10/09/2024
Kenbe yon stasyon radyo an provens san okenn parenn politik, san polisyon medyatik, pa bagay ki fasil, problèm enèji, ekipman ki pa vann an goud e ki pa vann nan peyi a, mete sou reparasyon ki prèske enposib paske pyès yo pa disponib sou mache a. Lòt gro problèm ankò antrepriz lokal yo ap fèmen akoz ensekirite donk jwen yon ti reklam pouw roule vin difisil, anpil biznis diw yap kanpe reklam pa yo a, brèf, limen radyo sou bann fm e pa sou facebook non, se pa jwèt timoun li ye. Deja mdi mèsi ak tout moun ki sou yon fòm oswa yon lòt, pèmèt nou kenbe antèn nou limen chak jou bondye mete.
Nou pa mande anpil e nou pa bezwen tout non plis.
12 zan depi nap limen e nou pap abandone