MELI MELO News

MELI MELO News Meli Melo News platform tout news

08/11/2026

FLASH: Majistra Saint Croix fè konnen Depi dirèktè tibikòs vin Mandel Otorizasyon pou l vann tibikòs lap aretel

🛑🛑OKAP an chantye an nou bat yon gro bravo pou majistra ke'm reyalize kap fè yon gro travay nan vil okap.. se moun ak karaktè ki fè peyi e se jan de moun sa yo sosyete a bezwen tou mwen swete batay majistra MICHEL SAINT CROIX kontinye fè wout li...

08/10/2026

🛑: Okap devlopman e reyabilitasyon selon majistra okap la kise MICHEL SAINT CROIX ki ap travay de konsè ak MSPP voye yon pinga bay ti machann kap vann konprime nan bourèt nan laye elatriye gen gro sò kap tann...

Nan opinyon pam mwen renmen travay majistra paske si nou vle fè peyi se granmoun poun met sou nou konsa na ramne yon ti kras respè ki fin pèdi nan entènasyonal la..

Joseph Michel Martelly kite antre ayiti pa lontan sa kote anpil moun tap veyike sou rezo te fè konnense pou eleksyon e g...
08/01/2026

Joseph Michel Martelly kite antre ayiti pa lontan sa kote anpil moun tap veyike sou rezo te fè konnense pou eleksyon e genyen menm ki tefè konnen ke ansyen prezidan paka kite ayiti..

Daprè jounal “Le nouvelliste", ansyen prezidan Michel Martelly kite Ayiti ayè jedi 30 jiyè 2026 la abò avyon komèsyal Sunrise Airways nan ayopò Okap Ayisyen. Jounal la presize ke Matelly pat fè gwo deklarasyon pandan l tap pare pou kite peyi a li senpleman di” Kite yo pale, yo te di m pati deja” ansyen majò jon Pati Tèt Kale a kite peyi a aprè anviwon 15 jou li pase Ayiti, li te antre Ayiti pou l te ka vin reponn kesyon lajistis nan kad ankèt otorite jidisyè yo di yap mennen sou asasina ansyen prezidan Jovenel Moise.

https://lenouvelliste.com/article

07/31/2026

Selon Jounalis VALERIO SAINT-LOUIS nap site : administration ameriken nan itilize dosye zak malonèt yon ti group ayisyen ap fè nan peyi a w konpòtman yo sou rezo yo vin lakoz anpil lòt ayisyen kap travay pezib nan peyi a ap soufri..

Li site poul di masi madi yo sou rezo a gen yon konpòtman inakseptab sou rezo sosyal yo vin fè yon enpak sou kominote a e anplis vin administration aktyèl la plis mwayen poul pini kominote ayisyèn nan...

Selon Jounalis la se yon ti minorite ki koz yon majorite ap soufri... Administration depòte anpil resòtisan ayisyen ki fè krim ak vyole lalwa nan peyi a. Depòte sa yo anpil depòte vyòl vyolans sou fanm, pou dwòg ak pote zam ilegal an tande plis detay ak VALERIO SAINT-LOUIS nan emisyon li sou Tele imaj...

Ayiti ensekirite!!Kote peyia ap fè fas ak yon batay antre Gang ame kap detwi popilasyon yon lòt kote andedan enstitisyon...
07/31/2026

Ayiti ensekirite!!
Kote peyia ap fè fas ak yon batay antre Gang ame kap detwi popilasyon yon lòt kote andedan enstitisyon leta pagen antant antre moun ki swadizan di yap sèvi e proteje ki finalman pa konn wòl yo vrèman..

Se yon nouvèl ki tris men kòm se yon spesyal tout bagay spesyal...

Yon Ajan BSAP tonbe anba katouch polisye BOID nan zòn Cupidon.

30 jiyè 2026,
Yon polisye (BOID) fizye yon BSAP ki rele Santelus Ferus ak plizyè bal nan tèt .

