Radyo Ayiti Egalite

Radyo Ayiti Egalite Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Radyo Ayiti Egalite, Station de radio, 22 Bis, Ri, Dèfrè Ini, Chapantye/Okay, Les Cayes.

01/08/2025

Tobout: Jacmel madanm Aliniada ap pale de Eta Lakou Nouyòk.

Radyo Ayiti Egalite (RAE) Rankontre ak madanm Aliniana nan lakou Nouyòk Jakmèl Sidès Ayiti sou devni Lakou Nouyòk, aprè anviwon 6 lane kriz, Jedi 31 Jiyè 2025, bò 6 zè nan aswè.

25/07/2025

Tobout: Fanm nan Okay leve kanpe kont arestasyon PNH fè nan katye yo.

Plizyè fanm nan Okay denonse lapolis ki arete anviwon 15 moun ki se: mari, pitit, neve, frè, kouzen yo san yo pa lotè anyen. Selon medam yo, arestasyon yo fèt san manda. Lapolis pa di rezon ki fè yo arete pwòch yo. Moun yo te chita lakay yo nan lapè. Se wè yo wè lapolis antre nan koridò, andan kay, devan pòt arete yo.

Fanmiy viktim yo ap mande liberasyon prese prese.

Evenman sa pase nan ri Dègèye nan savann, bò 2 zè nan aprèmidi Jedi 24 Jiyè 2025 nan.

Kèk lòt moun nan zòn fè konnen se swit a bri k ap kouri nan Okay, kòm kwa Kilikou ensi koni ta retounen nan savann nan, se nan sans lapolis debake pou vin arete Kilikou. Epi, sa rive se moun sa yo li arete nan plas Kilikou.

Sa fè kèk ane depi ansyen komisè Gouvènman Okay la Ronald Richemond te arete Kilikou kote Otorite yo te al fèmen l nan penitansyen Nasyonal pòtoprens. Konsa, lè prizon vin kraze sou ansyen premye minis Ariel Henry li te sove.

RAE te ale nan komisaya Okay la menm kote a, pou te konnen kisa ki genyen nan koze sa. Polisye nou te jwenn yo di: se direktè lapolis la, Allan serge Jilicoeur ki pou di n sa k pase a, li pa la pou kounye a.

24/07/2025

Tobout: Pèp savann Okay pwoteste kont arestasyon Lapolis fè, Jedi 23 Jiyè 2025.

Kèk moun nan ri dègèye nan savann Okay boude kont lapolis ki arete pwòch yo Jedi 24 Jiyè 2025 bò 2 zè nan aprèmidi.

Daprè yo, lapolis pran pretèks se kilikou yo ta vin dèyè, poutan Kilikou sa gen plizyè lane depi lapolis te arete li.

Moun sa yo lapolis arete yo, pa ankontravansyon ak lalwa. Lapolis arete yo san manda. Moun yo se lakay yo, yo te chita anpè.

Pwotestatè yo ap mande liberasyon pwòch yo San pèdi tan.

Tobout: PNH, kraze manifestasyon gwoup sitwayen Okay, Mèkredi 23 Jiyè 2025 nan.Lapolis Nasyonal Ayisyen kraze manifestas...
23/07/2025

Tobout: PNH, kraze manifestasyon gwoup sitwayen Okay, Mèkredi 23 Jiyè 2025 nan.

Lapolis Nasyonal Ayisyen kraze manifestasyon gwoup sitwayen Okay òganize bò midi Mèkredi 23 Jiyè 2025.

Manifestan yo te apèn kite lye rasanbleman kwa 4 chemen, kote yo t ap dirije tèt yo devan Ayewòpò Antoine Simon Okay la, pandan yo rive Vènè, Lapolis tire bal ak gaz lakrimojèn, manifestan yo kouri nan plizyè direksyon pou chape poul yo. Anfen kont, foul la pa rive refòme ankò, epi, tout bagay fini la.

