Radio Tele Espoir

Radio Tele Espoir Radio Télé Espoir est une station de radio généraliste qui s'engage à informer, former et instr

14/11/2025

Gwo bouch louvri ant Minis Sante piblik la Dòktè Sinal Bertrand ak konpayi wòm babankou nan peyi dayiti ki deklare ofisyèlman fè tafya pa menm jan wap prodige swen lasante .

Plizyè sitwayen konsekan nan depatman Nò leve vwa yo pou mande responsab TPTC an pou voye je gade diferan twoson nan komin ki vin degrade tankou Sen rafayèl pou rive kafou Mena ak soti komin Rankit pou ateri nan menm kafou sa ki twouve l nan sitiyasyon difisil.

Anpil aktè politik kite te patisipe nan desann peyi Dayiti nan bafon sa ap reyitere tout kote pou ansonse yon nouvèl direktiv pou 7 fevriye 2026 kap prente.

selon yon rapò Nasyonzini an ayiti mete deyò yo akize komisè gouvènman Miragwann lan ki se komisè Muscadin ki touye anviwon 28 moun .
Eske ayiti e pou ayisyen tout bon?

07/11/2025

Prezidan konsèy Elektoral pwovizwa an Jounalis Jacques Desrosiers pote tout explikasyon sou zafè reyalizasyon eleksyon avan 8 Fevriye 2026 nan peyi dayiti ki gen anpil difikilte avèk ensekirite an ki mete popilasyon ayisyèn nan azewo nan plizyè depatman tankou lwès ak latibonit ki se de pi gwo Elektora peyi an.

Se konfime Konseye-Prezidan Smith Augustin pat otorize tranzite nan peyi Etazini pou al patisipe nan COP30 6 ak 7 novanm 2025 lan nan peyi Brezil paske Smith se yonn nan Enkilpe nan dosye lajistis nan peyi dayiti Etazini te refize l yon viza rantre. Konseye prezidan an gen pou l patisipe nan 4èm somè chèf deta peyi ewopeyen ak gouvènman epi kominote peyi Amerik latin ak Karib p CELAC- UE.

Pòt pawòl lapolis nasyonal dayiti a ki fenk fè Son Come-back li kise Komisè polis Gary Desrosiers,li bay yon konferans pou laprès kote l pale de plizyè operasyon PNH la mennen sou tout depatman yo nan peyi an. E li pale de plizyè materyèl peyi Kanada fè PNH la kado pou kontinye mennen bon jan operasyon kont bandi ame yo kap tiye ,rache ak kidnape moun nan peyi dayiti.
Sou wout SOS kap ayisyen popilasyon an ap rele anmwey avèk sitiyasyon wout la, nap raple w wout sa seli ki mennen lakay ansyen prezidan Jovenel Moïse tou.

Anpil moun fè konnen lè gen gwo lapli dlo anvayi lakay yo, finalman yo paka sipòte ankò,yap mande otorite yo, pou kapab pran sa anchay pou twouve yon solisyon ak pwoblèm wout si la.

06/11/2025

Gwo eskandal pete nan diplomasi peyi Dayiti kote gen anpil chèf misyon ak minis konseye nan plizyè anbasad tankou chili epi Ajantin kote moun sa yo pa posede kenn diplòm ki ta pèmèt yo rive nan pòs sa yo.

Komisè gouvènman jiridiksyon Mibalè ki se Mèt Josué Decilma mete yon manda rale mennen vini pou ansyen Direktè Jeneral
CNE an kise Yves Germain kite rale zam li epi touye yon jenn gason ki tap travay avèk li ki rele jean Mary Sildor .Zak sa ki fè anpil gwo figi gonfle nan depatman Sant lan.Genyen Protektè sitwayen yo OPC Met Jean Wilner Morin ki mande pou Ministè la jistis pran tout dispozisyon pou sitwayen sa jwenn jistis.

Ansyen Senatè Jean Renel Senatus (zo kiki) depoze plent fòmèl jodi mèkredi an kise 4 novanm 2025 lan kont viv ansanm ak l'ETA ki boule radyo ak inivèsite li .

31/10/2025

Ministè Sante Piblik ak Popilasyon deja louvri plizyè sant tretman kolera nan Petyonvil ak Kanapevè pou bay malad yo swen aprè remonte maladi a pandan dènye jou sa yo nan kèk komin nan Depatman lwès la.

