Michel Myc Cooper

Michel Myc Cooper Godmade
Journalist, Humorist, TIC Specialist, Political Strategist, Marketer, Influencer..

Black la resevwa yon bouke flè, sa tèlman touche li, li tonbe kriye, telman emosyon anvayi li, jès la fèl santi li konte...
01/11/2026

Black la resevwa yon bouke flè, sa tèlman touche li, li tonbe kriye, telman emosyon anvayi li, jès la fèl santi li konte, ebyen sa pat pran temps pou entènot yo te mande anraje, ap di li pil vye Betiz nan kòmantè, tretel de tout vye mo sal 🥲
Pouki tout Rayisman sa anvè Black la 🤔...
Poukisa sosyete nou an renmen rabese, blaze fanm fasil konsa, poutan mpa jàm wè yo fèl pou gason ? Pi mal, pifò se fanm kap reyaji mal konsa 😱
Kiyès ki pafè nan mond sa ?
Kiyès nou ye pou n'ap jije di konsa ?
Mpa konnen'l, ni mpa janm kwazel yon jou
A laj li (timoun 2000) m'plis wèl tankou yon viktim sosyete a..🙌🏻 Pa bò isit yo aplodi gason ki pataje n**e fanm yo, yo kilpabilize fanm ki Viktim lan 🤔

01/10/2026

Polisye Okap yo genlè pa konn sa ki rele lalwa ditou ohh ! 😱
Sa yo se abi wi timesye..

01/10/2026

Sitwayen sa ki di li se mèt Yon biznis sou Boulva okap la ki tap revandike di leta ba li papye pou biznis li, menm leta paka vin krazel konsa konsa, pandan li tap pale Komisè Gouvènman okap la Eno Zéphirin pouse main misye, misye pouse main komisè an, saw tande yan yo maltrete misye anba kalòt, kout pye, koit zam menm arive kase tèt misye...

Kisa nou panse de Berny Jacques, Depite Sa ki fèt en Haiti ki Prezante Yon Pwojè Lwa Pou Entèdi Imigran Ayisyen kou etra...
01/10/2026

Kisa nou panse de Berny Jacques, Depite Sa ki fèt en Haiti ki Prezante Yon Pwojè Lwa
Pou Entèdi Imigran Ayisyen kou etranje ki pa gen Papye Genyen Kont Bank Ak Achte Kay.

NB : Berny Jacques Fèt An Ayiti.

FLASH : Mobilize, MobilizeSe pa sèlman Messi ak Critiano poun sipòteFòl fè pou pitit tè an tou men jan frè ak sèm Melchi...
01/09/2026

FLASH : Mobilize, Mobilize
Se pa sèlman Messi ak Critiano poun sipòte
Fòl fè pou pitit tè an tou men jan frè ak sèm
Melchie Bouke fè fyete Haïti, map wè si nou pap rekonpansel a grenn vote la nan final konkou 433 pou bal Bag lò a 🙌🏻🥳
Men lien Ig pou al Vote a : https://www.instagram.com/p/DTS7z5JCCbv/?igsh=MWFrdno4b3cyZXkxdQ==
Patajel ak tout kontak ou, Sou tout paj ou yo
Nou Dwe Champion guys ✅️🇭🇹

Atis Dieudone Larose mouri 🥲 apre yon long konba anba maladi...Nap Raplew Dieudone mouri a 80 laneAne sa ta pral fè li 8...
01/09/2026

Atis Dieudone Larose mouri 🥲 apre yon long konba anba maladi...
Nap Raplew Dieudone mouri a 80 lane
Ane sa ta pral fè li 81 lane,
li fèt 5 juin 1945 nan zòn Cabaret
R.I.P LEGEND

Sa kap pase okap konsa  🤔😱Men foto Fanmiy yo rive jwenn ki Mouri anndan Machin Subaru blan an nan Vil Okap.... pami moun...
01/07/2026

Sa kap pase okap konsa 🤔😱
Men foto Fanmiy yo rive jwenn ki Mouri anndan Machin Subaru blan an nan Vil Okap.... pami moun yo :
➡️ Wilnica Brize, 33 lane (manman)
➡️ Ralph Gustave (papa)
➡️ Wildensky Rolph Gustave, pitit gason an, elèv Kolèj Notre-Dame Okap, selon pyès idantifikasyon yo.

