
25/01/2025
Antouka m pa ta swete monche sa rive nan nivo sa..
Men si yo rive la m konnen anpil moun ap nan kouri...
Kòm abitib m pa renmen bay move nouvèl, sepandan m pa renmen sa m ap li yo ditou nan dènye jou sa yo.
Selon New York Times ki repòte de yon sous anonim, Trump ta mande pou mete sou lis mennen tounen menm moun ki ta antre nan pwogram Biden ak Pwogram CBP One yo.
Ou ka petèt di l pap jwenn ou, kounya imajine si w pa gen TPS oubyen yon vye kat travay sou Azil, gen posibilite pou ke kat travay sa ki nan men w lan vin pa valid ankò. Jan m te toujou konseye nou, pa kite kay moun ki te antre w lan nan bouch louvri paske lè 4 mare 14 ou ka bezwen l ankò.
Pou knya mouche an poko di anyen pou TPS, si mche manyen zèl kat sa, ap gen plis ke 400 mil Ayisyen ki nan kouri si lajistis pa frennen mouche an.
M pa vin fè kè pèsonn sote, se pa abitid mwen, sepandan pi ta ka pi tris.