
20/03/2025
Ekip Livres PDF et Partage 📚 vin mete lòd
Li vrèman lèd pou wè jan gen kèk jounalis nan radyo ki manke kiltijeneral nan travay yo. Si se moun nan lari oswa sou rezo sosyal medya anliy sitou ki fè erè pou yo konfonn yon cha ak yon machin blennde, sa ka konprann, paske pifò ladan yo pa etidye jounalis ni yo pa gen konesans sou tèm militè yo ki pa oblije. Men lè se jounalis ki gen mikwo nan bouch li, ki gen misyon pou enfòme ak edike popilasyon an, k ap repete menm tenten an, sa pa akseptab ditou.
Ou konn tande y ap di (ti cha blende, Cha lapolis, yo boule yon cha, gen yon ti cha nan kafou rita, kafou douya 😀, plizyè ti cha bò palè, se ti cha ki tire sou Moun, lapolis yo rete sèlman anndan ti cha)
Jounalis radyo yo pa la sèlman pou yo rapòte nouvèl; yo gen pou misyon pou edike, eklere epi korije move konpreyansyon moun yo. Malerezman, gen twòp ladan yo ki pa gen kilti jeneral, repete tenten san yo pap janm fè yon ti lekti, pran tan verifye sa yo pral di. Lè yo di yon machin blennde ke PNH ak fòs miltinasyonal Kenya yo ap itilize se yon cha, sa se yon gwo betiz ki montre ak klè mank kiltijeneral yo.
Nb : Yon cha se yon gwo machin lagè lame itilize, pandan y ap sèvi ak machin blennde pou bay pwoteksyon ak fè entèvansyon. Diferans lan klè, epi pa gen okenn eskiz pou jounalis ki di yo pwofesyonèl ap kontinye simaye konfizyon sa a. Wòl yo, se pou yo fòme opinyon piblik la, non pa twonpe l. Se pou yo pi serye, amelyore kiltijeneral yo epi ranpli misyon yo pi byen.
https://whatsapp.com/channel/0029VadVKTqG3R3j7ktK9o24
♡ 🔔 ㅤ ⌲
Réagir Abonné Partager ▭▬ ▭▬ ▭▬