10/04/2026
Semèn Nasyonal Lasante a, jodia se 10 avril 2026.
Yon gwo mobilizasyon pou byennèt popilasyon an nan lakou .
Nan objektif pou ranfòse aksyon prevantif ak sansibilizasyon nan domèn sante piblik, dewoulman jounen Semèn Nasyonal Lasante a te fèt nan yon bèl anbyans nan lakou Sèvis Nasyonal Jesyon Rezidi Solid (SNGRS) jodi 10 Avril la, Tiplaskazo. Aktivite sa te rasanble plizyè santèn moun ki te vini pou benefisye sèvis ak konsèy sou sante.
Evennman sila a te reyalize anba lidèchip , Minis Sante Piblik la, avèk kolaborasyon , Direktè Jeneral la, ak , Direktè Jeneral Adjwen an.
Inisyativ sa a montre klèman volonte otorite yo pou mete sante piblik ak pwòpte anviwonnman an nan kè devlopman peyi a.
Pami aktivite ki te make jounen an, te gen seyans ledikasyon sou sante, sou sante fanmi, planin familyal, ansanm ak yon mobil ki te ofri swen gratis ak medikaman bay popilasyon an.
Anpil jèn fanm, gason ak timoun te pwofite sèvis sa yo, sa ki montre enpòtans ak enpak dirèk aktivite a sou kominote a.
Prezans plizyè pwofesyonèl sante tankou doktè, enfimyè, ajan sante kominotè, sekouris ak fanmchay te bay aktivite a yon dimansyon plis kredib ak efikas. Gras ak patisipasyon yo, anpil moun te jwenn konsèy medikal, swen debaz ak oryantasyon sou kijan pou amelyore kondisyon sante yo chak jou.
Kloti Semèn Nasyonal Lasante sa a pa sèlman make fen yon seri aktivite, men li ouvè pòt sou yon nouvo angajman pou kontinye travay sou prevansyon ak pwomosyon sante nan tout kwen peyi a. Li mete aksan tou sou nesesite pou gen plis kolaborasyon ant enstitisyon leta yo ak estrikti kominotè yo.
Nou salye jefò M. Sinal Bertrand ansanm ak Dirèktè Daril Balthazar ak DG adjwen SNGRS la, M. Ernseau Letang pou lidèchip yo ak angajman yo nan amelyorasyon sante piblik ak pwòpte anviwonnman an Ayiti malgre sitiyasyon difisil yap fè fas kote kesyon sante al fatra toujou peze yon gwo pwa nan balans lan.
Yon lòt fwa ankò, aktivite sa a pwouve ke lè gen volonte ak kolaborasyon, li posib pou pote chanjman pozitif nan lavi popilasyon an.