24/06/2025
30 senatè demokrat ap apiye yon pwojè lwa pou bay tout moun TPS ak (DED) yo rezidans: Demokrat yo nan Sena a prezante nouvo lwa sa pou pwoteje plizyè santèn milye imigran ki sou wout pèdi estati legal yo akòz administrasyon Trump la.
Senatè Demokrat Chris Van Hollen nan Maryland, yon kritik Prezidan Donald Trump ki pa pè pale, ak Catherine Cortez Masto nan Nevada se 2 pami 30 lejislatè ki prezante e kap sipòte lejislasyon sa pou wè si yo ta louvri yon chemen pou ta bay rezidans pèmanan ak moun kap resevwa TPS ak (DED)
Dapre yon kominike laprès gwoup la pibliye, moun ki gen TPS ak DED (Depa Fòse Difere ) Ozetazini pandan senk ane oswa plis ap kapab kalifye pou aplike pou kat vèt yo, ansanm ak mari oswa madanm yo, patnè domestik yo ak pitit yo, depi yo satisfè sèten kondisyon.
Pwojè lwa sa tou ap pèmèt moun TPS yo kalifye pou travay epi pèmèt yo aplike pou vwayaje deyò Etazini pandan aplikasyon rezidans yo annatant.
Lwa a batize sou non (SECURE) Safe Environment from Countries Under Repression and Emergency oubyen (Anviwònman Sekiritè de peyi ki Anba Represyon ak Ijans.)
Malgre 30 senatè ap sipòte pwojè lwa a, li pa klè si l ap pase nan chanm sena a oubyen si l ap jwenn sipò nan Chanm nan, ki tou 2 anba kontwòl Repibliken.