10/02/2025
đŻď¸đŽđŻď¸Yon nèg ki plen fanm, ki ap mache kouche fanm pasi pala, pa panse w se yon matcho, ou se yon bwat giyon, yon bwat malediksyon ambilan ki ap mache (se menm pou yon fanm ki gen plizyè patnè seksyèl).
Chak moun ou kouche avèl, gon fizyon kifèt nan enèji oumenm ak moun sa yo kote enèji youn antre nan enèji lòt. Chak moun ou kouche avèl, ou melanje enèji w avèl, kote ka se pataj bon ou move enèji. Lèw vin kouche ak yon lòt moun, enèjiw te pran nan moun ou te kouche avèl avan an, ou transferel bay nouvo patnè a epi enèji pal vin jwen ou. Ou vin ap viv ak enèji plizyè moun andedanw kotew pèdi chemin de viw, ou vin ap viv yon destin ki pa pou ou.
Sèl modèl moun ki mèt ap kouche plizyè moun ki ap gen bon enèji avèl se vampi enèjetik yo. Ti visye, ti vòlè enèji yo ki chita ap kouche fanm sou kondisyon kote yo devèse tt malchans yo nan devan fi a epi yo rale limyè li. (Gen fanm ki fè sa tou menmsi ka sa minim).
Lè sa nèg sa ap viv sou enèji fi sa, li vin ap benefisye chans moun sa. Tout sa moun sa fè ap mache plop plop pandan ke fi a limenm, lavil pral vire devan dèyè.
Sèks se gwo rityèl li ye. Oumenm ki pansew alamòd kap mache foure afèw, ouvè pye w bay nempòt moun, lèw wè laviw chavire pa plenyen. Se ou ki pat pwoteje limyè sa ki andedanw lan ki koz ou nan saw ye a. Ou likide l nan vagabondaj oubyen ou pat rete vijilan, ou kite ti vampi bon sou ou.
Ou gen pouw goumen ampil, travay sou tèt ou ampil pouw mete w an eta pouw retwouve limyè sa.
Siw bezwen konn sa kap pase nan viw, kisa ki bloke w kifè w paka avanse. Ou bezwen konn si moun ki nan viw la se moun paw la, banm li liy pla men w pou ou. WhatsApp mwen nan (863) 535-5568
Ou bezwen konn Anj Gadyen w yo, lwa ki mache avèw. Ou bezwen konn ki valè karma ou vin peye, ekrim.
Ou bezwen pwodui cheve, ekrim.
Pa bliye pataje pòs la e like paj la pou plis konsèy sou spirityalite.