
27/05/2025
📰 DCPJ Frape Gwo Kou nan Baz Vitelom: 91 Zam, Katouch ak Inifòm Sèzi — Plizyè Arestasyon fèt!
Madi 27 Me 2025 — Direksyon Santral Polis Jidisyèn (DCPJ) fè yon gwo frap nan batay kont gang ame nan peyi a. Nan yon operasyon ki fèt nan baz Vitelom, lapolis mete men sou 91 zam, plizyè santèn katouch, ansanm ak inifòm, materyèl ki itilize pa gang ame yo.
📍 Delma 31 te youn nan kote ki t ap sèvi kòm atelye pou moun k ap fabrike mayo ak ekipman pou baz 5 segond daprè sa pòt pawòl Lapolis la konfime. Plizyè moun jwenn arestasyon pandan operasyon an.
🔍 Pwen kle operasyon an:
• 91 zam soti nan divès kalib.
• Plizyè katouch ak rad militè.
• Plizyè arestasyon ki ta gen rapò ak fabrike mayo pou gang.
🛑 DCPJ di l ap kontinye mennen operasyon kont tout fwaye gang kote n ap jwenn zam, lajan, ak konplisite moun ki ap bay yo lojistik.