08/01/2026
🇧🇷📌 Avni Vinicius Jr kapab ekri lwen ekip Real Madrid C.F. lan
Puiske Florentino Perez soumèt misye on dènye òf pou renouvèlman kontra li.
E se dènye an. Si l pa deside aksepte li.
Swa l pase sezon an sou ban epi pati gratis lòt sezon oubyen yap vann misye byen rapid.
Arsenal byen entèrese ak elye gòch brezilyen an. E menm prè pou l ofri l on gwo kontra ak on bon salè.
Vini vle gen kontwòl 80 pousan sou dwa imaj li ak 20 milyon ewo kòm salè.
On dosye nap suiv ak anpil enterè pandan mèkato sila.