Nouvou Veni Ozetazini-NOV

Nouvou Veni Ozetazini-NOV Nenpòt ki bò ou ye sou latè depiw se ayisyen konnen nou se yon sèl fanmi. An nou ini.

04/20/2024

M refize konprann bagay sa a,ayisyen pale mal de ayisyen an jeneral ak ayisyen e li c ayisyen.Kòman nou 2 an santi nou?.Stipid!!!.

03/20/2024

C sou lyen sa ou dwe antre dirèktman pou tcheke estati taks ou an:https://sa.www4.irs.gov/wmr/shared_secrets
IRS trè strik ane sa li voye mande a anpil moun pyès idantifikasyon ,sitou moun ki fil taks premye fwa yo.
M konseye nou tout enterese fè kat "sate ID"nou ,kat travay lan pa konsidere kòm yon vrè "ID".

03/14/2024

Gen yon fenomèn ki kòmanse la kap pral afekete nou veni yo anpil ,moun chili m yo ap konprann sa trè byen.
Kisal ye?.
C ke sonje lh n t fenk vini apre 2010 de pi w rive Chili pandan papyew an tranmite yo baw travay .
Men apre Michelle Bachelet t fi n tonbe ,avèk Piñera bagay yo t chavire,non sèlman t vi n gen plis imigran e ,plis konpetisyon ak pil venezyelyen ki tou pale espanyòl e anpil pwofesyonèl tou sa t vi n fè kominote nou an soufri anpil.Paske nan moman sa yo ,ou t vi n bezwen papye definitif ,plis lang ,e yon metye pou ka kontinye frape.
Aktwelman c sa ki sou wout rive USA ,lh n te fenk vini mal konsa ye nou jwenn yon ti degaje ,nou jwenn èd pou n bouje annatandan ,men aktwelman.Bagay yo komanse chanje , kounye an fòk ou gen papye travay ,fòk ou gen ti anglè pou ka fè entèvyou, siw ka ajoute yon metye teknik lap enpòtan anpil .

Siw nan Massachusetts ,Boston espesyalman men konsèy mwen pou ou ,siw pa pranl ou riske soufri pi Devan.

Mete Anglè avan ,premye 3 mwa pandan wap tann Kat travay ou,pran klas anglè an,anpil òganizasyon bay li.Fèsa Pa vrèman pou gentan domine anglè, men pou ka prepare w pou anglè entèvyou travay.Òganizasyon kite edem jere sa trè byen selon eksperyans mwen c t JVS Boston ,li nan 75 Federal St, downtown,la yap baw yon anglè laboral(English Careers).Depi andan an yap komanse edew cheche travay tou tout bagay gratis.
Gen anpil lot òganizasyon kap edew anpil tou , tankou IFSI ,ak anpil lòt m konseye nou Swiv Me Alce MK Henry ki c yon bon konpatriyòt konsekan kap fè yon gwo travay ase Enpòtan sitou nan Kesyon resous e oryantasyon pou kominote an ,Swiv li nou pap regrèt.

02/22/2024

🤔🤔🤔🤔

08/25/2023

Bon Ayisyen genlè poko ap ka dekouvri vrè ènmi yo vre non, c pa gen kèk grenn kan menm ki Pat konprann travay Morvan nan?.
Mwen jis vle pou misye tounen an plis pwofesyonèl epi bon agiman e prèv tanjib.Epi plis fokis sou krazèd peyi yo, pa nan choute sou sivil ou gen ti pwoblem pèsonel ak yo, djès vini ak gwo dosye krazèd peyi yo, gang e alye yo pou nou, dosye peyi.Misye sanble pran nan konplo wi, c pa posib pou moun pwòp ap mande koriptè, raketè padon non, c yon wont pou moun serye wi.
Piga zòt yo panse yap jwenn padon tou non, gade tenten mesye🙆‍♂️😭.

Address

Boston, MA
02126

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Nouvou Veni Ozetazini-NOV posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Nouvou Veni Ozetazini-NOV:

Share