
09/10/2025
🔥🔥🔥
🔥🇭🇹 Wi. Sa nou sot wè a se sa!
Grenadye yo fè solèy la leve a minwi! Yo fè peyi a danse san mizik!
Rezilta a: 3-3, nan yon match ki deja antre nan listwa foutbòl ayisyen an, avèk yon triple istorik pou Duckens Nazon ak yon pèfòmans kolektif ki make tout moun. Grenadye yo montre ke, kèlkeswa rezilta tablo a, Ayiti toujou kanpe, toujou soti grif li, toujou fyè.
Batay pou kalifikasyon an ap kontinye, e FHF gen tout konfyans nan ekip sa ki ap defann koulè nou avèk onè.