ALET ENFO

ALET ENFO Alèt Enfo
L'info claire, rapide et vérifiée. Actualités en temps réel. Restez informé sur l'essentiel de l'actualité nationale et internationale.
(5)

BADIO AK MÈSENÈ KOLONBYEN YO SOU WOUT POU YO EKSTRADE NAN PEYI ETAZINI JODI DIMANCH 20 SEPTANM NANDaprè enfòmasyon medya...
09/20/2026

BADIO AK MÈSENÈ KOLONBYEN YO SOU WOUT POU YO EKSTRADE NAN PEYI ETAZINI JODI DIMANCH 20 SEPTANM NAN

Daprè enfòmasyon medya tankou LSV Media ak Passion Info Plus rapòte, Joseph Félix Badio ansanm ak militè kolonbyen ki te nan prizon yo dwe kite peyi d'Ayiti jodi dimanch 20 septanm 2026 sa a nan yon avyon ameriken ki ap vin pran yo nan ayewopò Entènasyonal Okap pou mennen yo nan peyi Etazini.

Ajan nan inite espesyalize Nan Lapolis la tankou BRI, SWAT ansanm ak gwoup ajan penitansyè EPINES gentan eskòte akize yo jis nan ayewopò Okap la pou evite okenn deriv.

Ekstradisyon sa a fèt nan moman pwosè federal Christian Emmanuel Sanon an dwe kòmanse ofisyèlman lendi 28 septanm 2026 k ap vini an devan jij Jacqueline Becerra nan yon tribinal federal nan Miami, Florid.

Nan lis 57 temwen ki gen pou vin devan lajistis ameriken an, gen non ansyen premye dam Martine Moïse, pitit fi l Jomarlie Moïse, Joseph Vincent ak ansyen senatè John Joël Joseph.

SENATÈ JOSEPH LAMBERT ANONSE LANMÒ ANSYEN SENATÈ FRANÇOIS SILIDORDaprè sa plizyè jounal ak radyo nan peyi d'Ayiti rapòte...
09/20/2026

SENATÈ JOSEPH LAMBERT ANONSE LANMÒ ANSYEN SENATÈ FRANÇOIS SILIDOR

Daprè sa plizyè jounal ak radyo nan peyi d'Ayiti rapòte, ansyen senatè Repiblik la, François Silidor, rann dènye soupi li. Se ansyen prezidan Sena a, Joseph Lambert, ki anonse nouvèl tris sa a bay piblik la.

Ansyen senatè Joseph Lambert konfime lanmò ansyen kolèg li nan Palman an, pandan l ap voye sempati l bay tout fanmi ak fanatik ansyen palmantè a.

Ansyen senatè François Silidor kite mak li nan palman an kote li te batay epi reprezante pèp la pandan plizyè ane nan lavi politik peyi a.

Ansyen kolèg palmantè, moun nan sosyete sivil la ak zanmi politik ap rann li yon dènye omaj pou sèvis li te rann peyi a.

LAPOLIS NAN NÒ ARETE YON AYISYANO-AMERIKEN AK YON GWO KANTITE MATERYÈL MILITÈ NAN MEN LLapolis Nasyonal d'Ayiti (PNH) na...
09/19/2026

LAPOLIS NAN NÒ ARETE YON AYISYANO-AMERIKEN AK YON GWO KANTITE MATERYÈL MILITÈ NAN MEN L

Lapolis Nasyonal d'Ayiti (PNH) nan depatman Nò peyi a fè yon gwo kout filè lè yo poze men sou sitwayen Ayisyano-Ameriken Claudin Sainvilus. Mesye te gen an posesyon l yon kantite ekipman taktik ak materyèl militè ki grav anpil.

Lapolis sezi plizyè plak balistik, jile taktik, mas gaz konplè, ak plizyè kamera monokilè ki gen vizyon pou moun wè lannuit, ansanm ak lanp pou zam 9 mm ak konbo lanp taktik.

Yo jwenn tou anviwon 2 chajè pou zam AR-15 ak chajè 5.56 mm, 2 pèl pliyant ak plizyè lòt zouti militè.Pami materyèl yo, lapolis jwenn tou plizyè pè bòt militè.

