Koze9 Ayiti pap peri 🇭🇹❤️
(15)

Eske nou panse reyèlman se san enterè atis yo te konn ap plede fè manifestasyon sou Jovenel ? 🤔Izolan jire sou lavi piti...
09/22/2026

Eske nou panse reyèlman se san enterè atis yo te konn ap plede fè manifestasyon sou Jovenel ? 🤔

Izolan jire sou lavi pitit li kel pat konn pran lajan nan men politisyen pou mennen manifestasyon Atis yo… 👀

🚨 Bòn nouvèl !!! Ofelina Fr Luckson Zòn pa fè Moun anonse ke plis pase 15 Timoun gradye nan enfòmatik ! 😍Pandan ke Sonso...
09/21/2026

🚨 Bòn nouvèl !!! Ofelina Fr Luckson Zòn pa fè Moun anonse ke plis pase 15 Timoun gradye nan enfòmatik ! 😍

Pandan ke Sonson deside fè lòt wout la, Fr Luckson kontinye ap plante konesans, disiplin ak espwa pou sosyete a. 🫡

Felisitasyon ak Timoun sa yo ki deside fè pwosesis Fr Luckson nan konfyans jiskaprezan. Jodi a se gradyasyon an, men demen se pou yo ekri pwòp istwa yo. 👏

Ann kontinye swete yo bòn chans… 💫🙌

🚨 Nan yon emisyon sou platfòm Ayibosport, Mèt Nathan fè konnen si Ballon D'or a se pou meye jwe mond lan, se Messi pou y...
09/20/2026

🚨 Nan yon emisyon sou platfòm Ayibosport, Mèt Nathan fè konnen si Ballon D'or a se pou meye jwe mond lan, se Messi pou yo bay li ! 😍

Mèt la kwè pwopagan Yamal ak Mbappé ap fè pou yo di se yo ki meyè jwè mond lan pa anfavè yo. « Sa yap pran kòm agiman an, yo youn pa meyè ke Messi. Pawòl meyè jwè du monde lan se pou Messi yap fè kanpay sa. » 🥶

Nathan di « Nou tout tap gade Coupe du monde lan nou te wè kiyès ki te pi fò. »

Kisa nou panse de entèvansyon Mèt la ?

🚨 Pou Ti koze ak Lynn dosye Ariana se yon wont pou leta ayisyen ki tap pran pòz onore li aprel te fin chanpyon House of ...
09/20/2026

🚨 Pou Ti koze ak Lynn dosye Ariana se yon wont pou leta ayisyen ki tap pran pòz onore li aprel te fin chanpyon House of Challenge epi pou kounya se konsa yap tretel nan koze machin nan. 🇭🇹🌚

Nan yon post sou kont Facebook li, Lynn di « Nap mamde leta ayisyen pou fasilte Ariana jwenn machin li ya. Pou koze taks fèl poko ka dedwane machin nan se ipokrizi.
Ariana se yon VIP pou popilasyon an, nou dwe jerel konsa. Li bezwen franchise pou dedwane machin lia. Kounye a, li oblije ap voye sa Bovan ap bali a nan peyi papal. »

Eske nou panse vre Ariana ta dwe jwenn yon men leve pa rapò ak tout lòt Sitwayen Peyi a nan men Leta ?

🚨 Apre tout vag kritik ke lap resevwa sou rezo a, Westerlie soti nan silans li poul fè konnen li konstate nivo haine ke ...
09/20/2026

🚨 Apre tout vag kritik ke lap resevwa sou rezo a, Westerlie soti nan silans li poul fè konnen li konstate nivo haine ke anpil moun gen pou li e sa afekte li jis nan zo… 🥺

Jèn Biznismann Ayisyèn nan ap konnen yo moman difisil anba maladi kote ke li menm arive fémen restoran li yo e se nan moman sa anpil moun chwazi fè plizyè kòmantè negatif sou li ki menm arive fè enpak sou li. 😢

Nap mande Pèp la pou sispann ak vye kòmantè yo sou rezo a paske yo rive sou Westerlie. An nou pwofite voye anpil fòs pou li avèk fanmil anba moman difisil sa nan plas kritik yo.

