RADIO Decibel

RADIO Decibel Radio DECIBEL 106.7 FM stéréo votre amie la plus Fidèle, Emettant depuis Gonaives Haiti.

19/04/2024
19/04/2024

Divès detni nan prizon sivil gonayiv la transfere nan lòt sant kaseral pou rezon sekirite

AAP News, 18 Avril 2024-(Gonayiv)- Komisè Gouvènman jiridiksyon Gonayiv la, Mèt Guiverna Guillaume, konfime jedi 18 Avril 2024 la gen anpil prizonye Gonayiv kite transfere nan lòt sant kaseral nan peyi a pou rezon sekirite.

Nan entèviyou li bay jounalis, Mèt Guiverna Guillaume fè konnen se prizon Okap (depatman Nò) ak Folibète (depatman Nòdès) ki resevwa detni yo.

Mèt Guillaume pat anmezi presize ki kantite prizonye ki transfere, fè konnen pami yo gen anpil kondame ak plisyè lòt kap tann jijman yo.

Daprè chèf pakè a, gwo menas evasyon kite plane sou prizon sivil la ak movèz eta fizik espas la se 2 lòt rezon kite pouse yo presipite transfè prizonye yo.

Pilwen, Komisè Gouvènman Gonayiv la deklare li pa okouran bandi si sanfwa ni lwa kap opere nan lokalite Tibwadòm enstale yon pòs peyaj sou wout Podepè/Gwomòn nan.

Lokalite Tibwadòm se limit Latibonit ak Nòdwès. Li sou kontwòl otorite 2 jiridiksyon yo kita dwe defini estrateji pou konbat bandi ak zam kap komèt krim nan popilasyon an.

Yon lòt kote, Mèt Guiverna Guillaume renouvle angajman pakè gonayiv pou kwape tout bandi kap simen latèrè nan jiridiksyon pal la.
AAP News, 18 Avril 2024
[email protected]
Tél:41718191/37603488/35010159

13/04/2024

Direktris depatmantal OPC a denonse vyòl kap fèt sou fanm ak sou tifi nan komin Gonayiv

AAP News, 12 Avril 2024-(Gonayiv)- Direktris depatmantal Ofis Pwoteksyon Siytwayen (OPC an fransè), Mèt Marie Gerda Thermitus, denonse vandredi 12 Avril 2024 la vyòl ak vyolans tout kalte fanm ak tifi yo ap sibi nan depatman latibonit la.

Nan entèviyou li bay emisyon , Mèt Thermitus mande otorite lajistis ak lapolis pou pran tout dispozisyon nesesè pou zak sa yo pa repete ankò.

Marie Gerda Thermitus kitap patisipe nan yon seminè fòmasyon òganizasyon "Unidroit" nan 4tryèm seksyon Poto nan lide pou sansibilize asosyasyon yo sou nesesite pou yo kontinye lite kont vyolans kap fèt sou fanm ak tifi, mande viktim yo pou pa pran nan presyon bouwo yo, pou yo pote plent yon fason pou lajistis ka triyonfe.

Bò kote pa yo, responsab òganizasyon "Unidroit" yo fè konnen batay kont vyolans kap fèt sou fanm yo dwe konsène tout sektè nan sosyete a.

Nan sans sa a, yo lanse yon apel bay sektè pwotestan, katolik, vodouyizan, sendikal, elatriye pou angaje nan lide pou mete yon bout ak pratik sa yo.

Daprè responsab "Unidroit" lekòl ak inivèsite yo tou dwe angaje yo nan batay sa a.

Yon dizèn òganizasyon ak asosyasyon pami yo Asosyasyon Jèn Peyizan Poto (AJPP), Asosyasyon Peyizan Debaryè (APD), Òganizasyon Tèt Ansanm Tèsonnen (OTAT) ak Òganizasyon Peyizan pou Developman Poto (OPDP) te patisipe nan aktivite sa a.

Paralèlman, abitan nan katye Pravil/Gonayiv atire atansyon otorite lajistis ak lapolis sou yon ekip jèn gason ki pran kouvèti chofè taksi moto pou ka komèt movèz aksyon nan zòn nan.

