T-Zen Haïti

Call Directions Website Contact the business

T-Zen Haïti T‑Zen se yon platfòm medya ak kominikasyon ki enfòme, edike epi konekte kominote ayisyèn nan. Si w pa jwenn enfòmasyon bezwen an n ap ajoute l pou ou.

Nou pataje nouvèl, analiz ak entèvyou sou edikasyon, travay, biznis, migrasyon, rezo ak kilti ayisyèn, ann Ayiti kou nan dyaspora. Kriz imanitè yo se youn nan gwo koz fenomèn sosyal ki rele migrasyon an e okenn peyi, ni sosyete sivil, ni politisyen, ni antreprenè pa ta dwe inyore sa. Nan sans sa a, T–Zen la pou li ede kraze baryè move enfòmasyon migran yo ap konfronte nan peyi Etazini, Chili, Brezil, Meksik, Sen Domeng, elatriye. Paske jwenn bonjan enfòmasyon, se yon dwa ke tout moun genyen kèlkeswa nasyonalite l, ras li ak sitiyasyon ekonomik li nan kèlkeswa peyi etranje l ap viv la. Sa se pa motive n ap motive pou n kouri vinn viv Etazini Chili,Brezil, Meksik, Sen Domeng; men lè yon moun kite fanmi l, zanmi l ak peyi l swa pou rezon politik, ekonomik oubyen sekirite, se yon desizyon ki alafwa pèsonèl epi ki difisil. Nou rete kwè pa gen moun ki ilegal nan yon peyi paske migrasyon se yon dwa moun genyen. Se pou sa nou kreye platfòm T-Zen sa a ak tout aplikasyon mobil gratis sa a pou tout imigran Ayisyen ki bezwen oryantasyon, edikasyon, enfòmasyon pou entegre pi byen nan peyi kote vini an

T-Zen Platfòm enfòmatif pou imigran ak diaspora ayisyen. Si w bezwen oryantasyon sou Viza, Travay, Edikasyon,Biznis, Sante, Kay, elatriye sou Etazini, Chili, Meksik, Sen Domeng,elatriye, rete konekte ak T-Zen sou App la ak rezo sosyal yo :
• Abone a YouTube: http://www.youtube.com/c/TZen-migracion
• Swiv Facebook: https://www.facebook.com/tzencht/
• Instagram: https://www.instagram.com/tzen77/
• Twitter: https://twitter.com/Tzencht
• Web: https://tzen.cl/
• Tik Tok: https://vm.tiktok.com/ZMeUoAoYK/
Nou remèsye w deske ou gentan fè sa anvan ou kontakte nou.

10/12/2026

Medam yo kenbe HMI la nan Gòj! Felisitasyon Rutshelle pou bèl konsè sa! Se sa yo p at vle a.

10/11/2026

👀 Toujou kenbe yon je sou ènmi w yo, epi toude je w sou zanmi w yo.Paske se pa tout moun ki souri avè w ki swete w byen. 💭
— Otè enkoni

📢 OBAMACARE: CHANJMAN NAN ÈD FINANSYE POU IMIGRAN APATI 1YE JANVYE 2027Dapre HealthCare.gov, apati 1ye janvye 2027, pami...
10/09/2026

📢 OBAMACARE: CHANJMAN NAN ÈD FINANSYE POU IMIGRAN APATI 1YE JANVYE 2027

Dapre HealthCare.gov, apati 1ye janvye 2027, pami moun ki pa sitwayen ameriken, sèlman kategori sa yo ap kapab kalifye pou sibvansyon federal ki diminye depans asirans sante Obamacare:

✅ Rezidan pèmanan ki gen Green Card.
✅ Moun ki kalifye nan kategori legal “Cuban or Haitian entrant.”
✅ Migran COFA, ki soti nan Micronesia, Zile Marshall ak Palau.

Sitwayen ameriken yo kontinye kapab kalifye. Tout moun dwe satisfè lòt kondisyon pwogram nan, tankou kondisyon revni.

⚠️ ATANSYON: “Cuban/Haitian entrant” pa vle di tout Ayisyen oswa Kiben san papye. Se yon kategori legal espesifik ki kapab gen ladan kèk moun ki gen demann azil annatant, selon sitiyasyon yo. Azil ak estati refijye pa sinonim ak “ilegal.”

Lòt imigran ki gen prezans legal kapab toujou kalifye pou achte asirans sou Marketplace la, men san èd finansye federal sa yo apati 2027, si yo pa antre nan youn nan kategori ki kalifye yo.

👉 Anvan ou renouvle asirans ou pou 2027, mete enfòmasyon imigrasyon ou ajou epi fè verifye kalifikasyon ou ak Marketplace la oswa yon konseye enskripsyon sètifye.

🔗 Sous ofisyèl:
https://www.healthcare.gov/immigrants/immigration-status/

Find out what immigration statuses qualify for coverage in the Marketplace.

10/08/2026

Pou yon jounalis rete li mande yon fanm Eske l se yon bouzen? Peyi tonbe plat.

🎉 Joyeux anniversaire à notre compatriote belladérois Sammhy Joseph, qui a su laisser son empreinte dès sa jeunesse et c...
10/08/2026

🎉 Joyeux anniversaire à notre compatriote belladérois Sammhy Joseph, qui a su laisser son empreinte dès sa jeunesse et continue de servir la commune de Belladère.

Nous lui souhaitons santé, bonheur et réussite dans ses projets. Que cette nouvelle année de vie lui apporte de belles occasions de poursuivre son engagement au service de notre communauté !

📺 Une rubrique lui sera prochainement consacrée : « Sammhy Joseph, qui est-il ? » L’occasion de découvrir le parcours et les contributions de ce fils de Belladère.


Konbyen nan nou k ap  tann atis la
10/06/2026

Konbyen nan nou k ap tann atis la

10/06/2026

🚨🇭🇹 Pwosè Jovenel Moïse: Wilhelm Gaetjens temwaye sou dwòn ak machin lapolis

📽️ Selon plizyè jounalis k ap suiv pwosè a, Wilhelm Gaetjens, yon zanmi Dimitri Hérard, deklare se Hérard ki te mande l fè yon dwòn vole anlè kay Prezidan Jovenel Moïse, kèk minit apre asasina a.

Gaetjens temwaye pou yon dezyèm fwa, fwa sa a an pèsòn, devan tribinal federal Miami 🇺🇸, lendi 5 oktòb 2026, nan kad jijman Christian Emmanuel Sanon an. Avoka toude pati yo poze l anpil kesyon sou temwayaj li.

Dapre jounalis Jacqueline Charles, yon videyo dwòn yo prezante nan tribinal la montre machin Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) ki t ap deplase nan direksyon kay prezidan an a 2:10 nan maten.

10/02/2026

Lè w gen pwoblèm, eseye kenbe fèm pou w pa mande nenpòt moun èd.

10/02/2026

Fièrte !

Youn nan pi bèl jès Ayisyen parèy mwen yo fè! 🇭🇹👏Lè match la fini, anpil sipòtè ayisyen pran yon ti moman pou ranmase fa...
10/02/2026

Youn nan pi bèl jès Ayisyen parèy mwen yo fè! 🇭🇹👏

Lè match la fini, anpil sipòtè ayisyen pran yon ti moman pou ranmase fatra yo epi kite estad la pwòp. Se yon bèl jès ki montre respè pou kote a.

Fyète ayisyen se pa sèlman nan selebre viktwa, se nan bèl aksyon nou fè tou! 🇭🇹❤️

Address

Bradenton, FL
34207

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when T-Zen Haïti posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to T-Zen Haïti:

Shortcuts

Share