SteeVibe Production

SteeVibe Production PDG a STEEVIBE PRODUCTION , CHANTEUR, BEAT MAKER, PRODUCTEUR, ANIMATEUR, INGÉNIEUR DU SON, MUSICIEN. INSTAGRAM: / TWITTER:

22/11/2017

Pou ki sa neg sa yo pran moun menm?




Onorab senatè Youri Latòti
Prezidan sena a
Nan biwo li.

Onorab,
Mwen ekri w an kreyòl, padone mwen, paske nan sa m ye la a, pale fransè pap itil anyen. Dayè m pa kwè m t ap jwenn mo pou m fè w konprann mwen. Se sèl nan lang nou tout pale a, nou tout konprann nan m ap ka eksplike w abi yo vle fè m nan.

Se avèk etònman m wè non mwen site nan rapò Petwo Karibe pou plizyè motif m pa menm konprann sans yo menm. Pa egzanp, m pa menm konn kisa detounman fon vle di, kòman m ta fè koupab de yon krim konsa ?
Kòm m wè yo pale de plizyè milyon ki te pase nan menm pou yon pwojè nan fon Petwo Karibe a, m konprann yo vle akize m vòlè lajan pèp la menm jan ak plizyè non m wè y ap site sou rezo yo.
Onorab, m pap plede, wi m te gen lajan sa a nan menm, men se pa vòlè m m vòlè l. M pral eksplike w sa k rive lajan an.
Pran san w pou li e konprann mwen, dayè se rezon sa a ki fè m ekri w an kreyòl. Koze sa a se koze kreyòl. Sèl yon Ayisyen ki ka konprann mwen. Pa nenpòt Ayisyen. Men yon vrè Ayisyen ki konnen tout sa yon Ayisyen ka fè yon lòt Ayisyen.
Lajan an te debloke sou non mwen. M te fè l konsa paske si m te debloke l sou non enstitisyon an, aloufa ki antoure m yo t ap separe l nan men m e pwojè a pa t ap janm reyalize. Mwen m se yon fonksyonè onèt, m vle pou kòb ki debloke a fè travay li dwe fè a. Pou plis sekirite, m te depoze lajan an lakay mwen. M pat ka kite l labank paske plizyè milyon disparèt deja labank san pèsonn pa konnen kiyès ki te fè retrè a. M te pran yon pati nan lajan an pou peye kèk frè. Se nan machin mwen m t al pran lajan an, fò m te mete gaz, peye lave l... Frè dosye, reyinyon pou lanse pwojè a.
Onorab, w konn Ayisyen mechan ? Sa m pral di a, ti machann yo konnen l byen, e m kwè se pa premye fwa w ap tande yon bagay konsa. W konnen yon maten m leve m pa wè lajan an ? Non, yo pa kase kay la, m pa vle ba w manti, senatè. M chèche tout kote nan kay la pou m wè kote m depoze lajan an, m pa jwenn li. Li pa tonbe nan wout. M pat fè chemen kwochi avè l. M te rantre dwat lakay mwen avèk li. Mta di se sèvant la ki pran l men li pat vin travay jou sa a. M te ba l konje. Madanm mwen ak pitit mwen yo pat la, m te voye an vakans aletranje, e m pat resevwa okenn zanmi jou sa a yo. Tout sa pou m te pwoteje lajan an. Moun pa jwe ak lajan pèp la. Se vre m te prete yon ti monnen nan lajan an pou m te peye vwayaj fanmi an, men m te toujou gen entansyon remèt li. Dayè se te pou byen lajan an. M eksplike w tout sa, senatè, se pou m ka montre w tout prekosyon m te pran pou pwoteje lajan sa a.
Lè m pa ka jwenn lajan an, m fè yon sòti, tankou yo konn di, m mete pye m nan dlo. Se sa k fè m te di se an kreyòl pou m ekri w paske se sèl yon moun ki konprann kreyòl ki ka konprann mwen. Yon moun ki konn sa Ayisyen ka fè. Kreyòl pale, kreyòl konprann. Ebyen, kisa m jwenn kòm repons ? W ka pa vle kwè mwen, onorab senatè. Se rale yo rale lajan an. Yon asosyasyon vòlè nan popilasyon an ki gen titalbè oubyen pwen awousa ki rale lajan an. Kòman yo fè sa ? Li kapab se ponpis la, chany lan, oubyen ti kokorat ki te lave machin mwen an. Kapab se ti granmoun ki te mande m charite devan katedral la. W konnen zòn katedral sitire vòlè. Yo mande w, w ba yo, yo rale lajan w. W achte, yo ba w monnen, yo rale lajan w. Yo frape avè w, yo rale lajan w. Mande ti machann yo, se pa de mizè yo pase anba kriminèl sa yo. Se pa nan ti traka yo lage ti malere yo ak lajan kès popilè, fonkoze, inikredi ki nan men yo. Ebyen kriminèl sa yo fè yon asosyasyon, yo di y ap sispann rale lajan ti machann, yo deside fè yon gwo kou pou yo tou kite lari a. Se konsa yo tonbe rale lajan pwojè Petwo Karibe a epi lage chay la sou do fonksyonè onèt ki gen fanmi ak timoun pou yo edike. Moun ki sòti nan gran fanmi e ki gen rèv fonde yon gran fanmi.

Onorab, si lòt moun yo akize yo pa di w verite a, m pa konn poukisa. Mwen m di w se awousa ki rale lajan an k te nan men m nan. E awousa sa a yo se nan mitan pèp la yo kache. Dayè m ap konfye w yon sekrè leta : se rezon sa a menm ki fè gouvènman an takse ti pèp la konsa a. Se ti pèp la ki rale lajan an. Paske w konnen se nan lajan an nou fè mache, peye domestik, peye chany, peye gaz, peye tout ti frè pou nou fonksyone. Yo tout nan konplo a, tout se awousa, se touche pou men w pa touche ak men yo pou yo pa rale tout sa k sou w. Se vre, tout ti pèp la pa na rezo a, men kòm nou pap janm ka gen prèv pou n idantifye yo, inosan ap peye pou koupab. Fòk gouvènman an rantre lajan sa a.

Vwala, senatè, m eksplike w an detay sa ki rive lajan ki te nan men m nan. M espere w konprann mwen e w ap fè kòlèg w yo retire non m nan rapò sa a.

Wilson LALEAU
Responsab youn nan pwojè Petwo Karibe yo.

20/10/2017

Steevibe Production ap travay red la pou fin Mete lebel lan kanpe... Dpiw gn Talan kontakte nou 31731314 fel mache like & share

Jou Delivrans mw pa tro lwen!!
30/09/2017

Jou Delivrans mw pa tro lwen!!

Adresse

Ville De Léogane

Téléphone

509 3949 0305

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque SteeVibe Production publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager