07/25/2026
JEZI KRAZE SÈKÈY POU OU DEJA?
Yon nèg madanm li te ansent. Yon swa, aprè yon ti diskisyon, yo ale dòmi.
Nan mitan lannwit, vant fi a kòmanse fè l mal anpil. Nèg la kouri rele taksi pou mennen l lopital.
Lè yo rive, doktè a egzamine l epi li di:
"Msye, madanm ou fè eklanpsi, li pa gen vi ankò. Li mouri."
Nèg la tonbe kriye, li mete ajenou devan pòt lopital la epi li di:
"Jezi, mwen se sèvitè w! Fè m kado bebe a menm si madanm mwen mouri!"
Doktè yo fè operasyon an prese, bebe a soti vivan, san okenn pwoblèm!
Men nèg la pa sispann priye, li rele:
"Jezi papa m! Mwen konnen madanm mwen pa mouri! Reveye l pou mwen tou papa!"
Doktè yo di l: "Msye ou fou? Li mouri depi lè l vini an. Nou fin fè operasyon an, anyen pa mache nan kò l ankò."
Nèg la reponn: "Dok, se dòmi l ap dòmi. Pa rele anbilans pou mennen l mòg la. Ban m 5 minit priyè toujou!"
Dlo anvayi je l, li kontinye jene, li di: "Seyè, kilè w ap reveye madanm mwen k ap dòmi an pou l ka vin pran swen pitit li a?"
Epi toudenkou... kè fi a fè ZIP! Li bat!
Doktè yo kouri mete l nan sewòm, li revini!
Nèg la gade doktè yo epi l di: "Mwen te di nou se dòmi li t ap dòmi! Bondye se sipriz li t ap fè m pou m te ka rekonèt grandè l!"
Epi nèg la tonbe chante: *"JEZI KRAZE SÈKÈY LA LAKAY MWEN..."*
Si w kwè Jezi kapab kraze sèkèy ou deja, pa neglije pataje istwa sa a si w rekonèt grandè Bondye.
Bondye beni w!
*Magazine Union Chrétienne 👍🏾 Peze ti gri a Abòne*