Objektif manif, se pou te mande Otorite Ayewopòtyè Ayisyen (AAH) sispann fè ayewopò Okay la zafè prive konpayi Sunrise. Ak, pou mande leta, pou yo debloke wout Nasyonal # 2 a pou transpò tèrès Sid la ak rès depatman yo reprann.

Popilasyon Sid la ki pa te vrèman reponn prezan nan manif nan, se kisa ki pase menm?

Èske se paske yo pa te okouran? Èske se paske yo pa te renmen fòm tèt Òganizatè yo?

Oubyen se paske yo pa santi yo konsène?

18/07/2025

Tobout: Sitin kont APN nan Okay. Lapolis arete Rebel Corneille.

Sitin, gwoup sitwayen òganize devan ayewopò Antoine Simon Okay la, ki t ap fèt kont dirijan Otorite Pòtye Nasyonal (APN) Ayisyen, pou mòd jesyon pati pri ak ki nan dezanvantaj mas pèp la, maten Jedi 18 Jiyè 2025, nan sans sa lapolis bourade ak arete Rebel Corneille, apèn sitin nan kòmanse, sou baz sa, rès manifestan yo mande liberasyon Rebel rapid opwesto. Ak yo lanse pawòl piman bouk kont lapolis ak dirijan yo an jeneral.

Objektif sitin sa, se mande: otorite yo sispann fè ayewopò a afè prive Sunrise, se bay tout lòt konpayi ayeyèn yo menm posibilite pou yo kapab òganize vwayaj tou. Answit, yo mande: pou dirijan yo debloke wout nasyonal nimewo 2 a, pou popilasyon an kapab gen chwa pou yo vwayaje, epi, se pa tout moun ki renmen vwayaje nan avyon ak ki gen lajan pou peye Sunrise nan pri biyè $ 400 dola us pou dire 30 minit vwayaj.

RAE te abòde youn nan wo grade lapolis la, direktè Serge Allan Jolicoeur sou entèvansyon yo ak arestasyon Corneille la, li prefere bay RAE do olye li reponn.

17/07/2025

Tobout: Sitwayen yo idantifye pwoblèm prensipal yo, ak, di: men kiyѐs ki dwe rezoud yo.

Radyo Ayiti Egalite (RAE) rankontre ak sitwayen nan komin Okay sou pwoblèm y ap konfwonte lepi souvan nan depatman Sid, Ayiti, Mèkredi 16 Jiyè 2025, nan aprèmidi. Ann swiv, youn nan yo nan mikwo repòtè nou Jocelyne Thessa.

17/07/2025

Tobout: Elèv NS4 nan Sid, Ayiti deja sou 3 jounen egzamen. Kouman sa ye?

Mèkredi 16 Jiyè 2025, fè elèv NS4 yo nan Ayiti 3 jou egzamen. Yon nan elèv ki nan syèj komin Okay depatman Sid t ap reponn kesyon Jocelyne Thessa repòtè radyo Ayiti Egalite (RAE) nan aprèmidi Mèkredi a, sou jan sa ye pou li pandan 3 jou egzamen yo.

16/07/2025

Tobout: Se ansyen Eli nan Sid ki bloke travay kiraj dal, fose nan Okay, selon delege Sid la.

Ansyen Eli yo nan Sid / Ayiti se yo ki anpeche travay kiraj dal ak fose nan Okay, sesa delege Sid la, Charles Linscold fè konnen nan entèvyon li bay radyo Ayiti Egalite (RAE) Madi 15 Jiyè 2025, bò 3 zè nan aprèmidi.

Direktè Ministè Tavo Piblik Ak Kominikasyon MTPTC Sid la ki te akonpaye delege Sid la, te vin lage inisyativ la nan wout, akoz yon seri ansyen Eli te mande li pou li fè sa, nan lespri pou anpeche delege a benefisye vizibilte yo kòm rezilta sa kòmanse bay, daprè Linscold.

Selon, rezilta yo, travay sa te amelyore pwoblèm dlo ki te konn abitye anvayi plizyè zòn komin Okay menm lè lapli pa te tonbe.

