29/10/2025
RÉPUBLIQUE D’HAÏTI
AGENCE NATIONALE DES AIRES PROTÉGÉES (ANAP)
BRIGADE DE SURVEILLANCE DES AIRES PROTÉGÉES (BSAP)
BUREAU DÉPARTEMENTAL DE L’ARTIBONITE – GONAÏVES
NÒT VIJILANS AK SENSIBILIZASYON POU POPILASYON AN
Dat : 29 Oktòb 2025
Objè : Moman vijilans ak preparasyon fas ak menas pasaj tanpèt twopikal MELISSA
Biwo Depatmantal BSAP nan latibonit ap lanse yon apèl ijan bay tout popilasyon nan depatman an pou yo rete vijilan, prepare, epi pran tout mezi nesesè pandan pasaj tanpèt twopikal Melissa, ki ap deplase tou pre kòt peyi a e ki ka pote gwo lapli, van fò, ak risk inondasyon nan plizyè zòn.
Nan moman difisil sa a, nou raple tout gad anviwònmantal, tout volontè, ak tout sitwayen responsab ke misyon nou se pwoteje lavi moun ak anviwònman an.
PREKOSYON JENERAL
1. Rete enfòme sou tout bilten meteyowolojik kap sòti nan otorite konpetan yo ak medya ofisyèl yo.
2. Pa travèse rivyè, ravin oswa wout ki deja anba dlo.
3. Mete timoun, granmoun aje ak moun andikape yo an sekirite depi avan lapli ak van kòmanse.
4. Dekonekte kouran kote dlo ka monte, epi mete dokiman enpòtan yo nan plas dlo ak van pap rive.
5. Pa lage fatra nan dlo ni nan lari — paske sa ogmante risk inondasyon.
WÒL GAD ANVIWÒNMANTAL YO
Tout gad anviwònmantal kite ranpli fich sinyaletik la e remet SDCPJ ale bay direksyon ak reprezantan lokal BSAP yo dwe:
Rete sou teren an pandan tout peryòd la;
Siveye zòn yo avèk vijilans epi rapòte tout risk bay biwo depatmantal la san reta;
Ede popilasyon an nan deplasman ijan si gen bezwen;
Pwoteje espas pwoteje yo kont aksyon ki kapab agrave dezas yo.
BSAP/ART ap kontinye travay an kowòdinasyon ak la Mèri, MTPTC, DPC, ak lòt otorite lokal yo pou siveye sitiyasyon an epi reponn rapidman nan ka ijans.
Nap mande tout sitwayen rete kalm, suiv enstriksyon otorite yo, epi rete gad a vou pou pwoteje lavi, fanmi ak kominote nou.
Lavi chak moun konte. Vijilans se defans nou an.
Pou BSAP – Artibonite
By***ra FILS-AIMÉ
Secrétaire Général Départemental