ARTIK MÉDIA

ARTIK MÉDIA Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de ARTIK MÉDIA, Média, pivert, Saint-Marc.

🔴 Aktyalite|Blot Tonia, se non Jenn  polisyè sa  ki deye bawo depi plizyè mwa, fèk akouche yon ti fi pandan li nan gadav...
23/01/2026

🔴 Aktyalite|
Blot Tonia, se non Jenn polisyè sa ki deye bawo depi plizyè mwa, fèk akouche yon ti fi pandan li nan gadavi.
Lajistis metel an kestyon nan dosye ki gen rapò ak lanmò mari li. Enfomasyon yo fe kwe ki te tire mari li nan yon sèn jalouzi,Pandan lajistis ap pou swiv pwosesis li, gen anpil vwa k ap leve pou mande plis imilite ak konpasyon pou Tonia pami yo Sendika polis la SPNH-17.
Chèf pakè potoprens la mèt Fritz Patterson Dorval te rann yon vizit espesyal ak Jèn polisyè Blot Tonia nan komisarya Delmas 33.

ARTIK MÉDIA
[email protected]

🔴 Sekirite|Aktyalite madi 20 janvye 2026 Direktè Jeneral pwovizwa Polis Nasyonal Ayiti (PNH), André Jonas Vladimir Parai...
23/01/2026

🔴 Sekirite|Aktyalite

madi 20 janvye 2026 Direktè Jeneral pwovizwa Polis Nasyonal Ayiti (PNH), André Jonas Vladimir Paraison, lanse yon apèl pou gang ame yo rann tèt yo volontèman, pou diminye pèt lavi moun. Li fè konnen PNH gen kounye a mwayen ki nesesè pou pouswiv gwoup kriminèl yo epi retabli lòd sou tout teritwa a.

🔹 Selon DG PNH la, Tout gang ki vle rann tèt yo ka kontakte lapolis oswa prezante yon kote tankou legliz oswa tanp vodou, apre yap remèt yo bay lajistis.

Pandan chèf PNH la pa sispann mete aksan sou ranfòsman kapasite operasyonèl lapolis la epi kontinye batay kont ensekirite a AP toujou rete yon priyorite nasyonal.

ARTIK MÉDIA
[email protected]

🔴 Aktyalite | entenasyonal Mesaj Anbasad ameriken an sou platfòm x, pou mete limyè sou rime Kap sikile sou tiktok via yo...
22/01/2026

🔴 Aktyalite | entenasyonal

Mesaj Anbasad ameriken an sou platfòm x, pou mete limyè sou rime Kap sikile sou tiktok via yon video IA ki fe konprann prezidan Donald Trump anile Operasyon imigrasyon yo ozetazini.

Tout ayisyen Kap viv USA pridan ak mesaj ak video nap gade sou rezo yo.

ARTIK MÉDIA
[email protected]

🔴 Aktyalite | entenasyonal Nan dat 20 janvye 2026,anviwon 10è nan aswè, Apèn avyon prezidansyèl ameriken an (Air Force O...
22/01/2026

🔴 Aktyalite | entenasyonal

Nan dat 20 janvye 2026,anviwon 10è nan aswè, Apèn avyon prezidansyèl ameriken an (Air Force One) te fin dekole pou pran direksyon Davos,peyi Laswis 🇨🇭, li te oblije vire tounen apre yo te detekte yon pwoblèm teknik. Prezidan Donald Trump te sou wout pou al patisipe nan (World Economic Forum.)
Daprè jounal ameriken an

🔴 Politik | Aktyalite 21 janvye 2026 la , Premye Minis   kondane barikad ak kawotchou kap boule ki bloke plizyè granwout...
22/01/2026

🔴 Politik | Aktyalite

21 janvye 2026 la , Premye Minis kondane barikad ak kawotchou kap boule ki bloke plizyè granwout nan Pòtoprens, Premye minis la souliye konsekans yo sou libète sikilasyon, ekonomi an ak inite nasyonal la. Li lanse apèl bay sitwayen yo pou yo eksprime revandikasyon yo nan respè lalwa ak lòd piblik.

ARTIK MÉDIA
[email protected]

🔴 Politik | Aktyalite Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ( ) lanse dimanch 18 janvye 2026 dyalòg politik nasyonal la, nan...
19/01/2026

🔴 Politik | Aktyalite

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ( ) lanse dimanch 18 janvye 2026 dyalòg politik nasyonal la, nan objektif pou jwenn yon konsansis ayisyen sou yon mekanis gouvènans ki kapab asire estabilite peyi a apre 7 fevriye 2026, dat ki make fen manda li, pandan y ap garanti kontinite pwosesis elektoral la ak retablisman sekirite nan peyi a.

