04/21/2026
Dr. Pasteur Jean Carlo LAURENT se yon lidè espirityèl angaje, ki fèt 17 oktòb 1991 nan Carrefour, Ayiti. Depi byen bonè nan lavi li, li te grandi anba enfliyans lafwa manman li, ki te jwe yon gwo wòl nan fòmasyon espirityèl li. Se an 2003 li te pran yon angajman serye pou bay lavi li bay Jezi Kris, yon desizyon ki make yon nouvo direksyon nan egzistans li.
Apèl li nan ministè pa t rive pa aza. Depi laj 6-7 an, li te deja santi yon rale espesyal pou sèvi Bondye, ak yon konfimasyon klè ki te kontinye devlope pandan plizyè ane. Avèk sipò plizyè lidè espirityèl tankou Pasteur Moragène Limora ak Evêque Telus, li te antre pi fon nan travay ministè a, kote li te deja ap manifeste don predikasyon depi li te kòmanse vin konsyan de misyon li.
Jean Carlo a fòme nan RHEMA Ecole Biblique International, kote lap etidye teyoloji pratik, epi li posede yon sètifika seminè. Jodi a, li ap sèvi kòm Docteur – Pasteur nan Église Echelle Bethel de Grand-Goâve, ak plis pase 16 ane eksperyans nan ministè. Travay li konsantre sou predikasyon, konferans, fòmasyon, ak devlopman espirityèl kominote a.
Nan angajman li pou avanse wayòm Bondye a, li patisipe nan plizyè kanpay evanjelizasyon nan Grand-Goâve ak lòt seksyon, epi li fè misyon nan plizyè depatman tankou Lwès ak Grandans. Li gen yon kè espesyal pou jèn yo, kote li òganize konferans ak fòmasyon pou ede yo grandi nan lafwa.
Pami reyalizasyon li yo, li ede devlope Église Echelle Bethel de Beaumont, epi li mete sou pye pwogram espirityèl tankou CHRISTIPULAT CMC ak BT1. Li se tou otè plizyè ti liv ki sèvi pou edifye kominote kretyen an.
Vizyon li klè: wè Bondye vin vizib atravè lavi chak jèn. Mesaj prensipal li se “manifeste Kris”, pandan li pote yon plan transfòmasyon ki rezime nan kat mo: Réveil, Réforme, Restauration, Révolution.
Avèk vèsè li renmen anpil, Pwovèb 4:23, ak deviz li “Lavi mwen se Kris”, li kontinye enspire yon jenerasyon pou viv yon lavi ki santre sou Kris. Mesaj li pou jèn yo rete fò: “Destine nan Kris la se pi gwo rèv yon moun ka genyen.”