11/12/2025
Triomphe de Liancourt: Yon gwo non nan foutbòl Latibonit ki viktim sitiyasyon difisil.
Pandan foutbòl la ap reprann fòs nan Latibonit ak “Ligue Haïtienne de Football” la kap dewoule, youn nan pi gwo non espò nan depatman an, Triomphe AC, rete yon absan fòse nan nivo nasyonal la.
Klèb la, ki toujou te reprezante komin Liancourt ak anpil fyète, ap viv yon moman difisil apre yon seri de dega ak dezòd ki te frape zòn nan dènye mwa yo. Sitiyasyon sa a te afekte pa sèlman fanatik ak jwè yo, men tou plizyè fanmi nan komin nan, ki te viktim anba men kèk machann dezagreman ki kreye laperèz nan vale a.
Anpil moun Triomphe AC te konn jwenn bakòp nan men yo sibi domaj, sa ki te rann preparasyon ak patisipasyon ekip la nan nouvo fòma chanpyona nasyonal la enposib.
Malgre tout difikilte sa yo, pasyon pou foutbòl la pa janm mouri nan kè aktè yo. Ansyen jwè, dirijan, ak fanatik klèb la kontinye montre detèminasyon ak espwa pou wè Triomphe AC tounen sou sèn nasyonal la byento.
Pou anpil moun nan Latibonit, Triomphe AC se plis pase yon klèb, se yon senbòl idantite, fyète, ak rezistans yon komin ki toujou leve tèt li malgre difikilte.
Nan moman kote foutbòl ap chèche wout li ankò atravè peyi a, vwa fanatik obsèvatè yo rete klè:
“Nou kwè Triomphe ap leve ankò. Li toujou fè pati istwa foutbòl ayisyen an”.
🖊️