Douvanjou Enfo

Douvanjou Enfo Douvanjou Enfo ,se platfòm ideyal pou enfòme w ,enfòmasyon nou yo trete e verifye

08/29/2026

Douvanjou Enfo mennen w nan football sou Pak Tine nan Luly

08/29/2026
Peyi Nòvèj an dèy apre lanmò wa Harald V, vandredi 28 dawout 2026, a 89 an. Li te monte sou twòn nan lane 1991 e li te d...
08/28/2026

Peyi Nòvèj an dèy apre lanmò wa Harald V, vandredi 28 dawout 2026, a 89 an. Li te monte sou twòn nan lane 1991 e li te dirije peyi a pandan plis pase 35 ane. Pitit gason li, Haakon, pran plas li kòm wa, pandan Ingrid Alexandra vin prensès eritye. Li vin premye nan liy siksesyon an.

Yon dekrè ki parèt nan yon nimewo espesyal jounal ofisyèl Le Moniteur, lendi 24 dawout 2026, fikse nouvo dispozisyon leg...
08/28/2026

Yon dekrè ki parèt nan yon nimewo espesyal jounal ofisyèl Le Moniteur, lendi 24 dawout 2026, fikse nouvo dispozisyon legal sou òganizasyon ane lekòl la ann Ayiti. Dapre tèks la, ane lekòl la dwe kòmanse premye lendi mwa septanm epi fini dezyèm vandredi mwa jiyè. Dekrè a presize : peryòd vakans, 2 semèn ki rezève avan rantre lekòl la se pou preparasyon administratif ak pedagojik, ansanm ak peryòd egzamen ofisyèl yo. Li bay Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl responsablite pou etabli kalandriye lekòl la chak ane atravè yon sikilè. Dispozisyon sa yo vize mete plis klète ak estabilite nan planifikasyon ane lekòl la pou lekòl, pwofesè, elèv ak paran.

Otorite «Bahamas» yo voye tounen ann Ayiti, jedi 27 Dawout 2026 la, 116 sitwayen ayisyen apre yo te antre ilegalman sou ...
08/27/2026

Otorite «Bahamas» yo voye tounen ann Ayiti, jedi 27 Dawout 2026 la, 116 sitwayen ayisyen apre yo te antre ilegalman sou teritwa peyi a. Gwoup la gen ladan l 79 gason, 33 fanm ak 4 minè. Yo te kite Ayewopò Entènasyonal Lynden Pindling nan «Nassau» abò yon avyon Bahamasair, pou ale Okap. Dapre Depatman Imigrasyon Bahamas, operasyon an antre nan kad kontwòl migratwa peyi a ap ranfòse pou fè respekte lwa sou imigrasyon. Otorite ayisyen yo te resevwa migran yo depi yo rive.

Anviwon 70 Ayisyen dwe rive nan ayewopò Entènasyonal Kap Ayisyen jounen jedi 27 Dawout 2026 la sou yon vòl depòtasyon IC...
08/27/2026

Anviwon 70 Ayisyen dwe rive nan ayewopò Entènasyonal Kap Ayisyen jounen jedi 27 Dawout 2026 la sou yon vòl depòtasyon ICE Air GXA6196. Avyon an soti Alexandria, Lwizyàn, pase Miami, Florid, epi pou antre Ayiti. Se dezyèm vòl depi fen TPS la, apre plis pase 160 Ayisyen te retounen 20 out la.

Ansyen Pwotektè Sitwayen an, Me Renan Hédouville, jwenn arestasyon li Etazini ayè mèkredi 26 dawout la pandan li t ap fè...
08/27/2026

Ansyen Pwotektè Sitwayen an, Me Renan Hédouville, jwenn arestasyon li Etazini ayè mèkredi 26 dawout la pandan li t ap fè demach pou regilarize sitiyasyon li sou plan migratwa. Arestasyon sa a rive nan yon kontèks kote non li deja asosye ak yon dosye lajistis ann Ayiti. Inite Lit Kont Koripsyon (ULCC) te mete li anba akizasyon pou plizyè zak prezime, pami yo detounman lajan piblik, pase kontra piblik ilegalman ak blokaj fonksyònman lajistis. Hédouville te fè objè yon avi rechèch otorite ayisyèn yo te lanse. Dapre yon sous ki byen enfòme, sèvis imigrasyon ameriken yo ta ka depòte li ann Ayiti nan jou k ap vini yo.

Òganizasyon Pèp K ap Lite (OPL) pran pozisyon apre dènye masak bandi Viv Ansanm fè nan komin Kenskòf nan lannwit 23 pou ...
08/27/2026

Òganizasyon Pèp K ap Lite (OPL) pran pozisyon apre dènye masak bandi Viv Ansanm fè nan komin Kenskòf nan lannwit 23 pou louvri 24 Dawout 2026 la. Nan yon deklarasyon li pibliye, pati politik la kondane atak gang ame yo epi mande otorite yo pran mezi ijan pou pwoteje popilasyon an. Dokiman an pote siyati Kétel Jean-Philippe, kowòdonatè jeneral a.i. OPL la. Pati a mande ranfòse prezans Lapolis Nasyonal d Ayiti, bay fòs ki la pou konbat gang yo mwayen pou fonksyone epi mete an plas yon plan sekirite ki klè. OPL mande tou asistans pou viktim yo, retou moun ki deplase yo epi pouswit jidisyè kont moun ki responsab zak vyolans sa yo.

Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) ap chèche mete sou pye yon nouvo apwòch pou pèmèt Ayisyen k ap viv aletranje patisipe ...
08/27/2026

Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) ap chèche mete sou pye yon nouvo apwòch pou pèmèt Ayisyen k ap viv aletranje patisipe pi plis nan eleksyon peyi a. Depi 18 Dawout 2026, yon delegasyon KEP a, anba direksyon vis-prezidan Jaccéus Joseph, ap mennen yon misyon nan Chili ak Brezil pou etidye posiblite yon eksperyans pilòt sou vòt dyaspora a. Nan Chili, delegasyon an deja rankontre responsab gouvènman yo ansanm ak reprezantan Sèvis Elektoral peyi a (SERVEL). Diskisyon yo konsène koperasyon elektoral, fòmasyon pèsonèl ak kondisyon pou Ayisyen ki rete nan peyi sa yo patisipe nan pwosesis elektoral la.

Lapolis ak brigadye nan komin Akayè fè yon gwo kou kote yo entèsepte, samdi 22 Dawout la, yon machin ki t ap transpòte 2...
08/26/2026

Lapolis ak brigadye nan komin Akayè fè yon gwo kou kote yo entèsepte, samdi 22 Dawout la, yon machin ki t ap transpòte 20 bonbòn oksijèn nan lokalite Karyès. Bandi Taliban nan Monri te sezi bonbòn sa yo, ki te destine pou yon lopital e yo t ap voye yo al ranpli nan kapital la. Pou kounye a, bonbòn yo nan komin nan, pandan chofè machin nan ap reponn kesyon sèvis envestigasyon Lapolis.

Address

5141 CEDAR Drive
Columbus, OH
43232

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Douvanjou Enfo posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Douvanjou Enfo:

Shortcuts

Featured

Share