RADIO TELE Ekilib

RADIO TELE Ekilib Analiz san fòs kote chita nan EKILIB la

Nou fe chwa poun sevi kominote ayisyen nan nan pataje bon jan enfomasyon de fason reponsab e serye

Wap jwenn enfomasyon politik, sosyal ak ekonomik yo sou depatman Latibonit ak nan lot rejyon peyi.

12/14/2025

Pandan anpil moun rete nan silans yo, Willys Estelan, ki gen ti non jwèt Papayo, ki se yon bwokè devan ladwàn Senmak, leve vwa li dimanch 14 desanm 2025 pou denonse sa li rele abi k ap fèt nan biwo ladwàn pwovens yo, sitou Senmak.

RTE,tèt klasman.

12/09/2025

Vis delege awondisman Senmak la, Pérès Casseus, jounen lendi 8 novanm 2025 lan, fè konnen pouvwa a ap pran bon jan dispozisyon pou konbat ensekirite nan zòn nan. Li pwofite reponn pou moun kap plede mande pou'l demisyone yo.

RTE,tèt klasman.

17 anplwaye EDH (Elektrisite Ayiti) kidnape nan Kafou pa gang Krisla selon sa   fè konnen. Anplwaye sa yo t ap repare yo...
12/09/2025

17 anplwaye EDH (Elektrisite Ayiti) kidnape nan Kafou pa gang Krisla selon sa fè konnen.
Anplwaye sa yo t ap repare yon liy elektrik nan moman zak kidnapin sila.

Pandan semèn nan, nan yon video kap sikile sou rezo sosyal yo, Chèf gang lan tap mande pou Kafou jwenn kouran paske, pou li menm, li pa posib pou se sous estasyon kap alimante Delma ak Petyonvil epi zòn lap dirije a nan nwa.

Nap raple ke pa gen prezans Lapolis depi anviron 2 lane nan Kafou pandan ke tout bagay ap fonksyone san ke Leta pa montre okenn enterè pou chanje sityasyon sila.
***
RADIO TELE Ekilib

12/09/2025

Senmak|Ensekirite
Komisè Polis la mande popilasyon an poul rete tèt frèt.

Nan yon ti pale ak laprès lendi 8 desanm 2025 lan, komisè polis awondisman Senmak la, Ereste Nestor, bay kèk garanti sou sekirite vil la. Li mande popilasyon an pou kontinye kolabore ak lapolis nan batay kont ensekirite a.
****

RADIO TELE Ekilib ,tèt klasman.

12/06/2025

Pastè Pierre Antoine Jacques ak madanm li Sè Emmanise Jacques, atravè legliz Nazaréen nan vil Senmak, kontinye pote manje ak bwason bay viktim atak Pon sonde, yo sou plas Philippe Guerrier nan Senmak.
Yo pare pou kontinye ede viktim yo, si lòt moun ki pote kolaborasyon yo.

12/05/2025

Jounen vandredi 5 desanm 2025lan, yon ekip repòtè RTE te fè yon vizit nan lokalite Pon sondé, jou apre retrè gang Gran grif Savyen yo ki te anvayi zòn nan. Vizit sa a te fèt pou konstate dega yo, rankontre ak viktim yo, epi pote temwayaj sou kondisyon difisil plizyè fanmi ap viv, apre yo te oblije kouri kite kay yo anba menas ak zak vyolans bandi yo.

Big shout out to my newest top fans! 💎 Venau jean , Analia Console, Anne Glory Fabrinna Patience, Slovenson Jasmin, Jose...
12/05/2025

Big shout out to my newest top fans! 💎 Venau jean , Analia Console, Anne Glory Fabrinna Patience, Slovenson Jasmin, Joseph W Deshommes

Drop a comment to welcome them to our community,

12/04/2025

Jerry François, yon jèn gason, yo te sispèk epi akize kòm moun ki tap filme antèman militan otodefans Kapyat, Ginenkila Kanga-O ,madi 2 desanm pase a, pou ta voye bay taliban yo, rakonte nan mikwo laprès, jedi 4 desanm 2025 lan, kijan li te viktim epi manke pèdi lavi li anba men pèp la,pandan li fè konnen,li te inosan.

*RTE*,tèt klasman.

12/03/2025

Majistra Monri a Blaise Elize te pale ak lapres aprè finiray Henry Claude Blanc( Ginen ki la) kite tonbe nan afrontmen ak neg Taliban yo

12/02/2025

Nou an direct nan Anteman Henry Claude Blanc (Ginen ki la ) chante maten Mardi 2 desanm nan

Gouvènman adopte projè Dekrè lwa elektoral la e di lap prepare pou eleksyonNan yon kominike pou laprès, Gouvènman a fè a...
12/02/2025

Gouvènman adopte projè Dekrè lwa elektoral la e di lap prepare pou eleksyon

Nan yon kominike pou laprès, Gouvènman a fè ayisyen fè konnen ke Mesye Laurent Saint CYR, Prezidan Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la (CPT), te prezide yon sesyon solanèl Konsèy Minis yo lendi 1ye desanm 2025, an prezans Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, manm CPT yo ak manm gouvènman an.

Nan diskisyon yo, yo te rive adopte Pwojè Dekrè Elektoral la nan Konsèy Minis yo. Adopsyon sa, selon Gouvènman an, se yon pa enpotan pou òganize eleksyon pi vit posib, an akò ak volonte lejitim popilasyon an ak prensip repibliken yo.

Pilwen, Gouvènman di yap angajman yo pou aplike tout mezi nesesè pou garanti yon pwosesis elektoral transparan, enklizif, epi an sekirite. Pou li menm, Dekrè ki adopte a defini avèk presizyon pwosedi yo, delè yo, ak fason pou peyi a rive eli reprezantan li yo byen vit epi kap rive ranfòse fondasyon demokrasi nasyonal la.
****
RADIO TELE Ekilib

12/02/2025

Nan sware lendi 1e desanm 2025 lan, yon foul moun te pran lari nan vil Senmak pou rann dènye omaj bay Henri Claude Blanc, alyas Ginenkila Kanga-O, sòlda otodefans Kapyat la, ki te tonbe anba bal bandi taliban yo, 20 novanm pase a, pandan li tap goumen pou libere komin Monwi.
Yon mach ki chaje ak emosyon pou onore memwa yon sòlda anpil moun konsidere tankou yon ewo.

Kredi videyo: Emmanuel Philius

RTE,tèt klasman.

Address

Boynton Beach, FL
34120

Telephone

+50934765190

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when RADIO TELE Ekilib posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to RADIO TELE Ekilib:

Share