Lady Winie

Lady Winie MOM 👸🏾💞 | Lifestyle
Fashion content creator
Entrepreneur 📍NY

👇🏽Shop my favorites✨

eBook | Shop ⬇️

Pa gen pi bèl bagay pase yon Fanm ki gen konfyans nan tèt li.Se pa paske li panse li pafè. Se paske li konnen feblès li,...
08/22/2026

Pa gen pi bèl bagay pase yon Fanm ki gen konfyans nan tèt li.

Se pa paske li panse li pafè.
Se paske li konnen feblès li, li konnen sa ki ka blese l, epi olye li kite sa kraze l, li travay sou tèt li jouk bagay sa yo pa gen menm pouvwa sou li ankò.

Lè yon Fanm gen bon estim de tèt li, moun pa ka fasil sèvi ak ensekirite li pou kontwole l, fè l doute de tèt li, oswa detounen l sou chemen li.

Li ka tande kritik san li pa pèdi idantite li.
Li ka fè fas ak rejè san li pa santi valè li diminye.
Li ka pèdi moun san li pa pèdi tèt li.

Se la vrè fòs la ye.

Yon Fanm ki konnen kiyès li ye, ki konnen sa li merite, epi ki kontinye travay sou tèt li, difisil pou lavi mete do li atè.

Paske li konprann yon bagay enpòtan

Opinyon moun ka touche zòrèy li, men se li menm ki gen pou deside si l ap kite yo antre nan nanm li.

Travay sou estim ou.
Travay sou konfyans ou.
Travay sou sa ki konn fè w doute de tèt ou.

Paske jou ou aprann kanpe solid nan pwòp valè w, ou sispann bay lòt moun pouvwa pou defini kiyès ou ye. 👑

Fanm bezwen pale plis de LAJAN. Wi, lajan. 💰Mwen remake gason pale de lajan anpil ant yo. Yo pale de biznis, envestisman...
08/21/2026

Fanm bezwen pale plis de LAJAN. Wi, lajan. 💰

Mwen remake gason pale de lajan anpil ant yo.
Yo pale de biznis, envestisman, salè, kredi, kay, machin, opòtinite, fason pou fè plis lajan… epi pèsonn pa wè sa tankou yon pwoblèm.

Men lè yon Fanm kòmanse pale anpil de lajan, pafwa yo prese rele l materyalis, yo di li twò renmen lajan, oswa se lajan sèlman li gen nan tèt li.

Men poukisa nou pa ta pale de li? 🤷🏽‍♀️

Lajan se pa tout bagay, men li touche prèske tout bagay nan lavi.

Lajan ka ba w plis chwa.
Li ka ede w pran swen pitit ou.
Li ka ede w bati yon biznis.
Li ka ede w soti nan yon sitiyasyon ou pa vle rete ladan l.
Li ka pèmèt ou envesti nan tèt ou, nan edikasyon w, nan avni w.

Mwen ta renmen wè plis Fanm chita ansanm epi mande youn lòt:

Kijan w ap fè lajan w grandi?
Nan kisa w ap envesti?
Kijan w ap amelyore kredi w?
Ki biznis ou vle kòmanse?
Kijan w ap prepare tèt ou pou retrèt?
Ki sa ou aprann sou lajan ke yon lòt Fanm ta dwe konnen?

Nou pale de relasyon.
Nou pale de rad.
Nou pale de bote.
Nou pale de moun. 😭😂

Ann pale de LAJAN tou.

Paske mwen vle wè plis Fanm ki pa sèlman konnen kijan pou yo depanse lajan, men ki konnen kijan pou yo fè li, jere li, pwoteje li, epi fè li grandi.

Pa gen anyen ki mal nan yon Fanm ki vle plis estabilite finansyè.

Fanm bezwen antre nan konvèsasyon sou lajan an tou. 💰

Vin pi strik ak lavi w. ✨Vin strik ak tan w.Vin strik ak lajan w.Vin strik ak limit ou.Vin strik ak moun ou bay aksè ak ...
08/20/2026

Vin pi strik ak lavi w. ✨

Vin strik ak tan w.
Vin strik ak lajan w.
Vin strik ak limit ou.
Vin strik ak moun ou bay aksè ak ou.
Vin strik ak abitid k ap kenbe w menm kote a.

