JL PROD HAÏTI

JL PROD HAÏTI Actualités, musique, sports, culture et politique

Yon vibran tèks kote ansyen entenasyonal Ayisyen an Belfort kerven fils ap dekri tristès ak chagren l paske l pa ka vini...
21/07/2025

Yon vibran tèks kote ansyen entenasyonal Ayisyen an Belfort kerven fils ap dekri tristès ak chagren l paske l pa ka vini nan peyi l Ayiti. Ansyen atakan seleksyon an di sa fè twa (3) lane ki pase li pa ka vin nan peyi l manje, benyen nan bèl lanmè ak pran sant souf ti medam yo tou.

Twa Ane San Wout Retou”

Sa fè twa ane…
Twa ane mwen pa manyen tè kote kè mwen sòti.
Mwen pa tande kri ti machann yo,
Mwen pa respire odè diri sòs pwa chak dimanch.

Twa ane depi soley lakay pa limen sou figi mwen,
Depi lanmè a pa benyen pye mwen,
Depi m pa wè mòn yo chita tankou zansèt
K’ap gade mwen an silans.

Twa ane…
E chak swa, mwen pale ak peyi mwen
Nan rèv.
Mwen wè l nan koulè flanm,
Mwen tande l nan silans solitid mwen.

Mwen di tèt mwen :
“Ayiti pa bliye mwen…
Men èske mwen menm mwen gentan vin bliye l?”

Non.
Paske chak grenn dlo ki tonbe sou figi mwen
Se lanmou ki pa janm sispann chèche chemen lakay.

Yon jou…
M pral retounen.
M pral mache nan lari ki sonje nom mwen,
M pral re-bwè dlo ki sonje gou kè mwen,
M pral di tè a:
“Mwen tounen… E mwen pa janm sispann renmen ou.”

JL PROD HAÏTIkilti

Modric ateri nan vil Milan, ansyen patwon mitan tèren Reyal la pral pote nimewo 14 .Siksè lejann Luca              JL PR...
15/07/2025

Modric ateri nan vil Milan, ansyen patwon mitan tèren Reyal la pral pote nimewo 14 .

Siksè lejann Luca

JL PROD HAÏTIsport

Premye minis ayisyen an pati an misyon nan peyi lezetazini pou diskite sou pwoblèm sekirite nasyonal la ak zafè eleksyon...
15/07/2025

Premye minis ayisyen an pati an misyon nan peyi lezetazini pou diskite sou pwoblèm sekirite nasyonal la ak zafè eleksyon yo.

JL PROD HAÏTI aktyalite

Mezanmi gad'on krim Nèg sa yo pa esklav la ?????
15/07/2025

Mezanmi gad'on krim

Nèg sa yo pa esklav la ?????

Premye mondyal klèb la ki t ap òganize etazini ane 2025 lan, jodi 13 jiyè a nan New Jersey Chelsea sakre Chanpyon. Ekip ...
13/07/2025

Premye mondyal klèb la ki t ap òganize etazini ane 2025 lan, jodi 13 jiyè a nan New Jersey Chelsea sakre Chanpyon. Ekip lond lan ranpòte premye edisyon konpetisyon sila gras ak bèl viktwa yo 3 a 0.

Yon ekip Chelsea ki metrize Paris nan tout kanpatiman jwèt la.
JL PROD HAÏTISPORT

Adye lukita !!!W ap ret nan kè nou jeniJL PROD HAÏTI Sport
10/07/2025

Adye lukita !!!

W ap ret nan kè nou jeni

JL PROD HAÏTI Sport

Kanté ou pa ta fè m sa 🤣🤣😂😂😂🤣Gade revèy la 🤣🤣🤣🤣
06/07/2025

Kanté ou pa ta fè m sa 🤣🤣😂😂😂🤣
Gade revèy la 🤣🤣🤣🤣

Jamal Musiala gravman blese JL PROD HAÏTIsport
05/07/2025

Jamal Musiala gravman blese

JL PROD HAÏTIsport

Aprè 18 lane li kite lewop.Ou konn kiyès ?JL PROD HAÏTISPORT
02/07/2025

Aprè 18 lane li kite lewop.
Ou konn kiyès ?

JL PROD HAÏTISPORT

Lamine Yamal ap fè flannè, ta sanble li ap bay manti tou.Lè w minè s'on pwoblèm ui
27/06/2025

Lamine Yamal ap fè flannè, ta sanble li ap bay manti tou.

Lè w minè s'on pwoblèm ui

Selon redaktè Radio télé métronome yo, Rhum BarbancourtHT ranpòte meday lò jodiya nan konpetisyon mak ki t ap fèt new Yo...
25/06/2025

Selon redaktè Radio télé métronome yo, Rhum BarbancourtHT ranpòte meday lò jodiya nan konpetisyon mak ki t ap fèt new York international spirits 2025 lan nan peyi lezetazini. Konkou sa reyini plis pase 1 400 mak ki soti nan plis pase 40 peyi.

Bèl travay pou rhum nasyonal la k ap fè ekspla nan zafè rhum nan monn lan.

JL PROD HAÏTI aktyalite

Olenmpik Lyon relege nan lig 2, aprè desizyon DNCG yo, ta sanble transaksyon klèb la pa fin twò kòdyòm. Antouka aprè rek...
24/06/2025

Olenmpik Lyon relege nan lig 2, aprè desizyon DNCG yo, ta sanble transaksyon klèb la pa fin twò kòdyòm. Antouka aprè rekou n ap konnen definitivman èske l ap jwe lig 1 an oubyen lig 2 a.

JL PROD HAÏTI sport

Adresse

Ville De Port-au-Prince

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque JL PROD HAÏTI publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à JL PROD HAÏTI:

Partager