08/03/2025
Bonjou ou bonswa!
Se toujou yon plezi pou Nou prezantew ribrik sa ki pale de Yon pèsonalite kap fè bagay pozitiv nan vil Gonayiv.
Jodya Nou vin palew de Jamessy Joseph alyas Jamessy HaΓ―ti.
Jamessy Joseph fet 19 fev nan lane 1995,li fet nan lopital gwomΓ²n epi grandi dubebou ,lΓ¨ li bon pou lekol li vin lekol gonayiv nan "chez madame "apre kindΓ¨ li te al fΓ¨ premye ane fondamantal kay adlΓ¨ volmy ,epi li te frekante kek lot kolej pou etid segondΓ¨β¦
Jamessy Joseph etidye refrijerasyon nan EPG.Jamessy Joseph Se yon jèn gason kap fòme Moun nan kominote a,li se Yon pwofesè,li toujou pran inisyativ pou òganize fòmasyon pou jèn yo nan vil la.
DP Jamessy Haïti ou Jamessy Joseph se yon òm medyatik kap fè yon bèl travay nan sektè medyatik la nan vil la.
Li tap pral komanse karyΓ¨ medyatik li byen bonΓ¨ nan laj 15 ou 16 zan, lΓ¨ sa li tap fΓ¨ 3Γ¨m segondΓ¨. premye fwa li pran mikro sete nan two nights show yon emisyon kite fet sou radyo Γvasion ,se lan li te fe premye staj li . AprΓ¨sa li te vin fe kΓ¨k emisyon nan plizyΓ¨ radyo nan vil la ,men se lΓ¨ li te konn achete :radyo new star, intrΓ©pide, Ozone . Nan Γ’ne 2016 li te tounen nan evazyon kise premye radyo li te kΓ²manse ,se la li tap pral montre tout kapasite li genyen pou radyo ,li fΓ¨ plis ke 4 lane apresa li pral travese nan radyo Satelite, la nou nan 2020 epi jiskaprezan li toujou nan satelite lap travay kom direktΓ¨ programasyon epi Jamessy HaΓ―ti se prezantatΓ¨ emisyon We play ki pase sou radyo satelite 100.5 MHz chak samedi ak dimanche 7h-9hpm.
Jamessy Joseph merite anpil lanmou ak respè nan kominote a pou tout bèl travay pozitif lap fè nan kominote.Lise Direktè programasyon Youn nan pi bon medya nan vil la kise satelite FM kap emèt sou 100.5 MHz..
Sete yon plezi pou mwn prezante Nou ribrik la pou Jodya,randevou lòt dimanch pou Yon lòt pèsonalite.
radio tΓ©lΓ© Diamant noir
l'incroyable
Joseph
radio tΓ©lΓ© volcan international