Ou pa ka toujou ap di ou vle yon vi diferan, yon vrè chanjman, pandan w ap kontinye fè menm chwa ki te kreye vi ou pa vle a.

Pafwa grandi vle di
Di NON pi souvan, mache kite sa ki pa bon pou ou, depanse mwens, travay pi serye, pran repo , epi chwazi disiplin olye konfò tanporè.

Se pa tout bagay ki merite enèji w.
Se pa tout moun ki merite yon lòt chans.
E se pa tout anvi ou genyen ki merite yon wi tousuit.

Vin pi strik ak lavi w, paske lavi ou vle demen an ap mande yon vèsyon de ou ki konnen kijan pou l chwazi tèt li. 🖤✨

08/19/2026

They’ll call me a lucky girl when the success starts showing. ✨

Nou menm medam ki gen pitit yo, èske nou janm poze tèt nou kesyon sa aKi kalite moun pitit nou yo ap aprann pou yo vini ...
08/19/2026

Nou menm medam ki gen pitit yo, èske nou janm poze tèt nou kesyon sa a
Ki kalite moun pitit nou yo ap aprann pou yo vini pandan y ap gade fason nap viv?

Paske menm lè nou panse yo pa remake nou, yo ap gade nou.

Yo gade fason nou pale de tèt nou.
Yo gade sa nou tolere e sa nou gen pasyans ak kelkeswa sitiyasyon an.
Fason nou konpòte nou devan yo.
Sa ki ap soti nan bouch nou.
Yo gade fason nou jere lajan, relasyon, rèv ak desizyon nou.
Yo gade si nou toujou ap mete tèt nou an dènye, oswa si nou gen kouraj pou nou bati yon meyè vi de sa nap viv la.

Nou ka ba yo tout bèl konsèy nan mond lan, men souvan se egzanp nou ki rete pi fò nan tèt yo.
Pa bliye timoun aprann ak aksyon ke w fè devan yo chak jou, pa avèk pawòl.

Yon jou, yo pral grandi epi yo pral fè fas ak menm kalite chwa lavi mete devan nou jodi a.

Se poutèt sa, ann sonje sa:

Nou pa bezwen pafè devan pitit nou. Men nou dwe fè atansyon ak sa nou fè parèt nòmal devan yo.

Paske san nou pa menm rann nou kont, nou ka ap anseye yo swa pou yo limite tèt yo… oswa pou yo kwè yo kapab reve, bati, rekòmanse epi vle plis pou lavi yo.

Gen yon bagay mwen aprann pandan m ap grandi: se pa tout moun ki admire w ki vrèman kontan pou ou.Gen moun ki poko fin d...
08/18/2026

Gen yon bagay mwen aprann pandan m ap grandi: se pa tout moun ki admire w ki vrèman kontan pou ou.

Gen moun ki poko fin dekouvri kiyès yo ye.
Yo poko konnen style pa yo, direksyon pa yo, sa yo kwè ladan l, oswa kalite lavi yo vle kreye.
E lè yon moun konsa rete twò pre w, pafwa san yo pa menm rann yo kont, yo kòmanse pran ti moso nan ou pou konstwi tèt pa yo.

Yo renmen jan w abiye.
Yo kòmanse abiye menm jan.

Yo renmen fason w panse.
Menm pawòl ou yo, kòmanse soti nan bouch yo.

Ou pale de yon pwojè… yon ti tan apre, ou wè menm lide a ap pran fòm yon lòt kote.

Nan kòmansman, ou ka rele sa inspiration.
E pa gen anyen ki mal ak enspire moun.

Men gen yon diferans ant yon moun ki pran enspirasyon nan ou epi ki toujou rete ak menm idantite li, ak yon moun ki ap etidye w paske li poko konnen kijan pou l egziste san li pa imite yon lòt moun.

Se youn nan rezon ki fè mwen aprann pa bay tout moun aksè ak tout bagay sou mwen.

Tout moun pa bezwen konnen pwochen mouvman mwen.
Tout moun pa bezwen konnen sa m ap prepare.
Tout moun pa bezwen konnen sa k ap pase nan lavi prive mwen.

Pafwa, silans se pa sekrè. Se pwoteksyon.