Nan dènye jou yo la nou kòmanse wè sa chanje kote, gen kèk ri nan kèk katye ki kòmanse rekouvri ak dlo, akoz travay kiray la ki kanpe depi plizyè semenn sa genyen.

Posibilite pou debloke sitiyasyon an, sanble se pa pou demen. Delege a demach pa li a limite nan drese rapò pou voye bay dirijan nan Pòtoprens ak tou, li mize sou bon konpreyansyon popilasyon an, pou redemare travay la.

An tou ka, li klè apati tout sa ki di la yo, se konsa sa t ap toujou pase. Paske pwoblѐm litij nan mitan politisyen demagòk pou vizibilite, answit, mentnans kiraj dal ak fose ki pa konstwi sou okenn baz solid. Sa ta vle di: travay sa pa antre nan okenn bidjè anyèl, li pa defini nan okenn kalandriye ki ta di pandan ane yo men ki jou, ki mwa, konbye fwa sa ap fèt?

Èske depatman an k ap kontinye mize sou kapris dirijan yo? Nan kous politisyen rachitik pou ejemoni? Osinon, èske sa pa ta dwe fѐt selon nòm administratif yo ak defini, mete bon jan plan devlòpman sou pye pou tan nou pa oblije nan kouri?

15/07/2025

Tobout: Jorel Pilorge di: 2 mès fèt, se paske kowòdonatè Charles Linscold depase limit li.

Divizyon nan mitan Lavalas nan Sid, ki fè gen 2 mès ki fèt nan komin Okay, nan legliz diferan, nan okazyon 72 lane ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide Madi 15 Jiyè 2025, se akoz delege Sid la ki se kowòdonatè fanmiy lavalas Sid, Charles Linscold, pa konnen wol li. Sesa Jorel Pilorge manm Fanmiy Lavalas Sid deklare nan mikwo Radyo Ayiti Egalite (RAE) bò 3 zè aprèmidi a nan Antistrès la.

15/07/2025

Tobout: Divizyon nan ekip lavalas Sid sou fete 72 lane Jean Bertrand Aristid.

Gen 2 seremoni relijez ki fèt nan Okay, youn nan lospis ak lòt la nan egliz Sentejèn de Maznòd nan okazyon 72 lane anivèsè nezans ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide bò 10 zè nan maten Madi 15 Jiyè 2015 nan.

Delege Sid la Charles Linscold ki se kowòdonatè branch Sid la, apati yon entèvyon li akòde Radyo Ayiti Egalite (RAE) nan lè 2 zè aprèmidi sou sa, nan sant kiltirѐl Senlwi, li fè konnen: se paske genyen yon seri manm fanmiy lavalas k ap chache patènite mouvman lavalas la ki fè yo pa mete ansanm ak li jan sa te konn abitye fèt la pou reyalize sa.

15/07/2025

Tobout: Fanmiy lavalas fete 72 lane Jn Bertrand Aristide nan Okay. Sa ki dèyè sa?

Madi 15 Jiyè 2025 nan kèk 50 tèn patizan ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide fete 72 zan li, nan lospis katolik Okay la bò 10 zè nan maten.

RAE ap fouye pou li konnen kisa ki dèyè anbyans sa, pou jan patizan yo motive yo nan sans sa.

Èske se estrateji pou sansibilize popilasyon Sid la pou retou anfòs fanmiy lavalas nan pouvwa ak Jean Bertrand Aristid?

14/07/2025

Tobout: Premye jounen egzamen NS4, kouman sa pase nan Sid?

Lendi 14 Jiyè 2025, debi dewoulman Egzamen NS4 nan peyi Ayiti. Pou depatman Sid la, Désir Sylvain Jean, direktè Ministè Edikasyon Nasyonal Ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MEFP) Sid la di: sa ap byen vanse daprè tout enfòmasyon li te deja jwenn nan maten ki soti nan 6 syèj Egzamen, apati Koto rive Aken.

Adresse

22 Bis, Ri, Dèfrè Ini, Chapantye/Okay
Les Cayes
HT1810

Téléphone

+50935363507

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Radyo Ayiti Egalite publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Radyo Ayiti Egalite:

Partager