
09/05/2025
📅 Vandredi 5 Septanm 2025 Senmak an mouvman
👥 Depi byen bonè maten, vil Senmak ap bouje. Sitwayen k ap sòti Wo Senmak, Gwayavye ak Charèt deja pran direksyon vil la pou regle aktivite yo.
🛒 Ti machann yo
Nan mache kominal Senmak la, anpil ti machann gentan mete pwodui yo sou tab,yo pare pou reponn ak bezwen lavi chak jou.
🚐 Transpò piblik
Nan rue Jefra, estasyon Pòtoprens, tibus yo prezan.
Si w ap met tèt Monwi oubyen Akayè, kamyonèt yo ap monte-desann sou wout nasyonal la.
Pou moun k ap vwayaje nan Vale a (Ponsonde, Vila Lestè, Gonayiv), wout nasyonal nimewo 1 disponib, ak yon sikilasyon ki pi kalm pase jou nòmal yo.
💵 Ekonomi
Bank ak biwo transfè ouvri pòt yo, yap bay sèvis nòmalman ponp gaz yo louvri.
🏥 Enstitisyon piblik kou prive louvri pòt yo pou resevwa moun.
DOOPE MEDIA| DM