Maestro Samie

Maestro Samie Tout sur le Canada : Etudier, Vivre, Travailler Mentorat | Vlog |

For Business ONLY : [email protected]
(1)

Dezyèm entèvyou tonbe pou Job Marathon Canada 2025 la 🇨🇦Menm etidyant la jwenn envitasyon pou yon dezyèm entèvyou nan 3 ...
07/21/2025

Dezyèm entèvyou tonbe pou Job Marathon Canada 2025 la 🇨🇦

Menm etidyant la jwenn envitasyon pou yon dezyèm entèvyou nan 3 job nou te aplike ansanm yo (vandredi 18 jiyè nan aswè 😁)

Anpil fwa se yon oryantasyon ak akonpayman ou bezwen ! Sa pa yon pwoblèm si w pako konprann kijan nouvo peyi w ap viv la fonksyone !

Se egzakteman sa mwen kòmanse pwopoze ! Mwen ka ede w jwenn wout ou sou mache travay la menm si sa parèt konplike !

Premye entèvyou pou Job Marathon an tonbe ! 😊😊😊Etidyan sa a ap chèche travay depi lè li kòmanse etid li an septanm 2024 ...
07/21/2025

Premye entèvyou pou Job Marathon an tonbe ! 😊😊😊

Etidyan sa a ap chèche travay depi lè li kòmanse etid li an septanm 2024 nan vil Ottawa-Canada

Mwen kwaze ak li vandredi (18 jiyè) nan aswè. Nou aplike pou 3 djòb. 3 djòb etidyan (m ap eksplike nou aprè poukisa m aksantye sou sa)

Li ekri m yèswa dimanch la (20 jiyè) pou l anonse m li jwenn envitasyon entèvyou pou youn nan aplikasyon nou te fè yo 😁

Atansyon ! Etidyant sa pat manke anpil.
- Li te genyen yon bon cv men ki te merite adapte pou travay l ap chèche yo
- Li pat vrèman konnen ki kote pou l chèche travay - mwen ede l jwenn kote sa yo
- Mwen ede l fè aplikasyon yo.
- Nou aplike nan 3 travay ansanm. Pami yo nou fè yon lèt motivasyon ansanm tou
M ap kenbe nou okouran sou entèvyou a 😊

Mwen kòmanse voye email bay moun mwen seleksyone pou Job Marathon an Canada a🇨🇦 😁Mwen te di m ap kòmanse ak 5 moun. Pask...
07/20/2025

Mwen kòmanse voye email bay moun mwen seleksyone pou Job Marathon an Canada a🇨🇦 😁

Mwen te di m ap kòmanse ak 5 moun. Paske mwen vle bay yon akonpayman konplè.

Ak anviwon 140 kandidati, mwen deside kòmanse dirèk ak 10 moun. Mwen kontakte 5 deja. Mwen ap kontakte 5 lòt yo nan fen jounen an.

Pou rès moun yo, n ap jwenn yon akonpayman ki mwens dirèk. Sa vle di n ap jwenn videyo ak pòs ki montre nou fè CV nou, ki kote pou nou chèche travay, kijan pou n adapte cv nou, epi prepare entèvyou etc.

Malerezman nou p ap ka jwenn akonpayman dirèk kote m ap ka gade cv yo pou nou, patisipe nan reyinyon pou n aplike nan travay dirèk ak mwen.

M ap vini ak plis detay nan lòt pòs yo !

Sa mwen wè pandan m ap revize aplikasyon  yo pou “Job Marathon Canada” a 🇨🇦1- Anpil kandida pako genyen CV ki se premye ...
07/14/2025

Sa mwen wè pandan m ap revize aplikasyon yo pou “Job Marathon Canada” a 🇨🇦

1- Anpil kandida pako genyen CV ki se premye eleman nan chèche travay 📝

2- Anpil kandida genyen CV men yo pa adapte ak mache travay Canada a

3- Genyen plis gason k ap chèche travay pase medam yo. Men pa enkyete nou medam, n ap jwenn plas nou nan Marathon a 😊

4- Anpil moun ki pa Canada ranpli fòmilè a 😁 pandan m presize se sèlman moun ki Canada ki elijib 🙈

6- Mwen jwenn kèk bon CV tou 😁 Felisitasyon pou efò nou !

5- Li trè difisil pou m chwazi ti gwoup moun m ap kòmanse Marathon an 😩 men n ap jwenn nouvèl mwen nan pa lontan.

Nan ki vil ou branche marathon an ? Ekri non vil ou a nan kòmantè a 😊

Mwen resevwa plis pase 150 aplikasyon pou “Job Marathon” an 😊Depi w wè pòs sa a, konnen fòmilè a fèmen !M ap kontakte mo...
07/12/2025

Mwen resevwa plis pase 150 aplikasyon pou “Job Marathon” an 😊

Depi w wè pòs sa a, konnen fòmilè a fèmen !