Pou kounye a, Claudin Sainvilus ap reponn kesyon nan men lapolis nan depatman Nò a. Jiskaprezan, otorite yo poko konnen ki kote materyèl sa yo soti ni ki jan yo fè rantre sou bout tè peyi a.

WOODENSKY PIERRE RETOUNEN NAN SELEKSYON NASYONAL LA SOU LOBETYANS NOUVO ENTRAÎNEUR DAVID BADIAApre kèk mwa li te pase sa...
09/19/2026

WOODENSKY PIERRE RETOUNEN NAN SELEKSYON NASYONAL LA SOU LOBETYANS NOUVO ENTRAÎNEUR DAVID BADIA

Apre kèk mwa li te pase san l pa t ap jwe ak ekip nasyonal la, Woodensky Pierre jwenn konvokasyon l pou l vin mete koule ble e wouj la ankò. Nouvo jwè ekip Forge FC a ap rantre nan gwoup seleksyonè David Badia chwazi pou jwe nan konpetisyon Ligue des Nations de la Concacaf la.

Avèk kalite fizik li ak kapasite l genyen pou l make gòl, Woodensky vin pote yon lòt touch nan atak ekip Ayiti a.

09/19/2026

Gen 2 bagay nou dwe siveye lè gen eleksyon:
Retou ansyen bouwo yo ak rive nouvo enkonpetan yo!
Analize avan n vote!

WILOT JOSEPH ANONSE NAN EMISYON AK GARRY PIERRE PAUL CHARLES L AP KANDIDA POU SENATÈ PLATO SANTRAL ANKÒPandan li t ap pa...
09/19/2026

WILOT JOSEPH ANONSE NAN EMISYON AK GARRY PIERRE PAUL CHARLES L AP KANDIDA POU SENATÈ PLATO SANTRAL ANKÒ

Pandan li t ap pale nan yon emisyon ak jounalis Garry Pierre Paul Charles sou Radio Télé Scoop, ansyen palmantè Wilot Joseph anonse ofisyèlman li pral poze kandidati l ankò pou pòs Senatè nan depatman Sant

Ansyen senatè Wilot Joseph konfime l ap rantre ankò nan kous elektoral la pou l ka al reprezante popilasyon depatman Sant la nan Sena Repiblik la.

Se sou platfòm Radio Télé Scoop, nan konvèsasyon li t ap fè ak jounalis Garry Pierre Paul Charles, ansyen palmantè a chwazi anonse nouvèl la .

Anons sa a fèt nan yon moman kote tout pati ak aktè politik yo ap kouri pou rantre nan kous la anvan dat limit 22 septanm 2026 KEP a te fikse pou enskripsyon yo rive nan bout li.

YON NOUVO KONTENJAN SOLDA TCHADIYEN DESANN NAN PEYI A POU RANFÒSE FÒS MILTINASYONAL LAFòs Miltinasyonal pou Sipòte Sekir...
09/19/2026

YON NOUVO KONTENJAN SOLDA TCHADIYEN DESANN NAN PEYI A POU RANFÒSE FÒS MILTINASYONAL LA

Fòs Miltinasyonal pou Sipòte Sekirite an Ayiti (GSForce / MMAS) ap kontinye gwo travay pou ogmante kantite moun ak fòs li genyen sou teren an. Misyon an fè konnen ofisyèlman yon nouvo gwoup sòlda ki soti nan peyi Tchad te ateri nan peyi d'Ayiti 17 septanm 2026 sa a.

Nouvo kontenjan tchadiyen sa a vin mete sou fòs ki te deja la yo pou ka ogmante kantite efèktif misyon entènasyonal la. Sòlda sa yo vin pote yon konkou men pou akselere fòs ak estrateji operasyonèl misyon an nan batay yap menen kont gwoup ame yo

Rantre nouvo militè sa yo gen pou objektif pou pèmèt fòs entènasyonal la akonpaye PNH ak FAD'H pi byen nan operasyon yo ap mennen pou reprann kontwòl teritwa bandi te oblije popilasyon an kite yo.

