AFS Media Production

AFS Media Production Une voix crédible au service du public.

08/18/2026

Fòlib : kijan Angelot te fè viktim ?
Li rakonte tout detay nan video a :

08/18/2026

Enfo✍️l Nan lannuit vandredi 14 pou louvri samdi 15 dawout 2026 la, zòn Fòlib, nan Sen-Mak, te konnen yon moman tansyon apre plizyè kout zam te pete, sa ki te lakòz panik nan mitan popilasyon an. Ekip nou an te deplase sou plas pou chèche konprann sa ki te pase, rankontre kèk sitwayen ak yon moun ki te viktim nan ensidan an, epi verifye sitiyasyon an.

Tout detay yo nan video 📸 abaone

08/12/2026

Nan ki objektif blòdè Djeen remèt zam ?

#

08/12/2026

Enfo✍️l Latibonit | Manm otodefans Blòdè Djin denonse akizasyon sou li

Nan yon rankont ak laprès, madi 11 dawout 2026 la, Blòdè Djin, yon manm otodefans nan Latibonit, demanti akizasyon ki ta fè kwè li vann zam li te genyen e li te konn itilize nan batay kont gang yo.

Dapre Blòdè Djin, li te deja remèt zam sa yo. Li fè konnen li toujou rete angaje nan batay pou liberasyon Latibonit, e li swete wè yon batay serye ap mennen kont gwoup ame yo.

Blòdè Djin denonse tou menas li di li santi sou lavi li, li akize kèk manm nan kowalisyon an li pa fè konfyans.

Enfo ✍️l Nouvo pri pwodwi petwòl yo antre an aplikasyonMinistè Ekonomi ak Finans (MEF) ansanm ak Ministè Komès ak Endist...
08/11/2026

Enfo ✍️l Nouvo pri pwodwi petwòl yo antre an aplikasyon

Ministè Ekonomi ak Finans (MEF) ansanm ak Ministè Komès ak Endistri (MCI) anonse nouvo pri pwodwi petwolye yo sou tout teritwa nasyonal la, dapre rekòmandasyon Konsèy Konsiltatif la ki date 7 dawout 2026.

Apati jodi lendi 10 dawout 2026 la, gazolin ap vann 700 goud, dizèl 770 goud, pandan kerozèn, yo rele tou gaz blan, ap vann 765 goud nan ponp gaz yo.

Nouvo tarif sa yo konsène tout enpòtatè, distribitè ak konsomatè pwodwi petwolye yo nan peyi a.

AFS ✍️

Address

804 37th Avenue Dr E
Bradenton, FL
34208

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when AFS Media Production posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Shortcuts

Share