12/18/2025
MOUSSA Divòse ak Madanm li AMINATA akoz Yon TI Pete'l fè đ đ°
Anverite tem diw bagay la konplike ke sa,
Tem rakonte'w sa bagay la ye tout bon..
Sa pa gen 6 mwa, se pa ti bèl Maryaj non Moussa Ta pral bay Aminata,
yon bèl Peyizane ki leve ak 8 frè ak sè nan yon ti bout ajoupa ke paran yo tap bouske lavi ak yo,
yon jou maten, Moussa Sou bèl tèt machin li, tap pase nan zòn lakay Aminata,
machin li pran panne, plede fè kout fil sou kout fil, pyès mekanisyen pat ka rive a temps pou te depane'l, se Aminata ki tap monte desann nan aktivite li ki te wè Moussa nan menm pozisyon byen enève,
Ak yon bèl ti souri Aminata te apwoche'l pou mande'l si'l bezwen aide,
E te pwopoze'l pou youn nan frè li yo ki mekanisyen te vini ede'l si se panne machin li geneyen,
Lapoula, Aminata ta pral ede Moussa, rele frel vin edel, e menm t'al lakay li al prepare manje pot pou Moussa, pandan frè an tap depanel, ebyen, Moussa te tonbe an admirasyon pou Aminata pa jantiyès li, ak byenfezans li, li ta deside jou an fòl zanmi ak Aminata, ebyen menm joi an yo te tonbe zanmitay, jou ale, jou vini, 6 mois apre, Moussa pa wè kiyès poul tonbe damou,
se Aminata, malgre manman li pat vle wè Aminata, li te di Aminata pa klas Moussa,
li pap fin goumen poukont li san papa fè levasyon sèl grenn pitit li Moussa pou se nan kolonn fanmi sa yo pou'l al lagel, manman Moussa Te di Vyey pete je'l Moussa dwe koupe relasyon an, li pap al lage richès fanmi'l bay Aminata pye blanch fasil konsa, li menm di se Nan Maji Fanmi Aminata ta pran Pitit gason'l Moussa nan zafè machin tonbe anpan lan se te yon Ruse, yo bouche zyel..
Saw tande an Manman tonbe boule maji pou Relasyon kraze kay Sòsyè, men Damou pa konn Maji, se atò Mousa ak Aminata tap damou...
jiskaske sou 1 lane Moussa al Kay Aminata al mande Manman ak papa'l main Pitit fi yo Aminata, yo te dakò, Aminata te dakò, lapoula dat Maryaj tonbe,
Ebyen Jou maryaj la manman Moussa Pa mete pye, pifò Fanmi Moussa pat prezan, sèlman kèk zanmi li ki te vin asiste...
Manman te jire wè pa wè maryaj sa ap kraze kanmenm, li te kontinye ap boule Maji,
Ebyen pawòl pa pou nou, Jou Liy de myèl la
Nan hotèl la, Moussa Kouche anba yon gwo lèn ak Madanm li Aminata, Aminata pouse Moussa yon sèl Kout Pete, epil tonbe ri,
Moussa Vekse li di Aminata "kouman'w fè Kochon konsa machè, ou fon pete se dent ou yo wap griyen olye pou'w di mwen eskize, ou san Klas, ou san pidè...
Aminata reponn : saw louvri bouch ou di la, oh oh e konsaw te bourik, e Konsa'w bosal
Yon senp ti blag map fè avew, konsaw pran'l mal, oh sak pranw la,
Moussa di : An e ekspre'w fè, ou pete santi konsa anba yon dra nou kouvri, pou se mwen wap di bosal, pou se mwen ou twouve bourik, machè ou blèm, mpat pansew te maledve konsa, ou vreman raz
Aminata reponn li : Engra, an Pou ti sa la tout pawòl sa yo, e manman'w wi ki ap pran tèt ou, mpat gen foli marye ave'w non, se ou ki te pran pyew vin devan paranm pou pa few wont mte aksepte, sim te konnenw pa Cool konsa, mpatap fèw favè pran bag ou an
Moussa Reponn li : an e saw di,
Machè twòp pawòl fout dim eskize đĄ
Aminata di : se swa Jamè, ou gate sanm mpa nan eskiz avèw... li kwipe
Moussa voup li leve kite kabann Hotel lan,
li vire dos li, li ale, li pran direksyon kay manman li, li kite Aminata nan Hotel la...
Lel Rive kay manman, manman fè weeee
Men pitit gasonm, Moussa di manman ou te gen rezon manzè son Bourik, li esplikel sa ki pase an, manman di pitit gasonm manmanw te pale'w, Mèsi lwa yo, yo pa kitew pase nwit lan ak Amanita, se konnenw pa konnen ki mare yo te marew, men lapriyè manman pi fò tande pitit gasonm (rizèz la maji li tap boule)
Nan demen paran Amanita ak tout kolonn frèl yo debake kay Manman Moussa pou vin fèl esplikasyon, ebyen Manman Moussa pa resevwa yo, li kanpe nan tèt anlè toutouni pou lap di Fanmi an betiz, li di se fini, pitit li pa annafè ak Fanmi ki renmen Kras parèy yo, pitit li pa pral okipe Tout kolòn ekip football yo an, fanmi Amanita wont, vekse yo Vire dos yo ale, se konsa Divòs vin tonbe byen rapid, Koup Moussa Ak Amanita divòse
Pawòl pa kache, chwichwichwi, sou 2 lane
Moussa Vin konnen manman'l tap boule Maji pou te kraze ni relasyon, ni maryaj li ak Aminata, yo ta fè'l konnen se pousib ki fè sa rive konsa, li fè gwo diskisyon ak manmanl, li fache li fè malèt li, li kite kay la,
Jou pase li konvenk tèt li plizyè fwa fok li al kay Aminata pou eskizel pou sak te pase an e mandel Padonel, mande fanmi an padon pou manman an, ebyen domaj, lèl rive li jwenn Aminata Fou, li bèbè, Aminata Pa rekonèt Moussa, Dlo pran koule nan je Moussa, li voup li pran Machin li poul tounen kay manman pou li al di li jan li detwi Vi li, nan fè eksè vitès, Mousa plonje nan yon falèz, machin lan boule avèl, lè Lapolis kontakte manman pou anonsel nouvel ke pitit li fè aksidan, Kriz Kadjak pranl, kèl rete...
Konsèy pam pou Manman, papa de nos jours yo, evite entèfere nan relasyon Pitit nou yo lè yo grand, gon laj Pitit ou rive, ou pa gen pouw ap enpozel chwa, ou ka konseye li, men pa goumen ak yo pou di se saw vle an kap pase, toujou pran yon apwòch saj, evite fè maji pou twouble relasyon pitit nou yo, sa toujou fini mal ni pou fanmiw, pitit ou... â
Michel Myc Cooper