Haitian Fuse

Haitian Fuse DramaSpot konsantre sou aktyalite viral, sijè cho ak tandans popilè sou rezo sosyal yo. Abòne, pataje, kòmante !

Nou ofri kontni rapid, klè ak enpaktan, pou enfòme, kaptire atansyon epi kenbe kominote a ajou sou tout sa k ap fè bri.

Ansyen aktris pònografi an Lana Rhoades swete efase tout videyo li yo sou entènèt la.Pandan li t ap patisipe nan podcast...
07/01/2026

Ansyen aktris pònografi an Lana Rhoades swete efase tout videyo li yo sou entènèt la.

Pandan li t ap patisipe nan podcast Tap In, ansanm ak Harry Jowsey, zetwal emisyon Netflix Too Hot To Handle, nan mwa jen 2021, Rhoades te eksplike li te demenaje ale Los Angeles lè li te gen 19 an pou l te lanse karyè li nan endistri kontni pou granmoun. Li rakonte yon ajan te konn voye l pran avyon pou al jwe nan fim, e li te rete nan domèn sa a pandan plizyè mwa.

Sepandan, li te vin rankontre enfliyansè Mike Maljak, ansyen mennaj li, ki se youn nan moun ki pwòch frè Logan ak Jake Paul yo. Se la vizyon li sou lajan ak sou mond lan te kòmanse chanje.

« [Mike] te kapab touche 15 000 dola sèlman pou li poste yon foto ak yon Jeep sou kont Instagram li ».

« [Mwen te di tèt mwen]: “Wow, mwen menm yo peye m 1 200 dola pou m fè yon sèn sèks ki degoutan; poukisa m ap fè sa?” ».

Se nan moman sa a li te deside chanje karyè, men pase li te vin rapouswiv li byen vit.

Malerezman, popilarite li kòm enfliyansè te mennen tou nan nominasyon li kòm “pornstar nimewo 1 sou PornHub”.

Rhoades fè konnen li pa gen okenn dwa sou videyo ki pibliye sou sit pònografi a; si se pa sa, li ta deja efase yo tout, sitou paske li pa touche okenn benefis finansye ladan yo.

Jodi a, li gen 27 an e li se manman yon ti gason ki rele Milo. Lana Rhoades (oswa Amara Maple, vrè non li) di li ta fè lòt chwa si li te konnen sa k ap pase dèyè rido endistri pònografi a.

« Mwen di moun yo si m te kapab tounen dèyè, mwen ta abandone tout bagay pou m rekipere diyite mwen, respè mwen, epi pou moun pa gade m fason sa a... De tout fason, mwen pa vrèman renmen fè sèks ».

03/01/2026

Non jamè😅🤣

Ou konn non atis sa yo ?Si wi, mete l nan espas kòmantè an !
31/12/2025

Ou konn non atis sa yo ?
Si wi, mete l nan espas kòmantè an !

Roseita Lavette Smith, tire pitit gason l devan yon restoran, li fè konnen se paske misye tap derespekte l. Sa fèt devan...
29/12/2025

Roseita Lavette Smith, tire pitit gason l devan yon restoran, li fè konnen se paske misye tap derespekte l. Sa fèt devan yon restoran Red Rooster, aprè yon diskisyon ki te eklate nan pakin nan. Roseita tire yon bal sou pitit gason l, li pran l nan kwis, epi li kouri. Manzè di lapolis ke li te aji an lejitim defans, li te pè pou sekirite l akoz konpòtman pitit gason l lan. Viktim nan entène lopital men li nan yon eta ki estab aktyèlman.

Adresse

Ville De Port-au-Prince

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Haitian Fuse publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager