12/19/2025
⚽️🇭🇹 Ayè jedi a, nan komin Delma, nan kad premye fowòm Federasyon Nasyonal Konsèy Administrasyon Seksyon Kominal yo (CASEC), Premye minis Alix Didier Fils-Aimé te pwomèt ke, nan chak seksyon kominal, Leta pral mete yon televizyon ak pano solè, pou pèmèt tout Ayisyen suiv Koup di Mond lan.
Chèf Gouvènman an fè konnen li deja bay enstriksyon, depi kòmansman mwa janvye a, pou Gouvènman li a, atravè Ministè Enteryè a, kòmanse idantifye kantite televizyon ak kantite pano solè ki nesesè, afin pou tout Ayisyen, san eksepsyon, ka gade Mondyal la.
Li raple tou ke kolektivite teritoryal yo se baz aksyon gouvènmantal la. Pandan plizyè Ayisyen toujou pa fin konnen nan ki kondisyon yo pral sipòte ekip yo pandan Mondyal la — sitou lè Ayiti fè pati 19 peyi administrasyon Trump lan entèdi antre sou tè ameriken — Premye minis la asire popilasyon an ke match yo ap disponib pou gade sou televizyon nan peyi a.
Alix Didier Fils-Aimé di li gen konfyans ke nan sis (6) mwa, tout seksyon kominal yo ap gen kouran elektrik, yon pwosesis ki, dapre li, te deja lanse depi Gouvènman li a antre an fonksyon nan novanm 2024.