Zye Gonayiv Ofisyèl

Zye Gonayiv Ofisyèl Nou se Zye lakay. Nap siveye. Kritike, felisite, Pwopoze, entegre tout sa kap fèt pou lakay Nou ki se Gonayiv.

09/20/2025

Repost:

*_Lajistis nan Gonayiv, prensipal responsab lanmò Tiwil_*

Eskew te konnen Se Juj *Marc-Athur Bien Aimé* ki te rann jijman an an favè Tiwil. Yon jijman ke Juj la te fè anndan lakay li. Genyen grefye *Romual Saint Louis *ki melanje nan dosye sila.

Fo Jijman sa a lakoz anpil dega nan zòn kanal bwa. Dwayen an gen responsabilite pal nan dosye sa a tou. Li dwe soti nan silans poul klarifye dosye sila. Aparèy jistis fèb anpil.

Jodia se moun ki te planifyé pou mete Tiwil nan dosye tè sa yo ki koz li pran modèl lanmò sa a. Jug AI, sou Doyèn Fonie ki te enplike nan bay siyati li pou TiWill antre nan dosyé tè sa a, nap di Mèsi anpil. Se malere ak malerèz kite toujou sibi anpil nan kanal bwa.
Kèk atoufè nan aparèy Jistis se manchann pwosè, machann jijman. Yo tout nan vann tè nan Gonayiv. Podyab kòmandan Tiwil ki te Nayif ki te aksepte yo metel nan dosye sila.

Jounen jodia anpil jounalis nan vil la konnen dosye sa a byen malerezman yo pè pale. Tout aparèy jistis la nan Gonayiv konsène. Anpil Jij ki enplike nan dosye vann jijman ak vann tè dwe jwenn revokasyon yo prese prese pou pita pa pi tris.

Tout moun konnen vrè eritye tè yon nan Gonayiv. Tout moun konnen kiyès ki met tè tout bon nan Gonayiv. Lajistis ak lapolis makonnen pou fè abi nan dosye sila. Men sak rive kounyè a akoz de koripsyon kap ravaje vil la.

*ZewoTolerans*

*Eske BI gen dwa rantre nan yon Lekòl maspinen direktè a ak tout yon pitit li epi san manda arete moun yo epi mennen yo ...
03/12/2025

*Eske BI gen dwa rantre nan yon Lekòl maspinen direktè a ak tout yon pitit li epi san manda arete moun yo epi mennen yo nan komisarya?*

_Gonayiv 11 Mas 2025_

Li te nan anviwon 1h nan aprè midi konsa, kèk Ajan *BI* sou lòd yon Pastè ki se Mercidieu Dorléan, vyole Espas Lokal IMPED kisa *Institution Mixte le Pédagogue* pou l arete pwopriyetè, direktè lekòl sa a ki se Enjenyè Romual Cazalès ke tout moun Gonayiv konnen sou non *Bos Kazo*. Ajan BI yo maspinen, maletrete direktè a ak tout premye pitit Gason epi mennen yo nan komisarya Gonayiv la pou tèt Pastè Dorléan ke direktè a te prete espas la pou tè met legliz li, vagabondaj *Pastè Dorléan* tap fè nan Lekòl la Kotel te vle met men sou kèk elèv minè nan 8è ak nan 9èm Ane, *Direktè Kazo* te oblije pa prete Pastè espas la pou te fè legliz ankò.

Aprè plizyè mwa depi Legliz Dorléan pa fonksyone nan espas la, Direktè Kazo ki se yon Evanjelis tou, nan sousi pou fasilite levanjil kontinye preche ta pral prete yon lòt Pastè Job ensikoni espas la pou met Legliz pa.

Ebyen byen bonè maten madi 11 Mas swadizan Pastè Dorléan debake nan Lekòl la vin fè ditektè Kazo esplikasyon kòm kwa li pat bay pastè Job espas la pou fè legliz. Poutèt Pastè Dorléan pouse Kazo 2 Gagann. Direktè a ki deja malad pat ka reyaji.

Moun nan katye a ki tap asiste oblije pase Pastè Dorléan kèk Pataswèl. Saw tande a Pastè a ki se L’ami de Lapolis, debake ak Ajan BI yo, vyole espas Lakòl la, san manda, yo savonnen Direktè Kazo ak kout kòf Zam ak tout ton pitit li ki te prezan epi arete yo mennen yon nan komisarya.

*Nap raplew ke Kazo se yon enjenyè elektronik ki travay pou anpil radyo nan vil la tankou nan tout peyi. Kazo se teknisyen Radyo MEGA, EVASION, SOURCE SPIRITUELLE, ak anpil nou pa site la yo nan Gonayiv.*

*_Nap egzije liberasyon direktè a prese prese_*

_Direksyon IMPED_

Yo fè yon ti kanpe sou travel otorizasyon yo men sa pap anpeche yon kontinye apwouve case yo.
08/02/2024

Yo fè yon ti kanpe sou travel otorizasyon yo men sa pap anpeche yon kontinye apwouve case yo.

04/02/2024

ENPÒTAN 🛑⚠️

03/28/2024

ANPIL VERITE🔥

Address

2000N Congress Avenue
Florida City, FL
33409

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Zye Gonayiv Ofisyèl posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Zye Gonayiv Ofisyèl:

Share