Haïti Info Créole

Haïti Info Créole Actualite la culture,le sport,la politique et l'information de toute sorte.

Enfòmasyon: Dènye nouvel sou  òm dafè ayisyen  Reginald Pierre Boulos, bagay la genlè depase  ICE! Boulos  deklare ke pr...
19/07/2025

Enfòmasyon:
Dènye nouvel sou òm dafè ayisyen Reginald Pierre Boulos, bagay la genlè depase ICE! Boulos deklare ke pral gen gwo kouri.

Lajistis Ameriken akize Boulos de anpil krim, yo akize li nan asasina ansyen prezidan Jovenel la, yo akizel de blanchiman lajan, koripsyon, asosyasyon malfetè, sipòte gang an Ayiti ak anpil lot. Dòktè Reginal Pierre Boulos ki te nan sant detansyon Alligator Alcatraz la transfere nan yon lòt sant detansyon. Yo kenbe misye paske li ta sanble te gen TPS li tap deye ajiste estati li pou rezidans. Misye ki te fet Etazini te renonse ak nasyonalite Ameriken li an. Boulos deklare tou ke li bay anpil enfòmasyon ak FBI e pral gen kouri, si FBI ta vle fè swivi nan kad enfòmasyon yo te mandel yo.

Kontinye abone avèk Chanel lan.

19/07/2025

Gwo sezisman gade yon wont KPT a pran nan men prezidan Kolonbyen an Gustavo Petro,pandan otorite yo ap tann prezidan petro nan Otèl Karibe ebyen misye pa mete pye l.
Men kijan sa te ye douvan anbasad Kolonbi nan Petyonvil,anpil sòlda Kolonbyen debake.

Kontinye abone avèk Chanel lan.

18/07/2025

Guy Philippe prezidan? Militan politik Bab mande pou popilasyon an mache ak z4m nan men yo nan jou yo pou chavire KPT a,pou Guy Philippe pran pouvwa.

Kontinye abone avèk Chanel lan.

Medsen Prezidan Ameriken an Donald Trump ta revele prezidan fè (IVC) ki sinifi insifizans venez kronik. Pandan prezidan ...
17/07/2025

Medsen Prezidan Ameriken an Donald Trump ta revele prezidan fè (IVC) ki sinifi insifizans venez kronik.
Pandan prezidan an tap fè yon ti pale ak la pres yon jounalis ta zoom do men prezidan an e reyalize gen yon pati nan do men prezidan an ki vrèman diferan ak kèk mak. Se pa premye fwa moun yo wè sa sou do men Trump.
Nap raplew nan mwa mas pase an la yon bagay konsa te rive e mezon blanch te bay menm eskiz la yo di se pa pwoblèm sante se twòp moun prezidan an bay la men ki fè sa, se travay li travay twòp se twòp rankont li fè.

Antouka fwa sa medsen Prezidan releve prezidan li sa klèman.

Kontinye abone avèk Chanel lan.

17/07/2025

Bwa Mare devan Ayopò Tousan Louvèti a yon moun ki kouri kite kay yon bandi fènk mande pou al mache pran PM Alix Didier Fils-Aimé ki pap regle anyen nan primati.

Kontinye abone avèk Chanel lan.

16/07/2025

Gwo sezisman,mèsenè Kolonbyen mande pou Lajistis lage yo,paske yo pa gen anyen pou wè ak sasinay ansyen prezidan Jovenel Moïse,wap sezi tande kèk non yon Kolonbyen site nan lanmò a.

Kontinye abone avèk Chanel lan.

Enfòmasyon:Otorite imigrasyon yo kòmanse ap voye papye bay mèt apatman yo nan pliszyè eta pou mande yo pou ba yo dosye a...
15/07/2025

Enfòmasyon:
Otorite imigrasyon yo kòmanse ap voye papye bay mèt apatman yo nan pliszyè eta pou mande yo pou ba yo dosye ak enfòmasyon sou moun yo ki lwe apatman nan men yo.
Bagay Sa lakoz anpil perèz ak gwo konfizyon kot anpil imigran ilegal kap lwe apaisant sa yo..