Aprann obsève moun.
Aprann wè kiyès ki kontan wè w grandi, epi kiyès ki toujou bezwen fè menm bagay la apre ou.

Ou pa bezwen vin paranoya, ni wè konpetisyon nan tout moun.

Men ou dwe gen ase discernment pou w konnen ke tout moun ki pwòch ou pa bezwen gen aksè total ak ou.

Kenbe kèk bagay pou tèt ou.
Travay an silans.
Epi kite rezilta yo pale lè lè a rive.

Gen yon bagay mwen vle di tout Fanm ki santi yo tankou yo pa janm satisfè ak yon lavi “nòmal.”Ou ka gen yon bon travay, ...
08/17/2026

Gen yon bagay mwen vle di tout Fanm ki santi yo tankou yo pa janm satisfè ak yon lavi “nòmal.”

Ou ka gen yon bon travay, yon bèl kay,, bagay yo stab… men toujou gen yon vwa anndan w k ap di: “Non… se pa sa sèlman. Mwen fèt pou genyen plis toujou.”

E pafwa, pwoblèm nan se pa paske w ap echwe.

Pwoblèm nan se paske w twò alèz.

Ou ka nan zòn de Konfò ou e wap peye bill ou wi.
Men twòp konfò ka tou fè w dòmi sou potansyèl ou.

Lè w deside kreye yon lavi ekstraòdinè, ou dwe pare pou moun pa konprann ou.
Gen moun w ap depase.
Gen risk w ap oblije pran.

Y ap di: “Ou chanje.”

E repons ou se: Wi. Mwen te oblije chanje.

Paske vèsyon mwen ki te aksepte mwens lan pa t kapab bati lavi mwen merite a.

Donk si ou santi w pa anfòm kote ou ye a ankò. pa toujou panse se yon pwoblèm.

Petèt se siy sa kap montre w: ou fèt pou gen plis.
Kontinye travay sou potansyèl ou 👑🔥

08/16/2026

Night drives just hit different. There’s something about the city lights and good music that always clears my head. Who else loves a late-night cruise?

Fòs nan san mwen. Kouraj nan nanm mwen. Dife nan je mwen.Mwen pa bezwen fè bri pou prezans mwen pale. Mwen se FANM ki ko...
08/15/2026

Fòs nan san mwen. Kouraj nan nanm mwen. Dife nan je mwen.
Mwen pa bezwen fè bri pou prezans mwen pale.
Mwen se FANM ki konnen valè li, ki kanpe fèm, ki pwoteje sa ki pou li, epi ki pa bese tèt devan lavi.

Bèl, vanyan, fyè, epi enposib pou kraze.
Enèji 💙.

Mwen pito fè pwòp lajan mwen pase pou m viv yon vi kote yon moun gen pouvwa pou l toujou raple m: “San mwen, ou pa t ap ...
08/14/2026

Mwen pito fè pwòp lajan mwen pase pou m viv yon vi kote yon moun gen pouvwa pou l toujou raple m: “San mwen, ou pa t ap genyen sa.”

Paske vrè liks la pou mwen se pa designer bag, gwo machin, ni vwayaj chè.
Vrè liks la se libète.

Libète pou pran desizyon pou tèt ou.
Libète pou di NON san ou pa pè kijan w pral manje demen.
Libète pou kite yon relasyon, yon kay, yon travay oswa nenpòt sitiyasyon ki retire lapè ou, paske ou konnen ou kapab pran swen tèt ou.

Se pou sa mwen kwè chak Fanm dwe aprann kijan pou l fè pwòp lajan pa l.

Se pa paske yon fanm pa bezwen lanmou.
Se pa paske li oblije fè tout bagay pou kont li.
Se paske gen yon kalite konfyans ou genyen lè ou konnen ou renmen yon moun, men ou pa bezwen pèdi tèt ou pou w kenbe li.

Lajan pa sèlman achte bagay.
Li ba ou chwa, vwa, sekirite ak kapasite pou w mache soti kote lapè ou pa rete ankò.

Pa janm mete tout siviv ou nan men jenerozite yon lòt moun.

Fanm, aprann fè pwòp lajan pa w. Paske endepandans finansyè se pa ògèy se PWOTEKSYON ak LIBÈTE. 👑

Address

Brooklyn, NY
11201

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Lady Winie posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Shortcuts

Share