Daprè manm popilasyon an, jènn gason sa yo deja kidnape anpil fanm ak tifi nan zòn epi vyole yo.

Abitan nan Pravil mande lapolis ak lajistis pou louvri yon ankèt prese prese sou dosye sa a.

Anpil nan viktim yo deja pote Plent devan ki dedwa.
AAP News, 12 Avril 2024
[email protected]
Tél:41718191/35010159/37603488

12/04/2024
08/04/2024
08/04/2024
05/04/2024
05/04/2024

CONNAÎTRE LA DIFFÉRENCE ENTRE LE ROYAUME-UNI, LA GRANDE-BRETAGNE ET L'ANGLETERRE

Beaucoup de gens dans le monde entier, y compris des gens de la classe élite qui ont beaucoup voyagé, confondent souvent l'Angleterre, le Royaume-Uni et la Grande-Bretagne. Eh bien, voici comment les différencier :

L'Angleterre est un pays au même titre qu'Haiti , et sa capitale est Londres, tout comme Port-au-Prince est la capitale de la République d'Haiti.

La Grande-Bretagne est un ensemble de 3 pays réunis en un seul pays et dont la capitale est Londres. Ces 3 pays sont :

1. Angleterre,
2. L'Écosse et
3. Pays de Galles.

Lorsque vous incluez l'Irlande du Nord à ces 3 pays, ils deviennent le Royaume-Uni (union de quatre nations). À savoir :
1. Angleterre,
2. L'Écosse,
3. Pays de Galles, et
4. Irlande du Nord.

C'est pourquoi on l'appelle le Royaume-Uni de Grande-Bretagne et d'Irlande du Nord.
Collectivement, les quatre sont considérés comme un seul pays. Et lorsque c’est le cas, Londres est sa capitale.

Notez cependant que ces quatre nations individuelles ont toutes leur propre capitale respective.

En conséquence, la capitale de
L'Écosse, c'est Edimbourg,
Le Pays de Galles est Cardiff ;
L’Irlande du Nord, c’est Belfast.
L'Angleterre, c'est Londres.

Ps : L’Irlande du Nord ne doit pas être confondue avec la République d’Irlande. Ce dernier est un pays distinct et sa capitale est Dublin.

Caméra : le pont de Londres.

01/04/2024

Bandi ak zam atake komin Lestè : pou pi piti yon moun mouri

AAP News, 1e Avril 2023-(Lestè)- Yon moun mouri, plizyè lòt blese, 4 machin, divès kay, bank bolèt ak biznis boule se bilan pasyèl yon atak bandi ak zam fè sou komin Lestè (Depatman Latibonit) lanwit dimanch 31 Mas pou louvri 1e Avril 2024 la.

Plizyè notab komin nan kitap reponn keskyon AgenceArtibonitiennedePresse/AAP News, se bandi Lakwa Peris/Jwanis (premyè seksyon lestè) yo kita dèyè atak sa a, paske yo te toujou menase anvayi komin nan.

Gen yon moulen diri kite komanse boule. Gwo dega anrejistre nan moulen an. Anpil diri kite nan depo boule.

Daprè eksplikasyon notab yo, moun ki tonbe a ta sanble se yonn nan bandi yo kitap chanje kout zam ak lapolis.Popilasyon Lestè a te trenen kadav la mete sou pon an epi yo mete dife sou li.

Aprè atak sa a, anpil moun nan kominote lestè deja kite komin nan pou al refijye nan yon vil kote yo ka jwenn yon tikras sekirite.
AAP News, 1e Avril 2023
[email protected]
Tél:41718191/37603488

Mezanmi telefòn soti sou yon balkon li kraze....sa ki pi fem mal la li te sou mode avion wi . Bagay mode avion sa pa iti...
20/09/2022

Mezanmi telefòn soti sou yon balkon li kraze....sa ki pi fem mal la li te sou mode avion wi . Bagay mode avion sa pa itil mwen anyen non.

Adresse

7, Ruelle Dalmacy
Ville Des Gonaives
S.O

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque RADIO Decibel publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à RADIO Decibel:

Partager