06/27/2025
Fadette Colin se yon chantèz-konpozitè ak antreprenè ayisyèn k ap viv Ozetazini. Li te fèt nan Pòtoprens ak paran ki soti nan Sidès. Li te grandi ak yon gwo sansiblite atistik ansanm ak atachman a kilti peyi li.
Apre li te konplete Metriz li a Nice, nan peyi Lafrans, ak nan San Francisco, li te deplase ale Georgia an 2010, kote li ap viv ak kreye mizik jodi a. Apre li te travay nan telekominikasyon kòm yon enjenyè, li te kòmanse karyè li nan sèvis finans ak envestisman byen imobilye. Sepandan, lanmou li pou atizay, fè l retounen nan pasyon danfans li: kreyasyon. Tranzisyon sa a pèmèt li eksprime idantite kiltirèl li ak ayisyènte li nan fason elegan ke li kominike lide li sou sa nou ye.
An 2023, li te antre ofisyèlman nan mond mizik la ak yon premye single remakab, "Wololoy!", ki te pral abouti an ete 2024 avèk yon album 10 mizik ki konbine modènite ak rasin ayisyèn. Pami mizik ki pi popilè yo nou jwenn: "Wololoy!", "Wifout!", "Sòs", "Bèkèkè", "Tande m Tande", "Marye", "Fouyapòt", "Tèt Cho", "Lang", ak "Nwèl Remèt Jwet". Mizik li yo disponib sou gwo platfòm dijital (Spotify, Apple Music, YouTube, elatriye), e yo tou akonpanye ak bèl videyo ofisyèl yo ke atis la realize avèk anpil atansyon pou revann kilti nou.
29 jen 2025, Fadette Colin retounen ak yon nouvo 'single' ke anpil moun ap ret tann: "Wòl Segon", an kolaborasyon ak Martine Alexandre, yon chantèz ki plen talan, ki fè non pou tèt li atravè bèl pèfòmans, e ki se yon atis ke anpil fanatik konpa ak mizik ayisyèn renmen. Trak sa a trèz atiran e li gen yon trè bon vayb ladan li ki make yon nouvo etap enpòtan nan karyè Fadette, kote li afime matirite vokal li, metriz li sou sèn, ak kapasite li pou konstwi pon ant jenerasyon atistik.
Fadette Colin kolabore ak plizyè pwofesyonèl enfliyan nan endistri mizik ayisyèn lan, ki gen ladan li, Richard Noël, aka Mèt Fah, pwodikdè ki ap akonpanye li nan devlope ekriti, pwodiksyon, ak direksyon atistik pwojè li yo. A travè mizik li ak vwa li, Fadette ofri nou yon bagay frè, sensè e nou wè nan li yon atis ki detèmine nan mizik kontanporèn. Li ofri yon eksperyans mizik trè rich, ki plen sans e ki ouvè a mond lan, pandan l ap envite piblik la redekouvwi Ayiti ak fyète, ak pwezi.