ARTIK MÉDIA

[email protected]

🔴 Politik | AktyaliteDr. McCarta Browne, Asistan Komisè polis nan Saint-Kitts-and-Nevis, prezante eskiz piblik bay Ayiti...
19/01/2026

🔴 Politik | Aktyalite

Dr. McCarta Browne, Asistan Komisè polis nan Saint-Kitts-and-Nevis, prezante eskiz piblik bay Ayiti apre eksklizyon peyi a nan yon akò referandòm ak Etazini sou depòtasyon. Sou paj Facebook li, Dr Browne dekri eksklizyon an kòm yon zak ▫️ diskriminatwa ak eksklizif epi li eksprime regrè li nan non popilasyon Saint-Kitts-et-Nevis.
Li raple kontribisyon istorik Ayiti nan batay pou libète Karayib la, li deklare : « Lè yo mete yon pèp karayibyen apa, se nou tout yo diminye. »
Dr Browne di tou li dispoze angaje dyalòg dirèk ak kominote ayisyènn nan ak fanmi ki afekte yo, li souliye lidèchip mande « kouraj, konpasyon ak verite ».

ARTIK MÉDIA

[email protected]

🔴 aktyalite| entenasyonal Lanwit 18 janvye 2026 la nan sid peyi   an  , yonkolizyon ant 2 tren, ki te rive lakòz omwen 3...
19/01/2026

🔴 aktyalite| entenasyonal

Lanwit 18 janvye 2026 la nan sid peyi an , yonkolizyon ant 2 tren, ki te rive lakòz omwen 39 moun mouri ak plis pase 123 blese, pami yo gen 5 ki nan eta trè grav ak 24 ki nan eta grav. Anviron 500 moun te sou 2 tren ki te enplike nan aksidan an.

ARTIK MÉDIA

[email protected]

🟡 Espò | entenasyonal Koup Nasyon Afrik foutbòl 2025. 35yèm edisyon tounwa foutbòl bienal asosyasyon afriken yo, dimanch...
19/01/2026

🟡 Espò | entenasyonal

Koup Nasyon Afrik foutbòl 2025.
35yèm edisyon tounwa foutbòl bienal asosyasyon afriken yo, dimanch 18 Janvye 2026 peyi Sénégal ranpòte pou yon 2yèm fwa koup afrik nasyon yo ( ), Konfederasyon Afriken Foutbòl ( ) te òganize 35yèm edisyon tounwa Sila nan peyi Maròk pou dezyèm fwa apre edisyon 1988 la. Konpetisyon an te dewoule soti 21 desanm 2025 rive 18 janvye 2026.
Peyi Sénégal deja ranpòte 2 fwa (CAN) nan 2021 ak 2025.

ARTIK MÉDIA
[email protected]

🔴 Politik | imigrasyon Dapre Premye Minis Saint-Kitts-et-Nevis la,  , peyi a siyen yon pwotokòl ak Etazini pou ta pran a...
15/01/2026

🔴 Politik | imigrasyon

Dapre Premye Minis Saint-Kitts-et-Nevis la, , peyi a siyen yon pwotokòl ak Etazini pou ta pran an chaj sitwayen lòt peyi yo depòte, Saint-Kitts-et-Nevis dakò pou resevwa kèk migran Etazini depòte, men sou kondisyon strik, epi li retiré Ayisyen yo klèman. men migran sa yo dwe fe pati sitwayen peyi CARICOM, si yo pa gen dosye krim vyolan, ni krim seksyèl, epi sitou si yo pa Ayisyen. Gouvènman Saint-Kitts-et-Nevis la jistifye eksklizyon Ayisyen yo pou “pwoblèm sekirite”.
🔹Saint-Kitts-et-Nevis gen yon sipefisi anviwon 260–269 kilomèt kare se yon ti peyi nan zile nan Karayib la.
🔹Ayiti gen yon sipèfisi pi gwo, apeprè 27 750 kilomèt kare, plis pase 100 fwa pi gwo pase Saint-Kitts-et-Nevis an tèm de tè.

ARTIK MÉDIA
[email protected]

15/01/2026

🔴 Sekirite | aktyalite

PNH, Fòs Ame Ayiti (FAD’H) Task Fòs ak GSF ayiti (gang suppression force Haïti), te mennen yon operasyon konjwen ayè mèkredi 14 janvye a baz (BBQ),yo konsidere kòm pòt pawòl kowalisyon gang Viv Ansanm. Dapre yon nòt enstitisyon lapolis la, entèvansyon an te vize chase gwoup ame ki te nan zòn nan spesyalman delma 6, epi pèmèt fòs lòd yo repran kontwòl zon nan Operasyon sila te sèvi tou ak dròn espesyalize.

ARTIK MÉDIA
[email protected]

🔴 Politik | entenasyonal Donald Trump!!!!!!!!!
13/01/2026

🔴 Politik | entenasyonal

Donald Trump!!!!!!!!!

Adresse

Pivert
Saint-Marc
HT 4310

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque ARTIK MÉDIA publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à ARTIK MÉDIA:

Partager

Type