Polisye nan Saint Marc krible ak bal machin  demwazèl 16 lane sila te ye an, li mouri tèt nwè 😭, Li rele Amanda Charléus...
01/05/2026

Polisye nan Saint Marc krible ak bal machin demwazèl 16 lane sila te ye an, li mouri tèt nwè 😭, Li rele Amanda Charléus li t'ap fè NS3, Tout sa, paske yo te kanpe machin li te ye an, li pat kanpe tou swit, Yo Vide Bal 😪

Sa fè plizyè ensidan konsa ki rive avèk PNH lan, li lè li Temps pou nou responsabilize polisye yo, pou konnen lavi enpòtan, moun pa poul, li lè li temps pou Akademi polis lan strik ak sou "Pwoteje ak sèvi" an,
nan okenn peyi nan monde lan, yo pa deside krible yon machin ak bal jis paske yo di li kanpe, gen plizyè rezon ou ka kanpe yon machin, li pa kanpe ki pa depann de Chofè an...
Ann di Chofè an ta distrè li pa wè ?
Ann di li ta ap evite yon kolizyon ?
Ann di frein machin sila ta deside pa mache ?
Ann di moun sa senpleman pa gen lisans ?
Ann di asirans li fini li pè kontravansyon ?
Eske moun sa merite mouri pou sa sèlman🤔
menm lè yon moun nan machin sila ta tire sou polisye yo, nou pa ka replike toutotan nou pa gen kontwòl si tout moun nan machin lan se bandi, si se tout ki reprezante yon danje! , nou pa jwenn ni zam, ni anyen dwòl nan machin lan, kounya pou ti lèzanj Sa pèdi lavi li konsa ! Kòm si la nou pa gen radyo kominikasyon pou alète lòt polisye pou al bare wout ak yon machin nou kanpe ki ale pandan nap pouswiv li ?
Sijè sa dwe fè deba nan sosyete an,
Gen tout mwayen ou kanpe yon machin san kew pa retire lavi moun ki ladann yo !
Ke leta dedomaje fanmi viktim lan,
ke lajistis fè travay li,
ke PNH lan Pi Strik sou konpòtman sa yo ki inadmisib...

Nou menm Haïtien, nou  pa bezwen twòp poun viv non 😪, sa dirijan yo pa janm arive konprann ke yo ka pran kè nou, depi yo...
01/05/2026

Nou menm Haïtien, nou pa bezwen twòp poun viv non 😪, sa dirijan yo pa janm arive konprann ke yo ka pran kè nou, depi yo ba nou minimum byennèt nou mande yo...🙌🏻

jèn enflyansè sa ki rele Mr Toussaint tap pase sou wout Ducis sou Torbeck - SUD,
Li rankontre yon ti granmoun ki rele Miss Rosa ki te trè janti Nan konvèzasyon li te genyen ak li, e li te jije enpòtan pou'l ede'l pa nenpòt mwayen, e Kay Granma se youn nan priyorite granma te genyen,
paske lapli ak solèy tap maltretel, li pa tap viv byen nan ti kay la jan nou wè li nan foto a

Mr Toussain te lanse yon gwo challenge sou Internet la pou te kapab rive jwenn mwayen pou Konstwi yon kay modèn pou Granma, gras randu a Dieu...
Piblik la te reponn pozitif e te sipòte'l nan pwojè a, non sèlman yon arive konstwi kay la, Piblik lan mete founiti andan kay la, yo ba li yon nouvo vie ke li te ka reve nan nenpòt peyi, 🔑 ..

Yon gwo bravo a tout ekip Mr Toussaint an ki te pèmet rèv miss Rosa reyalize..👏👏👏

Ane 2026 sa! Pye kout pran devan 🙏🏼3 Fevrier 2026 lan preske Rive wi moun Biden / TPS yo Leve pye nou 🤔Ou menm ki Etats ...
01/03/2026

Ane 2026 sa! Pye kout pran devan 🙏🏼
3 Fevrier 2026 lan preske Rive wi moun Biden / TPS yo Leve pye nou 🤔
Ou menm ki Etats Unis kap panse a Plan B
Pou'w ta al viv nan Peyi CANADA ou lòt peyi
Book yon RDV Jodi an menm a Spesyalis thetalentscoaching Consulting yo sou lien sa pou konseye'w / ede'w jere Dosye'w lan, Plas yo limite wi 🙌🏻 men lien an => https://calendly.com/thetalentscoaching/international-visa-relocation-consultation

Kite Pwofesyonèl ede'w a opòtinite nan lòt peyi ✅️
Tout dosyew, ap trete nan konfidansyalite, epi yo 100% sekirize...

BEDJINE VS RUTSHELLE KIYÈS KI TE PI FASHION ANE 2025 LAN ? (Yon atis se pa sèlman chante, se yon Package, pa bò isit nou...
01/03/2026

BEDJINE VS RUTSHELLE
KIYÈS KI TE PI FASHION ANE 2025 LAN ? (Yon atis se pa sèlman chante, se yon Package, pa bò isit nou souvan mize sèlman sou voix, san pran an konsiderasyon lòt aspè tankou Fashion ki se yon eleman enpòtan nan Package yon atis, Mwen vle mete limyè sou aspè sa, e mpa vle fèl poukòm, mvle fèl ak piblik la an jeneral)
Like / Kòmante

12/26/2025

M'pa ka ri 😂
sa ap rive anpil Haitien wi... 😂😂😂

Address

239 301 Boulevard East Unit H
Florida City, FL
34208

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Michel Myc Cooper posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Michel Myc Cooper:

Share