BILAN KIDNAPIN NAN BOIS-VERNA KONTINYE AP MONTE, OMWEN SENK ELÈV PAMI YO TWA TIFI KI SOTI NAN MENM FANMI YO KIDNAPEDaprè...
09/19/2026

BILAN KIDNAPIN NAN BOIS-VERNA KONTINYE AP MONTE, OMWEN SENK ELÈV PAMI YO TWA TIFI KI SOTI NAN MENM FANMI YO KIDNAPE

Daprè sa jounalis Lunie Joseph raporte sou kont li epi ki konfime pa Radio Galaxy, se omwen senk elèv ke kidnapè yo pati ak yo.

Moun ki te kwè se 2 tifi sèlman ki te viktim se omwen 5 elèv ke bandi yo pran, pami yo gen 3 tifi ki soti nan menm fanmi an.

Aksyon an pase egzakteman nan mitan ri Camelo ak ri Dufort, nan zòn Bois-Verna nan Pòtoprens.

Sa ki kreye gwo dout sou efikasite mezi gouvènman an te anonse yo, kote yo te pwomèt pou deplwaye plis pase 10 500 polisye pou pwoteje elèv yo.

PREMYE MINIS ALIX DIDIER FILS-AIMÉ TE DIRIJE YON RANKONT ESPESYAL AK ‘’ CSPN ‘’POU MANDE AKSELERE OPERASYON NAN KENSCOFF...
09/19/2026

PREMYE MINIS ALIX DIDIER FILS-AIMÉ TE DIRIJE YON RANKONT ESPESYAL AK ‘’ CSPN ‘’
POU MANDE AKSELERE OPERASYON NAN KENSCOFF AK GRESYE

Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé te dirije reyinion espesyal Konsèy Nasyonal Sekirite Piblik (CSPN) ki te chita sou zafè sekirite.

Moun ki fè pati CSPN yo te pran tan pou analize avansman ak rezilta operasyon fòs lòd yo ap mennen pou reprann teritwa bandi te anvayi yo, espesyalman nan komin Kenscoff ak Gresye.

Ranfòsman sa a gen pou objektif pwoteje lavi popilasyon an, mete lòd nan peyi a epi kreye yon bon anviwònman an sekirite pou sa k ap pèmèt òganize pwochen eleksyon yo.

RNDDH PIBLIYE YON RAPÒ KI REVELE OMWEN 164 MOUN JWENN LANMÒ NAN  MASAK GANG YO TE FÈ NAN KENSCOFF NAN MWA JIYÈ AK OUT 20...
09/17/2026

RNDDH PIBLIYE YON RAPÒ KI REVELE OMWEN 164 MOUN JWENN LANMÒ NAN MASAK GANG YO TE FÈ NAN KENSCOFF NAN MWA JIYÈ AK OUT 2026

Nan yon rapò ki bay anpil laperèz ke Rezo Nasyonal pou Defans Dwa Moun (RNDDH) pibliye madi 16 septanm 2026 sa a, yo mete deyò chif sou gwo masak gwoup ame yo te fè sou moun nan komin Kenscoff pandan mwa jiyè ak out ki sot pase yo.

Omwen 164 moun mouri, 23 moun blese epi yo kidnape 71 lòt moun pandan atak gwoup ame yo te fè sou abitan yo.

Nan mitan moun yo rive idantifye yo, gen 36 fanm, 7 timoun ak 21 granmoun ki gen ant 65 ak 90 lane sou tèt yo.

Gang yo boule yon pakèt kay ansanm ak anpil machin, sa ki fòse anpil fanmi kouri kite lakay yo san anyen nan men yo.

Òganizasyon dwa moun lan denonse mank aksyon gouvènman an ak fòs lòd yo pandan l ap mande operasyon rapid pou pwoteje popilasyon an ak zòn agrikòl Kenscoff yo.

Address

CORTEZ Road W LOT
Bradenton, FL
34207

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when ALET ENFO posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to ALET ENFO:

Shortcuts

Share