Malgre tout sitiyasyon ensekirite kap wonje peyi Dayiti la dirijan nou yo kontinye ap voye nan lespas lòt pou pediem yo ap kontinye koule aflo nan trezò piblik la.Donk Laurent Saint-Cyr ki fè ofis kowòdonatè KPT an gen pou kite peyi Dayiti pou ale nan peyi Kata nan wikenn sa menm.

Tanpèt Twopikal Melissa fè anviwon 24 mò 18 moun disparèt ak 20 lot ki tal pran swen sou kabann lopital nan pasaj li sou peyi a.Malgre tou pako gen yon pyas ki debloke pou pote sipò bay popilasyon ayisyèn nan ki afekte ak Melissa .

29/10/2025

Ayiti sou pant nan zafè reyalizasyon eleksyon avan 7 Fevriye 2026 sou nou konsidere deklarasyon Paste Frinel Joseph ki nan

KPT annkòm Mèkredi kap 29 Oktòb 2025 lan se konje nasyonal selon Manm konsèy Prezidansyèl tranzisyon an pou zafè tanpèt Twopikal Melissa ki pase nan kategori 5 sou peyi Dayiti.

Anpil moun ap mande fòk gen yon lòt modèl gouvènans nan tèt peyi Dayiti lè nou konsidere gen yon akò 3 avril 2024 ki bay 9 moun plis vyon premye minis defakto pou gouvènen peyi Dayiti. Kisa nou ta dwe fè kòm sitwayen ayisyen angaje pou n retire peyi a nan salmanza sa?

24/10/2025

Jodi jedi 23 oktòb 2025 la te gen gwo mouvman leve kanpe douvan ministè ekonomi ak finans, Nan avni Charles Summer an kote anplwaye CNE yo tap reklame 12 mwa travay leta ayisyen dwe yo.

Ministè lajistis anonse nan nòt ofisyèl yo mete deyò kote yo deja resanse anviwon 220 pati politik ki deja regilarize dosye onivo Ministè sa ,Nòt la anvanse pou di tout lòt pati ki pako anrèg pou yo pase fè sa.

Bandi kokorat san ras yo kontinye ap fè dlo koule nan je popilasyon ba latibonit sitou nan komin lestè .

Anpil chita pale ap fèt nan moman an kote KPT a ap vanse pou akò 3 avril 2024 la pran fen nan dat kap 7 fevriye 2026 ,Plizyè pati politik , regwoupman,ak òganizasyon sosyal nan peyi dayiti mande pou 9 moun kap jere peyi kraze yon kite sa.

22/10/2025

SAKSYON NASYONZINI YO AK KONTINYE SOU DIFERANT PÈSONÈLITE NAN PEYI DAYITI TANKOU ANSYEN SENATÈ AK DEPITE AK KÈK GWO CHABWAT NAN SEKTÈ PRIVE A.

GEN YON TANPÈT TWOPIKAL KAP TRAVÈSE PLIZYÈ DEPATMAN NAN PEYI DAYITI KI RELE MELISSA JODI MADI 21 OKTÒB 2025 LAN.

KARIKÒM DEJA AN POU PALE AK PLIZYÈ PATI POLITIK AK REGWOUPMAN POU GADE KOMAN 9 MANM KONSÈY PREZIDANSYÈL TRANZISYON AN AP KITE POUVWA 7 FEVRYE 2026 KAP VINI LA.

GWOUP BANDI TEWORIS YO NAN PEYI DAYITI KONTINYE AP FÈ DEGA NAN PLIZYÈ ZÒN TAN MONRI ,LACHAPEL AK DEZAM NAN BA LATIBONIT LAN.

18/10/2025
18/10/2025

Seremoni 219 lane asasina Anperè Jean Jacques Dessalines Eske nou janm travay rèv li yo?Eske nou jere vizyon li yo ?Eske nou janm konsyan de mo Libète?

Kisa nou ta dwe fè pou n jere dosye ensalibrite nan tout kwen peyi dayiti tankou vil okap ,vil pòdepè ak Gonayiv pou n site sa yo sèlman?
Eske kominote entènasyonal epi yon entèvansyon Fòs etranje ap ka pote yon solisyon dirab nan zafè ensekirite ak devlopman total kapital nan peyi dayiti?

Adresse

Ville Du Cap-Haitien

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Radio Tele Espoir publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Radio Tele Espoir:

Partager