M ap kontakte moun ki seleksyone yo nan semèn nan 😊

Sonje se ak yon ti gwoup m ap kòmanse paske mwen vle bay yon akonpayman total.

M ap bay plis detay nan pòs k ap vini yo 😊 Rete konekte ak paj la pou plis detay 😊

Si w ap viv Montreal, men yon bon opòtinite pou w vini danse sou rit mizik/dans tradisyonèl Ayisyen. Dat la : 20 jiyè 20...
07/10/2025

Si w ap viv Montreal, men yon bon opòtinite pou w vini danse sou rit mizik/dans tradisyonèl Ayisyen.

Dat la : 20 jiyè 2025
Adrès : 4040 Rue Montselet (Montreal)
Pou plis enfòmasyon, kontakte nimewo sa a : 514-718-3904

Mwen ap lanse yon “Marathon de recherche d’emplois” pou moun ki deja Canada epi ki gen otorizasyon travay. Mwen ap kòman...
07/08/2025

Mwen ap lanse yon “Marathon de recherche d’emplois” pou moun ki deja Canada epi ki gen otorizasyon travay.

Mwen ap kòmanse ak yon ti gwoup moun - pa anpil

M pap ka pran anpil moun paske se yon akonpayman konplè li ye. Mwen p ap ka travay ak anpil moun anmemtan.

Mwen jwenn anpil demand sou sa. M ap vini ak plis detay demen sou sa.

Si w ta renmen jwenn akonpayman mwen ekri “travay” nan kòmantè 😊

Kèk foto m te fè nan Otèl Olofson. Mwen santi m chanse paske m te gen chans pase yon ti tan nan otèl sa. Oloffson pa t j...
07/07/2025

Kèk foto m te fè nan Otèl Olofson. Mwen santi m chanse paske m te gen chans pase yon ti tan nan otèl sa.

Oloffson pa t jis yon otèl, se te yon espas kote kilti, istwa ak lanmou pou Ayiti t’ap viv.

Jodi a, mwen pataje memwa sa yo ak anpil tristès, men tou ak rekonesans pou sa li te reprezante.

Kesyon pou moun ki ap viv Canada epi ki gen otorizasyon travay. 🇨🇦1- Eske w Canada deja ak otorizasyon travay epi w p ap...
07/07/2025

Kesyon pou moun ki ap viv Canada epi ki gen otorizasyon travay. 🇨🇦

1- Eske w Canada deja ak otorizasyon travay epi w p ap travay??

2- Si wi, konbyen tan ou genyen san travay?

3- Poukisa w p ap travay?

Repoze anpè bèl fanm ! Nou nan mwa jiyè 2025, nou prèske di chak mwa nou resevwa nouvèl yon fanm Ayisyèn ki mouri e se p...
07/03/2025

Repoze anpè bèl fanm !

Nou nan mwa jiyè 2025, nou prèske di chak mwa nou resevwa nouvèl yon fanm Ayisyèn ki mouri e se patnè/mari/mennaj ki touye yo 😫

Medam, nou wè bagay yo ! Desizyon an dwe nan men nou ! Pinga nou rete nan relasyon toksik, ki genyen vyolans vèbal, vyolans fizik, vyolan sikolojik !

Tout tan nou chape poul nou pi bonè, nou plis gen chans sove !

Sispann di n ap fè yon ti rete toujou ! Sispann panse ou ka chanje gason vyolan !

Lavi bèl !

Kè m toujou fè “vap” chak fwa nou di “Samie ou dwe retounen vini konstui peyi w “ !Tan pou m ta okipe yon plas politik e...
07/03/2025

Kè m toujou fè “vap” chak fwa nou di “Samie ou dwe retounen vini konstui peyi w “ !

Tan pou m ta okipe yon plas politik epi se pozisyon m sa, m pito achte yon moso tè Brezil pou retrèt mwen : m ap jwe mizik, m ap pran plezi m, m ap rete bò lanmè 😩

M imajine kòman m tap parèt figi m pou m di “Ayisyen kouri kite Ayiti akoz pwoblèm ekonomik, epi ak gouvènman sa a, bagay yo kòmanse chanje “

Si mo yo te gen pouvwa, nou ta dwe trangle wi 😫

Se tris wi ! Si n te konn di granmoun yo echwe, moun sa a map gade la a pa granmoun ditou !

M tande se minis Ayisyen k ap viv lòt bò dlo yo wi 😫

P.S M pa gen okenn dwa sou foto sa a!

Address

Dafter, MI

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Maestro Samie posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Maestro Samie:

Share