22/07/2025
Mèt Caleb Jean Baptiste nan kad yon konferans pou lapwès, jounen madi 22 jiyè 2025 lan denonse tout moun kap bat pou etèn lavil yo.
_________________________
Direktè polis la pap regle anyen nan peyi a menl ka dèyè fini ak mèt Caleb kap defann tout yon popilasyon rezon paske mèt Caleb ap denonse Moïse Jean Charles, Betty lami bòs li kise direktè Unibank lan kap vòlè dola ameriken meriken pèp la.
Moun sayo atake mèt Caleb tout kote, yo pa vle wèl, yo fè konplo poul pa egzèse metyel, yo dèyè fèmen bouch li nan tout dosye ki genyen pèp ladanl, ala kote nèg yo mechan, ala kote moun yo kriminèl.
Moun sayo mèt Caleb site la ap responsab lanmòl si tout fwa yo ta tande yon bon maten mèt la tonbe paske seyo ki dèyè retire lavi mèt la gwo midi, men kisa mèt lafè menm, denonse moun ki nan vann zangi, nan trafik ògan, moun kap monte gaz, monte pwodwi nesesite, moun kap monte lekòl jan yo vle, moun kap fè kadejak sou fanm, moun kap maltrete timoun, moun kap sipòte gang, sak pi rèd la olye moun ki dèyè touyel yo ta korel, yo dèyè eliminel, salap di yo nan enterè pèp lipa nan enterè moun sayo, yo di se vòlè yap vòlè pou yal nan lòt peyi koze mèt la ap vin pale de pèp la deranje yo anpil, kilè ayiti ap chanje yon kesyon anpil moun ap poze kipa janm genyen yon vrè repons paske moun ki nan tèt Leta seyo ankò ki pwoblèm lan.
Sise pou tounen ak kantin eskolè yo dèyè touye mèt la, pagen problèm fòk lè timoun yo sou ban lekòl yo ka jwenn yon pla cho, sise pou denonse nèg ki nan Leta kap mande yon jèn 5 lane esperyans pandanl pat janm travay nan vil yon jou nou mèt touyel, sise pou denonse mizè ak grangou makonnen ak chomaj plis ensekirite programe sa mèt lap denonse a nou mèt touyel, bann blofè, nou pap regle anyen nou la jis poun annwiye moun kap defann yon pèp, nou montre mond lan se vòlè sèlman nou ka vòlè men chanje peyi a sapa nan nou ditou.
Frèm ak sèm yo, konferans pou lapwès Jodi madi 22 jiyè sa, mèt Caleb fèl poul anonse nou ke lavil ak lavi fanmil, tout moun ki pwòch li nan men nèg pwisan sayo, kap vòlè, piye, fè moun abi nan peyi a, wi yo gwo nèg, wi yo abitye patisipe nan asasina, trafik ògan ak vòlè dola ameriken malerèz yo, men nou identifye yo, nou konnen yo, si yon bagay ta rive mèt la nou konn kote poun ale mande esplikasyon.
Chanjman pou Ayiti sesa nou vle, lapè pou Ayiti sesa nou vle, Travay, sekirite sesa nou vle.
Mèsi tout moun, mèt Caleb Jean Baptiste renmen nou anpil.
Carlos pierre Jounalis angaje.
Le 22/07/2025