🚨 Daprè Kimberly Pierre, jodia, Yan Diomande montre li pral konkiranse Vinicius seryezman sou kote Goch la ! 👀Kim ale pi...
09/20/2026

🚨 Daprè Kimberly Pierre, jodia, Yan Diomande montre li pral konkiranse Vinicius seryezman sou kote Goch la ! 👀

Kim ale pi lwen poul di « Si se pou Karyè Vinicius ap titilè men sou sakap fèt la, vrè plas Brezilyen an se sou Ban li ye nan ekip Real Madrid la. 🥶

Eske nou pataje opinyyon sa?

🚨 Judes Celestin fè yon bèl entèvansyon sou ka Westerlie a ki oblije fèmen pòt restoran li yo, li raple yon bagay enpòta...
09/19/2026

🚨 Judes Celestin fè yon bèl entèvansyon sou ka Westerlie a ki oblije fèmen pòt restoran li yo, li raple yon bagay enpòtan nan biznis: kritike yon pwojè pa vle di ou rayi moun ki dèyèl la.

Anpil moun te avèti Westerlie sou kèk risk ki te ka afekte restoran li yo. Sa pa vle di yo te egri oswa yo pa t vle li reyisi pou sa.

Judes fè konnen li menm tou li te bay Westerlie yon konsèy. Li te di Westerlie moun Indiana pa eklere ase pou mòd restoran sa. Li tap gen plis chans Boston, Nouyòk ou byen Miami men malerezman Pèp la te lapidel.

Ajan Pwokatè a kwè, nan antreprenarya, se pa tout moun ki di yon pwojè ka echwe ki egri oswa ki vle wè ou tonbe. Gen kritik ki ka baze sou analiz, eksperyans ak reyalite ekonomik. Se pa tout kritik ki merite joure. Gen kèk kritik ki ka pi itil pase yon seri konpliman ki pa gen okenn valè.

Ka restoran Westerlie yo montre yon bagay enpòtan. Gen yon biznis oswa plizyè ka bon lide, li ka toujou ekspoze ak gwo risk. Se responsablite antreprenè a pou evalye risk sa yo, aksepte konsekans yo epi ajiste estrateji li lè sa nesesè.

Nan biznis, se aprann koute, analize, korije epi kontinye avanse.

Kisa nou panse de bèl entèvansyon sa ?

Fanatik Barça yo di kounya si ATM paka ba yo Alvarez pou 80 milyon, yo pa bezwenl 🤚😆
09/19/2026

Fanatik Barça yo di kounya si ATM paka ba yo Alvarez pou 80 milyon, yo pa bezwenl 🤚😆

🚨 « Bondye ka padone krim¡nèl yo, men se pou yo peye tout sa yo fè sou tè a. » Sa mesaj Prezidan Salvador a, Nayib Bukel...
09/19/2026

🚨 « Bondye ka padone krim¡nèl yo, men se pou yo peye tout sa yo fè sou tè a. » Sa mesaj Prezidan Salvador a, Nayib Bukele, voye pou g4ng yo. 🥶

Anvan Bukele te pran pouvwa a, Peyi Salvador te anba gwo enfliyans g4ng pi mal ke Ayiti. Bukele te chwazi yon politik trè di kont g4ng yo. Li te fè gwo operasyon ak polis ak lame, epi mete plizyè dizèn milye moun nan prizon. Chif ofisyèl yo montre yon gwo bès nan asasina nan peyi a.

Jodi a, Ayiti ap fè fas ak yon sitiyasyon ki gen kèk resanblans. Gwoup ame yo kontwole plizyè zòn, popilasyon an ap viv nan laperèz menm jan Pèp Salvador a tap soufri a.

Ki Ayisyen nou panse ki ka tranble ti mesye ame yo ak yon mesaj konsa nan tèt Peyi a ?

🚨ALÈT ENFO ! Selon sa Rudy Sanon fè konnen, gen plizyè rezo mafya ki jwenn sipò kèk moun nan Leta kap mache vòlè byen mo...
09/19/2026

🚨ALÈT ENFO ! Selon sa Rudy Sanon fè konnen, gen plizyè rezo mafya ki jwenn sipò kèk moun nan Leta kap mache vòlè byen moun Ayiti. 👀

Travay nèg sa yo se monte vin reklame tè ak kay ke diaspora yo achte byen chè nan Peyi a. Anpil moun deja vik¡m anba rezo mafya sa yo, se sak fè Rudy konseye tout bon diaspora kite gen lide vin envesti Ayiti pou yo fon ti poze, kite kòb nou nan Bank toujou.

Address

N
Americus, GA
14609

Telephone

+12293315509

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Koze9 posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Shortcuts

Share