
28/09/2024
Jistis pou kè m
Mande m kote w jwenn ak dwa pou ateri konsa. M santi w pran rega m nan kòlèt. Ou chavire tout disktraksyon. San manda ou mete atansyon m anba kòd. Ok, fòs majè ! Ok, rèn latè ! An se konsa ? Konsa w kraze tout sistèm mwen ? Delala m ak yon sèl kout rega ? M te pwograme pou ou manman ? Ben, se ou k ekri algorit mwen ? Se ou k te kode m ?
Alewè w pa menm twouve ke w ap abize. Ou pwoche sou mwen komsi m te yon eman. Poukisa w mande m si m ok ? Ou pa wè sa w fè ? Ou te vle pwouve m ke w bèl ni de lwen ni de pre ? Ou te vle mete nen m anba otorite sant ou ? Ou te vle montre m ke chita w pa gen anyen pou l anvye ak demach ou ? Ke koub ou yo se mèvèy ? Po w se lò ? Souri w se prèv ke Bondye pat janm repoze setyèm jou vre ! Jistis pou de nawè m ! An komsi menm pale w tou ? Menm vwa w son melodi ? Ou pran tout, kisa w kite pou zòt ? Ebyen ok. Apa li papa ! Ou genyen manman !
Ki dwa m ? Ti malere tankou m, ki dwa m pou m pa renmen w ? Ki dwa m pou m pa tizè w ? Ou te ban m chwa ? Kote m te abitye ak modèl bote sa ? Se moun Instagram ou ye ? Eskize m wi men w sanble ak timoun ki leve ak filtè !
Ou si ke m enterese w ? Ou si ke se pa byè a k ap pale pou ou ? Ou pap vin gaspiye m ou vire w ale ? Di m si se ti baton m nan k enterese w ? Sensè avè m !
An se chak jou ? Oh non bèl manmi ! Maten, midi, swa ? Ki dwa w pou w ap abize konsa ? Jistis pou de ti batwèl pye m ki pa sispann tranble ! Jistis pou je m ki fi n rantre nan tou ! Jistis pou mwal tèt mwen ke w pa sispann s***e !
Dezè di maten m pa ka dòmi. Telefòn ou pa sone. WhatsApp ou pa reponn. Pwofil ou disparèt. An se konsa bèl manmi ! Konsa w lage m de bra balan ?
Sonje byen bèl manmi, ou vin koze avè m, ou kouche m kont ou, epi w vire do w ale ... Ok fòs majè ! Ok rèn latè ! An se konsa ? Konsa w kraze tout sistèm mwen ? Konsa w delala m ? Ou gen tout rezon w ! Ou gen tout dwa w !
Jistis pou kè m ki pa sispann renmen w ! Jistis pou tèt mwen k pat sispann reve yon demen avè w !
M swete byen pou ou bèl manmi !! Kontinye brize kè ! Kontinye demoli ti jèn sou pasaj ou ...
Mr PAF
CP : Google