Kontinye abone avèk Chanel lan

14/07/2025

Se konfime!!!! Fritz Alphonse Jean se alye viv ansanm,wap sezi tande gwo konplo kap fèt sou do pèp la,pou Fritz Alphonse Jean rete prezidan sou pouvwa.
Rony Thimothé de viv Ayiti pale pawol sansib la.

Kontinye abone avèk Chanel lan.

11/07/2025

Aksyon sa fènk pase nan 33 douvan ministè Travo Piblik lan,anplwaye CNE yo debake ak tout poud yo pou yo poudre minis lan.
paske mouche Leta pa vle peye 11 mwa travay yo ak ti kat yo.
wap sezi wè kantite dega yo fè sou wout la.

Kontinye abone avèk Chanel lan.

La polis nan vil Kap Ayisyen voye al jwenn bawon 5 prezime bandi nan lan nwit jedi 10 jiyè pou leve vendredi 11 jiyè 202...
11/07/2025

La polis nan vil Kap Ayisyen voye al jwenn bawon 5 prezime bandi nan lan nwit jedi 10 jiyè pou leve vendredi 11 jiyè 2025 lan nan zone ODN.

Enfòmasyon yo fè kwè la polis te kanpe yon ti moto avèk 3 endividi ladan nan zòn Belè, men yo pa t vle kanpe e yo tonbe tire sou tout wout la sa kite lakoz lapolis te pou swiv yo e rive nan kafou ODN vètyè yo te rive blese mòtelman.

Apresa polisye yo pat kite zone lan tou swit yo vin kwaze 2 lot kap brake moun Preske nan menm zòn nan yo fè menm wout ak 3 premye yo.

Bilan materyèl 2 zam sou 2 gwoup endividi sa yo, idantite yo poko revele pou moman nap ekriw la.

Nou chwazi pa pibliye foto kadav prezime bandi yo ke Lapolis nan Okap touye nan lannuit Jedi pou louvri Vendredi 11 Jiyè 2025 lan foto yo chokan Facebook ap bay problèm pou sa.

Kontinye abone avèk Chanel lan.

Le Ministère de la Justice et de la Sécurité publique accorde un nouveau délai aux partis politiques pour régulariser le...
11/07/2025

Le Ministère de la Justice et de la Sécurité publique accorde un nouveau délai aux partis politiques pour régulariser leur situation administrative. Ils ont désormais jusqu’au 22 juillet 2025 pour soumettre les documents requis, sous peine d’être considérés comme non fonctionnels.

Apre plizyè atak  Prezidan Trump toujou fè nan peyi Iran,peyin iran  pa kache posibilite yo ka tiye Donald Trump tou.Yon...
10/07/2025

Apre plizyè atak Prezidan Trump toujou fè nan peyi Iran,peyin iran pa kache posibilite yo ka tiye Donald Trump tou.
Yon gwo ofisyèl Iranien fè konnen yo ka touye Prezidan an pandan li nan rezidans prive li a Mar a Lago nan Palm Beach, Florida.
Pou moutre tout moun nan mond la kijanl ka gè pou elimine Donald Trump men sa li.
Ofisyèl la di pandan Trump ka chita nan lakou lakay li ap chofe ti solèy epi yo ka jis frape li ak yon ti drone. Nap raplew sa fè plizyè menas lanmò Teheran fè Prezidan Ameriken an Donald Trump depi 2020. Trump oblije ogmante sekirite li nan Mar a Lago.

Kontinye abone avèk Chanel lan.

Dirección

San Luis Potosí

Teléfono

+50942983030

Página web

Notificaciones

Sé el primero en enterarse y déjanos enviarle un correo electrónico cuando Haïti Info Créole publique noticias y promociones. Su dirección de correo electrónico no se utilizará para ningún otro fin, y puede darse de baja en cualquier momento.

Contato La Empresa

Enviar un mensaje a Haïti Info Créole:

Compartir