05/03/2026
Istwa Flambeau de Meyer – Yon flanm ki pa janm etenn
Flambeau de Meyer se yon ekip foutbòl ki te fonde an 1977, nan yon epòk kote foutbòl lokal la t ap chèche idantite li. Depi premye jou yo, ekip la te pote yon lespri: disiplin, kouraj, ak fyète kominotè. Se pa yon ekip ki fèt pou jis patisipe li fèt pou fè bri.
Nan ane 2008, Flambeau te rive nan p*k li. Yo te viv yon moman glwa kote yo te make tèt yo kòm youn nan pi bon ekip nan chanpyona a. Men apre sa… bagay yo chanje.
Apre 2008,Flambeau pa t janm rive repran tit chanpyon an. Malgre bon match, bon jwè, ak anpil efò, chans lan pa t retounen bò kote yo. Ekip la menm te pran yon ti peryòd poz, kote li te sanble flanm nan t ap bese.
Men sa ki fè Flanbeau diferan, se ke li pa janm mouri.
An 2019, yon non te fè anpil bri:Rijkaart Augustin, pitit Meyer, Li vini ak yon nouvèl vizyon, yon nouvèl enèji, yon lide pou rekonstwi Flambeau depi rasin.
Li pa t vin sèlman pou jwe , li te vin pou rebati yon eritaj. Li mete disiplin, estrikti, ak lespri viktwa ankò nan ekip la.
Apre plizyè ane travay, sakrifis, ak rekonstriksyon, Flanbeau finalman reyalize yon gwo bagay: Yo vin chanpyon 4yèm edisyon Coupe Saint Jacques et Saint Philippe.
Se pa sèlman yon tit se yon rekonpans pou pasyans, lafwa, ak rekòmansman.
🔥 2 Me 2026 – Yon nouvo chapit.
Jodi a, 2 me 2026, Flambeau pa jis yon ekip ki gen istwa…
Li vin yon ekip ki gen lejand vivan.
Flanm nan pa janm etenn. Li jis t ap tann bon moman pou li limen pi fò ankò.