Dapè kèk sitwayen nan zòn nan sa ki ta lakoz lanmò Ajan BSAP la , e paske li tap fòse yon chofè ki Sou yon kamyon Pou li avanse pandan yo tap fasilite sikilasyon nan zòn Cupidon a koz yon dalo kap konstwi nan zòn sila, chofè tap fè ti ridikil epi Ajan an ta fè yon bal anlè ak yon Douz , ki jifle chòfè kamyon an nan bouch , se nan menm moman ajan BOID yo ta parèt epi mande BSAP la Pou desann Zam nan, li pa fèsa britsoukou youn ajan BOID ki te nan Backup lan ta vide bal sou ajan BSAP la,
Epi arete 2 lòt ajan ki sou plas Yon.

sitiyasyon kite kreye anpil kouri nan zòn nan. Kek moun te remake kiprezans majistra Fedner Admirable nan espas la, malgre sa anpil katouch tire Pandan prezans li a , ajan sekirite li yo te replike aprè anpil kout bal Polisye BOID yo tap fè chante. Pou kounya 2 Ajan BSAP yo sou kontwòl lapolis aloske sak mouri an nan mòg

07/29/2026

Okap: reyabilitasyon routyè Okap
Minis TPTC Almath fè konnen li pa janm bay manti. Li deklare li se youn nan ra minis ki reyisi fè yon wout ki trase, pandan li defann bilan li nan tèt Ministè Travo Piblik, Transpò ak Kominikasyon an.

07/28/2026

Selon Jounalis Loucko Desir etazini antanke grand pwisans pata dwe tout jounen ap pale de Haiti ke yo di kise peyi ki pi pòv nan emisfè a.

Nap site selon Loucko Desir etazini pata sipoze ap pale de ayiti sil yap ekspilse ayisyen kite ap viv lòtbòa e selon Loucko se paske gen yon bagay ki bon nan peyi a ki fè gouvènman ameriken peze souli.

Ann tande Loucko Desir nan maten deba emisyon li fè a.

Jèn demwazèl sa ke nou konnen sou nom sa kise ARIANA te al patisipe nan yon challenge an afrik ke yo rele HOUSE OF CHALL...
07/28/2026

Jèn demwazèl sa ke nou konnen sou nom sa kise ARIANA te al patisipe nan yon challenge an afrik ke yo rele HOUSE OF CHALLENGE ki se 2 afriken ki òganizel BOVAN AK JOJO kise yon komedyen trè koni sou rezo a e nan kominote ayisyèn nan tou.
Jounen jodia jèn sa ap pran batèm de fe li anba ti pèp nayif e emosyonèl sa, lè challenge sa 99% te mete tet ansanm pou te pouse Ariana genyen challenge la malgre sete yon bagay kite fèt antre tiktokè ebyen menm pèp sa ki tap sipotel la se menm yo ankò mwen sezi wè jan yap lapide l.

Mwen pèsonèlman mte gentan konnen Ariana tap rive nan kafou sa paske te gen yon egzanp ki pat twò lontan pase Chef Lyne dam an France kite patisipe nan challenge Guinness record plizyè jou ap fè manje san dòmi, malgre dam nan te fè bagay kite yon ensipòtab patapò ak tip de konpòtman li te genyen men reyaksyon pèp sa nan 2 ka sa yo li idantik.

Mwen swete paran Ariana pale l de reyalite pèp sa e mwen sim te fanmil kategorikman mtap fèl kite rezo a pou yon ti tan poul konsantrel sou projèl ak avnil paske menm pèp rezo sa ki ap voyew anlè a se yo menm ankò lèw pral tonbe ki pap atrap ou...✍️✍️✍️

Fè mesaj la rive jwenn Ariana🙌🇭🇹

07/28/2026

Si sete yon Argentine kite pran meyè jwè koup du mond san make yon Goal san fè menm yon grenn pas desiziv fanatik Bretugal yo tap di se Fifa kolangèt manman😀😀😀

Address

Denver, CO
80239

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when MELI MELO News posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Shortcuts

Share