
11/07/2025
📍 Prezidan CPT a, Fritz Alphonse Jean, mande Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé pou bay limyè sou kontra 25 an Leta Ayisyen ta siyen ak Caribbean Port Services.
Li eksprime enkyetid sou mank transparans ki antoure dosye a epi li egzije tout dokiman ki gen rapò ak akò sa a. Daprè li, se yon nesesite pou garanti bon jan jere resous piblik yo ak rann kont ak pèp la.