la: Ayiti, kiba, Repiblik dominikèn epi 6 patnè (Enda, Naturaleza, Bioeco,Concert-Action, Cesat, Whh-tyòt) ki finanse pa IKI (Inisyativ entènasyonal klima) ki baze an almay.
Ekip WHH Tyòt la te prezante plan AbE(Adaptasyon baze sou ekosistèm) ak manm gwoup kontenè grangozye ki rele: COCIREGG (Koalisyon Sitwayen pou Restorasyon Anviwònman Grangozye).
Estaf teknik pwojè CCR la, te rive prezante dokiman AbE a estrikti kominotè sa nan lide pou vin pi rezilyan fas ak risk klimatik yo e degradasyon anviwònman.
Zouti sa ap ede COCIREGG genyen plis konesans nan filyè sa yo nan domèn agrikilti dirab tankou: apikilti (rich/myèl kap pwodwi siwo)l lombrikilti (kap pwodwi vè ak konpòs sèvi kòm angrè òganik pou jaden yo) sistèm agwoforesteri (konbinezon kafe, kakawo, zoranj, chadèk).
Dokiman sa ap yon zouti enpòtan pou COCIREGG ki pwal ede yo gen plis konesans e fòme popilasyon ki nan kominote yo nan lite kont chanjman klimatik ak pwoteksyon anviwònman.
Zouti sa pa sèlman idantifye pwoblèm yo men li pote lide solisyon ak pèspektiv, e dokiman sa ap kapab revize sou yon peryòd 5 lane, an fonksyon reyalite moun ap viv nan kominote yo sou enpak chanjmam klimatik la genyen sou komin, seksyon kominal, lokalite/abitasyon yo.
COCIREGG ki se yon aktè enpòtan nan lit kont chanjman klimatik ak degradasyon anviwònman dwe fè yon playdwari nan komin nan a travè zouti sa nan sansibilize lòt aktè yo tankou: Meri, AZEK, KAZEK, sosyete sivil, antrepriz, legliz, OCBs, edikasyon, nan sousi pou pote kolaborasyon yo e ede kominote a sou gouvènans lokal/AbE e entegre AbE nan PCD (Pwogram kominal devlopman).
Anpil lide te bwase, patisipan yo pat kache kontantman yo vizavi inisyativ sila, ki selon yo, mete yon zouti solid nan men yo pou pèmèt yo fè fas a fenomèn chanjman kilmatik la ki dwe konsène tout sitwayen kap viv nan kominote yo.
Thiotte infos.Thiotte Infos. 2