Radio Kiss FM Haïti

Radio Kiss FM Haïti Radio Kiss FM est une station à caractère commercial qui émet depuis la Ville des Gonaïves, L`Art.

19/07/2025

𝗕𝗿𝗲𝗮𝗸𝗶𝗻𝗴 𝗡𝗲𝘄𝘀 : Otorite imigrasyon ameriken (ICE) konfime arestasyon 𝗣𝗶𝗲𝗿𝗿𝗲 𝗥𝗲𝗴𝗶𝗻𝗮𝗹𝗱 𝗕𝗼𝘂𝗹𝗼𝘀, yon figi enpòtan nan sektè biznis ak politik ann Ayiti. Dapre enfòmasyon preliminè yo, arestasyon an ta gen rapò ak posib vyolasyon lwa imigrasyon, envestigasyon sou aktivite finansye ilegal ak plizyè lòt. Otorite yo poko bay tout detay, men dosye a deja atire atansyon tout moun sou plan national ak entènasyonal. 𝙋𝙤𝙪 𝙥𝙡𝙞𝙨 𝙙𝙚𝙩𝙖𝙮 𝙑𝙖𝙡𝙚𝙧𝙞𝙤 𝙎𝙖𝙞𝙣𝙩 𝙇𝙤𝙪𝙞𝙨/𝙏𝙚𝙡𝙚 𝙄𝙢𝙖𝙜𝙚

18/07/2025

pawol sou tanbou

18/07/2025

ÉMISSION MOMENT DE PRIERE
Vendredi 18 Juillet 2025 | 12h-1h30 PM
Contact : +1 302 531-8708 (Whatsapp)

YouTube 👇🏾 👇🏾 👇🏾 https://www.youtube.com/
D'JPromo

Latibonit: Vyolans Gang Ame yo Fòse Anile Dènye Egzamen NS4 yo nan DesalinRadio Kiss FM Haïti, 17 Jiyè 2025 – Dènye joun...
18/07/2025

Latibonit: Vyolans Gang Ame yo Fòse Anile Dènye Egzamen NS4 yo nan Desalin

Radio Kiss FM Haïti, 17 Jiyè 2025 – Dènye jounen egzamen ofisyèl NS4 ane 2025 la pa rive reyalize jan li te prevwa nan komin Desalin, akòz zak vyolans ki te fèt byen bonè maten an jedi 17 Jiyè a. Selon otorite lokal yo, gwoup gang ame ki rele Kokorat San Ras la te anvayi vil la, ki vin mete popilasyon an ak kandida yo nan gwo kè sote.

Majistra Desalin nan, Dunord Cileus, ki konfime nouvèl la ,fè konnen meri a deja disponib pou responsab Direksyon Depatmantal Edikasyon Latibonit la pou chita pale sou kijan ak kilè egzamen ki anile yo kapab fèt.

“Nou pa t’ap ka pran okenn risk ak lavi elèv , pwofesè ak tout pèsonèl ki ta gen pou wè ak egzamen an. N’ap ret tann konsèy ak desizyon ministè a pou’n kapab planifye yon lòt dat ki reprezante okenn danje,” se sa Majistra Cileus deklare.

Otorite depatmantal yo poko fè okenn deklarasyon ofisyèl pou di ki dispozisyon y’ap mete sou pye pou òganize dènye egzamen yo nan komin Desalin an tout sekirite.

Roody Cléophat
[email protected]

17/07/2025

Latibonit/ Vyolans nan Desalin, Bandi mete dife nan Komisarya a

Radio Kiss FM Haïti, 17 Jiyè 2025 — Daprè enfòmasyon divès temwen, vil Desalin sibi yon atak vyolan maten jedi 17 Jiyè 2025 la, kote plis pase 50 bandi ame, ki idantifye kòm manm gwoup Kokorat San Ras, te anvayi komin nan sou twa machin, yon pick-up ak de (2) zòrekèn plen nèg ak zam.

Temwen sa yo fè konnen bandi yo rive mete dife nan Komisarya ak plizyè machin ki te estasyone devan li.

Toujou selon menm sou yo, komisarya vil la ta fin boule nèt, sa ki lakoz gen gwo enkyetid pou sekirite polisye ki te afekte nan zòn nan. Pa gen enfòmasyon klè sou kantite viktim oswa si gen moun ki blese oubyen pèdi lavi yo.

Enfòmasyon yo presize bandi yo pa sèlman mete dife, men yo te siyonnen plizyè ri nan vil la, e yo pote ale anpil motosiklèt ansanm ak lòt byen. Atak sa a te dewoule ak anpil vyolans, e temwen yo rapòte yo t’ap tande bandi yo ki t’ap pale byen fò, pandan y’ap fè deklarasyon menasan kont moun ki sou plas.

Pou kounye a popilasyon an nan Machan Desalin ap viv nan kè sote, otorite yo poko bay okenn deklarasyon ofisyèl sou sa k pase a, ni sou nenpòt repons pou mete lòd ak sekirite nan Desalin.

Roody Cléophat
[email protected]

17/07/2025

ÉMISSION MOMENT DE PRIERE
Jeudi 17 Juillet 2025 | 12h-1h30 PM
Contact : +1 302 531-8708 (Whatsapp)

YouTube 👇🏾 👇🏾 👇🏾 https://www.youtube.com/
D'JPromo

15/07/2025

Konferans pou laprès : Konfli tè nan Gonayiv

15/07/2025

ÉMISSION MOMENT DE PRIERE
Mardi 15 Juillet 2025 | 12h-1h30 PM
Contact : +1 302 531-8708 (Whatsapp)

YouTube 👇🏾 👇🏾 👇🏾 https://www.youtube.com/'JPromo

Adresse

Ville Des Gonaives

Téléphone

+50943385256

Site Web

https://onlineradiobox.com/ht/telekiss/?cs=ht.telekiss&played=1, https:

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Radio Kiss FM Haïti publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Radio Kiss FM Haïti:

Partager